Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki sa m dwe konnen sou fimen ak sou sigarèt elektwonik?

Ki sa m dwe konnen sou fimen ak sou sigarèt elektwonik?

 “Kote m ap viv la, se yon bagay ki ra pou w jwenn yon moun ki gen pi piti pase 25 an ki pa t janm fimen ni sigarèt ki elektwonik e ki pa elektwonik.” — Julia.

Nan atik sa a

 Sa w dwe konnen

  •   Sigarèt touye moun. Nikotin, se engredyan prensipal ki nan sigarèt yo, se yon pwazon, sa vle di li pa bon pou sante w, e li fasil pou moun vin esklav li. Selon òganizasyon ameriken ki rele Centres de contrôle et prévention des maladies (CDC), “lè moun sèvi ak tabak, se youn nan pi gwo koz maladi ak lanmò nan monn nan moun te ka evite.”

     “Travay mwen se fè sonografi e m wè imaj sonografi ki montre move efè fimen gen sou pasyan yo. Mwen sezi wè jan venn moun ki te konn fimen prèske bouche. Kò m gen anpil valè pou mwen, se pou sa mwen pa fimen.” — Theresa.

     Èske w te konnen? Sigarèt gen anviwon 7 000 eleman chimik e anpil ladan yo pa bon pou sante moun. Chak ane, maladi tabak voye plizyè milyon moun anba tè.

  •   Sigarèt elektwonik yo gen eleman chimik ki pa bon pou sante moun. Lè moun sèvi ak sigarèt elektwonik, oswa yo fè vapè, sa ka ba yo pwoblèm nan poumon yo e sa ka menm touye yo. Epitou, menm jan ak sigarèt, anpil pwodui yo fè pou moun fè vapè gen nikotin ladan yo. Gen yon dokiman sou sigarèt elektwonik ki fè konnen kòm nikotin se yon bagay ki fasil pou moun vin esklav li, li kapab “fè jèn yo vin esklav dwòg tou”.

     “Yo bay pwodui pou moun fè vapè yo gou sirèt, sa fè yo plis atire timoun ak adolesan. Gou a fè yo bliye danje fè vapè gen ladan l.” — Miranda.

     Èske w te konnen? Vapè ki gen nan sigarèt elektwonik yo, se pa jis dlo li ye. Yo gen kèk eleman ki pa bon, e souvan, eleman sa yo gen pwodui chimik k al nan poumon moun.

 Danje ki genyen nan fimen ak nan fè vapè

  1.  1) Li fè sèvo a pa ka travay byen, li fè moun nan pa ka konsantre e l fè l chanje tanperaman souvan, sitou jèn yo paske sèvo yo poko fin devlope

  2.  2) Li fè jansiv moun anfle e l fè dan yo gate

  3.  3) Li fè poumon moun nan anfle toutan e l bay pwoblèm kè

     Si moun nan te fè opresyon, opresyon an vin pi mal

     Li bay pwoblèm lestomak e l bay anvi vomi

 Sa w ka fè

  •   Chèche gen enfòmasyon. Pa annik kwè tout sa w tande, pa egzanp, yo di vapè pa gen danje ladan l e se yon bon bagay ki ka fè moun bliye pwoblèm. Fè rechèch pa w epi pran desizyon ki baze sou bonjan enfòmasyon ou jwenn.

     Prensip biblik: “Moun ki pa konprann anyen an kwè tout sa moun di, men, moun ki gen lespri a veye chak pa l fè.” — Pwovèb 14:15.

     “Lè w ap panse ak move efè sigarèt ki elektwonik e ki pa elektwonik genyen, ou wè se pa annik yon bagay moun fè pou yo amize yo, kontrèman ak jan vedèt yo e ak lòt jèn vle montre sa.” — Evan.

     Fè yon ti reflechi: Èske jèn k ap fimen yo oswa k ap fè vapè yo gen kè kontan vre? Èske yo pi byen prepare pou yo fè fas ak pwoblèm y ap jwenn kounye a e ak pwoblèm y ap jwenn pi devan? Oswa èske se pa plis pwoblèm y ap rale sou tèt yo?

  •    Chèche jwenn bon fason pou w jere pwoblèm ou. Kèk bon bagay ou ka fè pou tèt ou pa chaje twòp, se lè w fè aktivite ki pi bon pou ou. Pa egzanp, ou ka fè egzèsis, li oswa pase bon moman ak zanmi k ap ankouraje w. Si w fè sa, w ap gen anpil bon bagay pou w reflechi sou yo, e w pap anvi fimen.

