Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Jis nan ki pwen m montre m responsab?

Jis nan ki pwen m montre m responsab?

 Evalye tèt ou!

  •  Mwen.... toujou, souvan, kèk fwa, oswa pa janm

    •  onèt

    •  fyab

    •  a lè

    •  renmen travay

    •  òdone

    •  konn ede

    •  jis

    •  respektab

    •  gen sousi pou moun

  •   Kiyès nan kalite sa yo ki plis parèt lakay ou?

     Kontinye fè bon travay nan domèn sa a. — Filipyen 3:16.

  •   Ki kalite w bezwen travay plis lakay ou?

 Enfòmasyon ki vin apre a ap ede w amelyore nan domèn sa a.

 Ki lè w se yon moun responsab?

 Moun ki responsab yo ranpli obligasyon yo genyen lakay yo, lekòl yo ak nan zòn yo rete a. Yo rekonèt se yo ki responsab aksyon yo poze. Donk, lè yo fè yon erè, yo admèt sa, yo mande padon e yo eseye korije erè a.

 Bib la di: “Chak moun ap pote pwòp chay pa l.” — Galat 6:5.

 Poukisa m ta renmen vin yon moun responsab?

  Yon moun ki responsab se yon moun ki byen sèvi ak kapasite l genyen, e byen souvan, lòt moun respekte l. Yo trete l tankou moun ki gen matirite e l ap jwenn plis libète ak byenfè.

 Bib la di: “Èske w konn wè yon moun ki fè travay li byen? Se devan wa l ap kanpe.” — Pwovèb 22:29.

  An jeneral, yon moun ki responsab renmen bay e souvan li gen bon zanmi.

 Bib la di: “Pran abitid bay, e moun ap ban nou.” — Lik 6:38.

  Yon moun ki responsab se yon moun ki santi l akonpli yon bagay e ki gen yon fyète ki rezonab, yon seri bagay ki fè l vin gen plis konfyans nan tèt li.

 Bib la di: “Se pou chak moun egzamine sa l fè, e lè sa a l ap gen rezon pou l rejwi parapò ak tèt li sèlman.” — Galat 6:4.

 Ki jan m ka vin yon moun ki pi responsab?

 Pou ede w reponn kesyon sa a, gade deklarasyon ki vin apre yo. Kiyès nan yo ki pi byen dekri fason w santi w?

 “Sa pa bèl ditou lè yo trete w tankou yon timoun piti ki pa ka fè inèdtan san l pa rele manman l ak papa l pou l di yo kote l ye!” — Kerri.

 “Paran m yo souvan kite m soti ak zanmi m san pwoblèm.” — Richard.

 “Lè m gade sa lòt jèn parèy mwen ka fè, mwen di tèt mwen: ‘Waw! Poukisa paran m pa kite m fè sa?’ ” — Anne.

 “An jeneral, paran m yo kite m fè sa m vle. M rekonesan anvè yo pou libète yo ban m.” — Marina.

 Sa w dwe sonje: Gen jèn ki gen plis libète pase lòt. Ki sa k ka fè diferans lan?

 Reyalite lavi a: Byen souvan, nivo libète yo ba w la depann de kantite konfyans yo fè w.

 Pa egzanp, konsidere sa de nan jèn nou te site pi wo a di sou sa.

 Richard: “Yon lè paran m yo pa t fin kwè m ka byen sèvi ak libète yo ban m nan. Men kounye a, yo fè m konfyans paske m byen sèvi ak libète yo ban m nan. M pa bay paran m manti konsènan kote m prale oswa ak kiyès m prale. Anfèt, m souvan di paran m sa m ap fè san yo pa mande m.”

 Marina: “Pandan tout lavi m, m te bay paran m manti de fwa e yo te vin konn sa pandan toude fwa yo. Depi lè sa a, m toujou onèt ak paran m. Pa egzanp, m toujou ba yo detay sou sa m ap fè e m rele yo lè m soti. Kounye a, yo fè m plis konfyans.”

Ki sa w met an premye, travay nan kay la oswa divètisman?

 Èske w ta renmen yo trete w menm jan ak Richard ak Marina? Nan ka sa a egzamine tèt ou nan domèn ki vin apre yo:

FASON W VIV LAKAY OU

  •   Èske w fidèl nan fason w ranpli responsablite w gen nan kay la?

  •   Èske w strik nan fason w respekte paran w di pou w rantre nan kay la?

  •   Èske w trete paran w ak frè w ak sè w yo avèk respè?

 Kiyès nan pwen sa yo, si genyen, ou bezwen travay sou li?

 Bib la di: “Se pou nou obeyi paran nou.” — Efezyen 6:1.

EDIKASYON W

  •   Èske w toujou fè devwa w alè?

  •   Èske w fè bonjan efò pou w ka jwenn pi bon nòt?

  •   Èske w gen bon abitid pou etidye?

 Kiyès nan pwen sa yo, si genyen, ou bezwen travay sou li?

 Bib la di: “Sajès se yon pwoteksyon.” (Eklezyas 7:12). Yon bon edikasyon ap ede w gen sajès.

REPITASYON W

  •   Èske w onèt ak paran w epi lòt moun?

  •   Èske w byen jere lajan w?

  •   Èske w se yon moun yo ka konte sou li?

 Kiyès nan pwen sa yo, si genyen, ou bezwen travay sou li?

 Bib la di: “Abiye ak nouvo pèsonalite a.” (Efezyen 4:24). Ou ka amelyore pèsonalite w ak repitasyon w.

 Sijesyon: Chwazi yon domèn ou bezwen amelyore ladan l. Pale ak moun ki reyisi nan domèn sa a epi mande yo konsèy. Ekri kèk fason byen presi ou pral travay sou kalite sa a epi evalye pwogrè w fè pandan yon mwa. Ekri pwogrè w fè ak kote w pa t reyisi nan yon kaye. Note ki pwogrè w fè nan fen mwa a.