Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki sa m ka fè si y ap fè tripotay sou mwen?

Ki sa m ka fè si y ap fè tripotay sou mwen?

 Rezon ki fè sa bay lapenn

 Gen moun ki fè tripotay nan entansyon pou blese lòt moun. Pa egzanp, yo ka bay yon manti pou sal repitasyon w. Sepandan, menmsi tripotay la pa tèlman grav, li ka blese w, sitou lè se yon moun ou te panse ki pwòch avè w k ap gaye l! — Sòm 55:12-14.

 “M te vin aprann gen yon zanmi ki t ap pale sou do m, li t ap di m pa bay lòt moun regle anyen pou mwen. Sa te fè m mal anpil! M pa t ka konprann rezon ki fè l t ap di yon bagay konsa.” — Ashley.

 Verite: Kit moun k ap fè tripotay la se yon bon zanmi w oswa l pa zanmi w, li pa bèl ditou lè w tande lòt moun ap di move bagay sou ou.

 Move nouvèl: ou pa ka toujou anpeche sa rive

 Moun fè tripotay pou plizyè rezon. Se kapab:

 Akoz yon enterè sensè. An jeneral, lèzòm enterese nan lòt moun. Donk, li toutafè nòmal pou n pale youn ak lòt (oswa youn de lòt). Anfèt, Bib la ankouraje n demontre yon nivo “enterè” pou lòt moun.  Filipyen 2:4.

 “Pa gen sijè ki pi enteresan pase pale de lòt moun!” — Bianca.

 “M admèt sa, nonsèlman m renmen konn sa k ap pase nan lavi lòt moun, men, m renmen pale de sa ak lòt moun tou. M pa konn poukisa, m jis pran plezi nan sa.” — Katie.

 Paske yo santi yo annuiye. Nan tan biblik yo, gen kèk moun ki te konn ‘pase tan yo ap rakonte oswa ap tande bagay ki nouvo sèlman’. (Tra. 17:21.) Se menm bagay la tou jodi a!

 “Pafwa, menm lè pa gen anyen espesyal ki rive, moun yo konn eseye envante yon bagay pou yo jwenn yon sijè pou yo pale.” — Joanna.

 Paske yo manke konfyans nan tèt yo. Bib la gen bonjan rezon lè l avèti n kont tandans pou n konpare n ak lòt moun (Galat 6:4). Malerezman, gen kèk moun ki fè tripotay pou montre yo gen konfyans nan tèt yo.

 “An jeneral, lè yon moun fè tripotay, sa montre yon bagay sou li. Byen souvan, sa montre nan fon kè l li anvye moun l ap fè tripotay sou li a. Yo gaye manti pou yo ka santi yo byen nan po yo, pou yo ka konvenk tèt yo yo pi bon pase moun nan.” — Phil.

 Verite: Kit ou vle kit ou pa vle, ap toujou gen moun k ap pale de lòt moun, san wete ou menm.

 Bon nouvèl: sa pap anpeche w viv

 Ou pap ka toujou anpeche yo fè tripotay sou ou, men, ou ka chwazi fason w ap reyaji. Si w aprann gen rimè k ap gaye sou ou, ou gen pou pi piti de opsyon.

 OPSYON 1: Inyore sa. Byen souvan, pi bon solisyon an se pa okipe sa, sitou si se pa yon bagay grav. Suiv konsèy Bib la: “Pa kouri fache.” — Eklezyas 7:9.

 “Gen yon rimè ki t ap kouri ki fè konnen m renmen ak yon jèn gason, yon moun m pa t menm konnen! Sa te tèlman pa gen sans, se ri m te annik ri sa.” — Elise.

 “Yon bon repitasyon se pi bon zam pou w lite kont tripotay. Menmsi gen yon move rimè k ap gaye sou ou, si w gen bon repitasyon, se kèk moun sèlman k ap kwè l. An jeneral, verite a toujou parèt aklè.” — Allison.

 Konsèy: Ekri: 1) sa yo di sou ou a ak 2) ki jan l fè w santi w. Yonfwa w fin ‘pale de sa nan kè w’, ou ka twouve l pi fasil pou w inyore sa. — Sòm 4:4.

 OPSYON 2: Al pale ak moun ki fè tripotay la. Nan kèk ka, ou ka santi yon rimè tèlman serye opwen l vrèman enpòtan pou w al pale ak moun k ap gaye l la.

 “Si w al pale ak moun k ap fè tripotay sou ou a, li ka vin aprann y ap toujou vin konn sa l te di a. Anplis de sa, ou ka rive met bagay yo klè e petèt menm regle pwoblèm nan.” — Elise.

 Anvan w al pale ak yon moun ki te fè tripotay sou ou, reflechi sou prensip biblik ki vin apre yo epi poze tèt ou kesyon ki mache ak yo a.

  •   “Yon moun ki kouri reponn anvan l tande sa yo di a, sa l fè a se bagay moun sòt.” (Pwovèb 18:13). ‘Èske m vrèman gen tout detay yo? Èske l posib pou moun ki te di m y ap fè tripotay sou mwen an te mal konprann sa l te tande a?’

  •   ‘Dispoze koute, pa prese pale, ni prese fè kòlè.’ (Jak 1:19). ‘Èske se bon moman pou m al pale ak moun ki fè tripotay la? Èske m sèten se pi bon fason m ka fè sa? Oswa, èske l pa t ap pi bon pou m kite yon ti tan pase yon fason pou m vin pi kalm?’

  •   “Trete lòt moun menm jan nou ta renmen yo trete nou.” (Mat. 7:12, Bib NET). ‘Si wòl yo te chanje, ki jan m t ap renmen pou yo vin pale avè m? Nan ki kad m t ap pi renmen pale de pwoblèm nan? Ki pawòl oswa ki atitid ki t ap bay plis rezilta?’

 Konsèy: Anvan w al pale ak moun ki fè tripotay la, ekri sa w konte di l la. Apre sa, tann youn oswa de semèn, reli sa w te ekri a, epi gade pou w wè si w pa ta renmen chanje kèk bagay. Anplis de sa, pale de sa w konte di a ak youn nan paran w yo oswa ak yon zanmi ki gen matirite, epi mande yo sa yo panse.

 Verite: Menm jan ak anpil bagay nan lavi a, tripotay se yon bagay ou pa ka toujou kontwole. Men, sa pa vle di pou w kite l kontwole w!