Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | LÈ W GEN YON MOUN PA W KI MOURI

Èske sa mal pou yon moun nan lapenn?

Èske sa mal pou yon moun nan lapenn?

Èske w te janm malad pou yon ti tan? Petèt, ou tèlman te refè vit ou prèske bliye jan sa te ye. Ebyen, lè yon moun nan lapenn se pa menm bagay la. Men sa pwofesè Alan Wolfelt te di nan yon liv li te ekri ki rele Fason pou w geri kè yon konjwen ki nan lapenn (anglè): “Pa gen anyen ki tankou lè yon moun ap ‘fè fas ak’ lapenn”, men li te di tou: “Avèk letan, epi ak èd lòt moun, lapenn ou an ka diminye.”

Pa egzanp, annou egzamine fason patriyach Abraram te reyaji lè madanm li te mouri. Men sa Bib la di: “Abraram te nan lapenn pou Sara e li te kriye pou li.” Nan lang ebre a, yo te di “kòmanse nan lapenn”, sa montre Abraram dwe te pran yon bon tan pou l te rive fè fas ak lapenn li te genyen an. * Yon lòt egzanp nou genyen se Jakòb yo te twonpe lè yo te fè l kwè yon bèt sovaj touye Jozèf, pitit li. Li te nan lapenn pandan “anpil jou” e fanmi li pa t ka konsole l. Plizyè ane apre, li te toujou sonje lanmò Jozèf. — Jenèz 23:2; 37:34, 35; 42:36; 45:28.

Abraram te nan lapenn lè Sara, madanm li li te renmen anpil, te mouri.

Se menm bagay la jodi a pou anpil moun ki nan lapenn akoz yo gen yon moun ki te pwòch yo ki mouri. Annou konsidere de egzanp ki vin apre yo.

  • “Robert, mari m, te mouri 9 jiyè 2008. Trajedi sa a te rive nan yon maten. Se te yon jou ki tankou nenpòt lòt jou. Apre dejene, jan n abitye fè sa, anvan n al travay, nou chak bo lòt e nou anbrase youn lòt, epi li di m: ‘Mwen renmen w.’ Sizan apre, mwen toujou santi lapenn sa nan kè m. Mwen pa panse lapenn mwen gen akoz lanmò Rob la ap janm fini.” — Gail, 60 an.

  • “Byenke mwen pèdi madanm mwen sa gen plis pase 18 an, mwen toujou santi absans li e m toujou nan lapenn. Depi m wè yon bagay ki vrèman atiran, mwen panse avè l, epi m pa ka sispann di tèt mwen jan madanm mwen t ap kontan wè sa m ap gade a.” — Etienne, 84 an.

Sa klè, santiman sa yo ki fè moun soufri e ki dire lontan yo se bagay nòmal. Chak moun gen lapenn fason pa yo, e li pa t ap saj pou n jije fason yon moun reyaji devan yon trajedi. Anmenmtan, nou ka pa bezwen kondane tèt nou si fason nou reyaji devan lanmò yon moun pa nou sanble egzajere. Ki jan nou ka fè fas ak lapenn nan?

^ § 4 Izarak, pitit Abraram, te nan lapenn tou pandan lontan, jan atik “Annou imite lafwa yo” ki nan Toudegad sa a montre sa. Izarak te toujou nan lapenn twazan apre lanmò Sara, manman l. — Jenèz 24:67.