Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | FASON NOU KA PI BYEN PWOFITE LEKTI LABIB N AP FÈ

Ki jan Bib la ka amelyore lavi m?

Ki jan Bib la ka amelyore lavi m?

Labib pa yon liv konsa konsa. Nou jwenn anpil konsèy Kreyatè nou an ban nou ladan l (2 Timote 3:16). Mesaj ki ladan l lan kapab gen gwo enfliyans sou nou. Anfèt, Bib la di: “Pawòl Bondye a vivan e li pisan.” (Ebre 4:12). Gen de gwo fason li kapab amelyore lavi nou: depi kounye a li gide nou nan lavi nou chak jou epi li aprann nou konnen Bondye ansanm ak pwomès li fè yo. — 1 Timote 4:8; Jak 4:8.

Li ka amelyore lavi w depi kounye a. Labib kapab ede nou menm nan bagay ki vrèman pèsonèl. Li bay bonjan konsèy sou bagay sa yo:

Gen de moun nan zòn Azi ki te fèk marye, ki te vrèman apresye jan konsèy ki nan Bib la itil. Menm jan ak anpil moun ki fèk marye, yo te gen difikilte pou youn adapte ak pèsonalite lòt e yo te gen difikilte tou pou yo byen kominike youn ak lòt. Men yo te kòmanse aplike sa yo te li nan Bib la. Ki rezilta sa te bay? Vicent, mari a, te di: “Sa m te li nan Bib la te ede m fè fas ak difikilte nou te jwenn nan maryaj nou, toutpandan nou te kontinye demontre lanmou youn pou lòt. Lefètke nou te aplike sa ki nan Bib la, sa te fè nou byen viv ansanm.” Annalou, madanm li, te dakò ak sa tou, men sa l di: “Lefètke nou te li egzanp moun yo pale de yo nan Bib la, sa te ede nou. Kounye a, mwen santi kè m kontan e m satisfè ak maryaj nou e ak objektif nou gen nan lavi a.”

Li ka aprann ou konnen Bondye. Men yon lòt kòmantè Vicent te fè apre kòmantè l te fè sou maryaj la: “Lè m ap li Bib la, m santi m pi pwòch ak Jewova pase nenpòt lòt lè.” Sa Vicent di a montre yon bagay ki enpòtan anpil: Bib la ka ede w aprann konnen Bondye. Konsa, nonsèlman konsèy Bondye bay yo ap pwofitab pou ou men tou w ap wè w ka aprann vin zanmi l. Mete sou sa, w ap wè Bondye bay anpil detay konsènan yon bèl avni nou pral gen pi devan, yon moman kote nou pral benefisye “lavi toutbon an” k ap la pou toutan (1 Timote 6:19). Nou pap jwenn sa nan okenn lòt liv.

Si w kòmanse li Labib e w pa bay vag, ou menm tou w ap jwenn byenfè sa yo. Nonsèlman w ap amelyore lavi w depi kounye a, men tou, w ap aprann konnen Bondye. Sepandan, toutpandan w ap li Bib la, petèt w ap gen anpil kesyon k ap pase nan tèt ou. Lè konsa sonje bèl egzanp yon fonksyonè peyi Etyopi, ki te viv sa gen 2 000 an, ki te gen yon pakèt kesyon sou Bib la. Lè yo te mande l si li te konprann sa l t ap li a li te di: “Ki jan m ka rive byen konprann si pa gen yon moun ki ede m?” * Apre sa, li te kontan aksepte èd nan men Filip, yon moun ki te deja maton nan ede moun konprann Bib la, e ki te youn nan premye disip Jezi yo (Travay 8:30, 31, 34). Menm jan an tou, si w ta renmen konn Bib la pi byen, nou envite w ranpli yon fòmilè sou Entènèt sou sit www.ps8318.com la oubyen ekri nan youn nan adrès yo bay nan peryodik sa a ki pi pre lakay ou. Ou ka pran kontak tou ak Temwen Jewova ki toupre w yo, oubyen ou ka al nan yon Sal Wayòm ki toupre lakay ou. Sa w panse si w ta kòmanse li Labib jodi a menm epi w kite l ede w amelyore lavi w?

Si w ap mande tèt ou si w ka fè Bib la konfyans nèt, tanpri gade yon ti videyo tou kout ki gen tit: Ki jan nou ka sèten sa ki nan Bib la se laverite? Ou ka jwenn li si w al sou sit jw.org/ht, epi w gade nan PIBLIKASYON > VIDEYO > LABIB.

^ § 8 Pou w jwenn plis bon konsèy nan Bib la, al sou sit jw.org/ht. Gade nan SA BIB LA ANSEYE > REPONS BIB LA BAY.

^ § 11 Gade atik ki nan Toudegad sa a ki gen tit “Poukisa li enpòtan pou n byen konprann Bib la?