     Prensip biblik: “Tètchaje yon moun genyen fè kè l vin lou, men, yon bèl ti pawòl fè kè l kontan.” — Pwovèb 12:25.

     “Gen moun ki panse fimen sigarèt ki elektwonik e ki pa elektwonik ap ede yo ak tètchaje. Si moun sa yo jwenn soulajman nan bagay sa yo, se sèlman pou yon ti tan, men, move efè y ap jwenn yo ap dire tout rès vi yo. Gen pi bon fason pou moun jere tètchaje yo genyen.” — Angela.

     Fè yon ti reflechi: Ki kèk fason ou menm ou ka byen jere tètchaje ou genyen? Si w bezwen èd, gade atik “Kòman w ka jere strès?” nan seri “Kesyon jèn yo konn poze?”

Lè yon moun konte sou bagay ki ka fè yo vin esklav pou yo jere tètchaje yo genyen, se kouri pou lapli tonbe nan gran rivyè, sa vle di se pi mal l ap fè pwoblèm yo vin pi mal!

  •    Prepare w pou w reziste anba presyon lòt jèn ap fè sou ou. Se kapab kamarad lekòl ou k ap fè presyon sou ou, oswa menm nan detant w ap pran, ou jwenn presyon pou w fimen. Souvan, fim yo, emisyon televizyon yo ak rezo sosyal yo montre fimen ak fè vapè se yon bagay ki amizan.

     Prensip biblik: “Moun ki gen matirite […] antrene kapasite yo genyen pou yo konprann nan afòs yo sèvi avè l.” — Ebre 5:14.

     “Lè m te lekòl, gen anpil jèn ki te respekte m paske m pa fimen ni sigarèt ki elektwonik, ni sigarèt ki pa elektwonik. Apre m te fin fè yo konnen mwen pap ni fimen, ni fè vapè, gen nan yo ki te konn menm defann mwen. Donk, menmsi sa parèt dwòl, lè w fè konnen pozisyon w, sa ka yon pwoteksyon pou ou.” — Anna.

     Fè yon ti reflechi: Èske w ka rive reziste anba presyon lòt jèn ap fè sou ou? Èske w sonje kèk sitiyasyon kote w te fè sa? Si w bezwen èd nan sans sa a, gade atik “Fich aktivite” nan chapit 15 liv Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, Volim 2.

  •   Byen chwazi zanmi w. W ap mwens anvi fimen sigarèt ki elektwonik oswa ki pa elektwonik si w gen zanmi ki fè menm chwa avè w.

     Prensip biblik: “Fè zanmi ak moun ki gen konesans, ou menm tou w’a vin gen konesans. Fè zanmi ak moun ki san konprann, ou nan pwoblèm.” — Pwovèb 13:20, Bib la.

     “Lè w fè zanmi ak moun ki gen bèl kalite tankou metriz ak fidelite, sa ede w anpil. Lè w wè bon rezilta yo jwenn, sa ap ankouraje w pou w fè menm jan avèk yo.” — Calvin.

     Fè yon ti reflechi: Èske bon zanmi w yo soutni efò w ap fè pou w mennen yon vi ki pwòp e ki bon pou sante w, oswa èske yo fè l difisil pou w fè sa?

 E mariwana?

 Gen anpil moun ki di mariwana pa bay pwoblèm. Men se manti!

  •   Jèn ki fimen mariwana gen anpil chans pou yo vin esklav li. Etid ki fèt yo montre mariwana ka andomaje sèvo moun ki pran l yo yon fason ki pa ka repare, e sa menm ka fè moun nan pèdi nan entèlijans li.

  •   Gen yon òganizasyon Ozetazini ki okipe l de dwòg ak sante mantal, (U.S. Substance Abuse and Mental Health Services Administration), ki fè konnen “rechèch montre moun ki fimen mariwana gen plis chans pou yo gen pwoblèm ak moun, pou yo pa byen travay lekòl, pou yo pa byen reyisi nan domèn pwofesyonèl e pou yo pa satisfè ak lavi yo”.

     “Sa k te fè m anvi fimen mariwana, se sitou paske mwen te vle soulaje tèt mwen. Men, lè m te vin panse li te ka fè m vin esklav li, tout kòb mwen t ap gen pou m depanse ladan l ak move efè li t ap gen sou sante m, mwen te vin wè fimen mariwana t ap fè m plis tò.” — Judah.