Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Monn nan chaje ak soufrans, men èske se Bondye ki lakòz sa?

Ki sa Bib la di?

Ki sa Bib la di?

Èske se Bondye ki fè gen soufrans?

Èske w t ap di...

  • Wi?

  • Non?

  • Petèt?

Men sa Bib la di

“Li enposib pou vrè Dye a aji ak mechanste, pou Toupisan an fè sa ki mal!” (Jòb 34:10). Bondye pa janm lakòz mechanste ak soufrans nou wè nan monn nan.

Ki lòt bagay nou ka aprann nan Bib la?

  • Se Satan Ledyab, “chèf monn nan”, ki prensipal responsab soufrans. — Jan 14:30.

  • Yon lòt rezon ki konn fè gen soufrans ak mechanste se move chwa moun fè. — Jak 1:14, 15.

Èske soufrans ap janm fini?

Gen moun ki kwè lèzòm ka elimine soufrans si yo mete tèt yo ansanm pou yo fè sa, tandiske gen lòt ki panse pa gen okenn espwa pou sitiyasyon monn nan amelyore nèt. E ou menm ki sa w panse?

Men sa Bib la di

Bondye pral elimine soufrans. “Pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò.” — Revelasyon 21:3, 4.

Ki lòt bagay nou ka aprann nan Bib la?

  • Bondye pral sèvi ak Jezi pou l elimine soufrans Dyab la lakòz yo. — 1 Jan 3:8.

  • Bon moun yo pral viv sou tè a pou toutan nan lapè. — Sòm 37:9-11, 29.