Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ANNOU IMITE LAFWA YO | REBEKA

“Wi, mwen vle ale”

“Wi, mwen vle ale”

REBEKA ap gade yon zòn ki difisil pandan lonbray la ap etann li. Apre plizyè semèn ap vwayaje, finalman, li te fin abitye ak chamo a k ap mache pandan l ap balanse piske l te chita kote ki pi wo sou do l la. Li kite kay kote l te pase anfans li an ki nan peyi Aran lwen dèyè l, plizyè milye kilomèt nan pati nòdès. Li ka pa janm wè fanmi l ankò. Sandout, gen anpil kesyon anrapò ak avni l ki anvayi lespri l, sitou kounye a, paske l ap rive nan fen vwayaj li a.

Karavàn nan pase anpil kote nan Kanaran e li pase kote ki pi difisil la, Negèb (Jenèz 24:62). Petèt Rebeka wè mouton yo. Peyi sa a ka pa gen anyen ladan l e tè a ka yon tè sèch, sa fè pa gen gwo kote pou yo fè agrikilti. Men, gen gwo patiraj pou bèt yo manje zèb. Mesye aje k ap mennen l yo konnen peyi a byen. Li kontan pou bon nouvèl li genyen pou mèt li a: Rebeka t ap vin madanm Izarak! Sepandan, Rebeka dwe ap mande tèt li ki kalite vi li pral mennen nan peyi sa a. Ak ki moun Izarak, fiyanse l la, sanble? Yo poko janm rankontre! Èske l ap kontan lè l wè Rebeka? Ki jan l ap santi l?

Anpil kote nan monn nan jodi a, maryaj aranje ka sanble yon bagay ki etranj. Nan kèk lòt zòn, jan de inyon sa yo se yon bagay ki kouran. Kèlkeswa jan sa ye kote w te leve a, w ap dakò Rebeka pa t konnen ki jan bagay yo t apral ye. Vrèmanvre, se yon fi ki te gen anpil kouraj ak anpil lafwa. Nou bezwen gen toule de kalite sa yo lè n ap fè fas ak chanjman ki gen nan lavi a. Gen yon seri lòt bèl kalite ki makònen ak lafwa Rebeka te montre l genyen an, yon seri kalite anpil moun pa demontre fasil.

“MWEN PRAL PRAN DLO POU CHAMO W YO TOU”

Gwo chanjman sa a ki te vin fèt nan lavi Rebeka te kòmanse yon fason ki te parèt petèt yon bagay òdinè pou li. Li te leve nan Aran oswa toupre vil sa a, yon vil ki nan Mezopotami. Paran l yo te diferan ak pifò moun nan Aran. Yo pa t adore Sin, dye lalin nan. Okontrè, se Jewova ki te Bondye pa yo. — Jenèz 24:50.

Rebeka te yon bèl fi, men bote l la pa t yon bagay ki san fòs, ni yon bagay ki san valè. Rebeka te gen anpil kouraj e li te rete pwòp nan domèn moral. Fanmi l te tèlman gen mwayen yo te gen esklav, men Rebeka pa t nan fè granpanpan, e yo pa t trete l tankou yon prensès. Yo te aprann li travay di. Tankou anpil fi nan epòk la, Rebeka te gen kèk travay di pou l te fè, pa egzanp, al chèche dlo pou fanmi an. Lè li t apral aswè, li te gen pou l mete yon veso sou zepòl li pou l al chèche dlo nan yon sous. — Jenèz 24:11, 15, 16.

Yon swa, apre l fin plen krich li a, gen yon mesye aje ki kouri vin kote l. Mesye a di l: “Tanpri, ban m yon ti dlo nan krich ou a pou m bwè.” Sa se pa t yon gwo demann, e li te fè demann nan avèk anpil politès! Rebeka te ka wè mesye a te soti lwen. Se poutèt sa, li desann krich dlo a byen rapid sou zepòl li, li bay mesye a bwè yon bon kantite dlo fre, li pa jis ba l yon ti gòje dlo. Li te remake mesye a gen yon liy dis chamo ki te met ajenou toupre a, e basen an potko gen ase dlo pou yo bwè. Li te ka wè jan mesye a t ap gade l avèk atansyon e li te vle fè sa l kapab pou l montre li donan. Se sa k fè li te di l: “Mwen pral pran dlo pou chamo w yo tou jiskaske yo fin bwè.” — Jenèz 24:17-19.

N ap remake Rebeka pa t sèlman bay dis chamo yo yon ti kantite dlo, men li te ba yo bwè jiskaske yo rasazye. Yon chamo ki swaf anpil ka bwè 25 galon dlo (95 lit)! Si tout dis chamo yo te swaf anpil, konnen Rebeka te fè plizyè èdtan ap travay di. Jan bagay yo fini an, sanble chamo yo pa t swaf anpil. * Men, èske Rebeka te konn sa lè l te ofri mesye a pou l bay chamo yo dlo? Non. Li te dispoze travay di konsa pou l te montre jan l byen akeyi mesye aje sa a ki te yon etranje, e li te chofe pou l fè sa. Mesye a te aksepte òf li a. Epi, li t ap gade Rebeka avèk atansyon toutpandan Rebeka t ap fè ale vini, li t ap plen krich la, vide l nan basen an, al replen l, vide l ankò, e li te fè sa plizyè fwa. — Jenèz 24:20, 21.

Rebeka te renmen travay di e l te renmen akeyi moun.

Rebeka kite yon egzanp ki touche n anpil jodi a. N ap viv nan yon epòk kote se egoyis k ap dirije moun yo. Jan Bib la te di sa depi byen lontan an, moun yo “renmen pwòp tèt yo”, yo pa dispoze fè sakrifis pou lòt moun (2 Timote 3:1-5). Kretyen k ap chèche konbat enfliyans tandans sa a ka gen sou yo fè byen lè yo reflechi sou egzanp jèn fi sa a Bib la ban nou an, yon jèn fi ki t ap viv nan tan lontan. N ap sonje jan l t ap kouri ale, kouri tounen nan sous la.

Pa gen dout, Rebeka te remake mesye aje a te ret ap gade l. Pa gen anyen ki pa kòrèk nan fason l t ap gade l la, sa montre jan l te sezi, jan l te admire l e jan l te kontan. Lè Rebeka te fini, mesye aje a te ba l kèk kado: plizyè bijou ki gen anpil valè! Epi, li te mande Rebeka: “Tanpri, di m non, pitit kiyès ou ye? Èske gen plas lakay papa w pou n pase nuit lan?” Lè l te di l kiyès ki fanmi l, li te kontan plis toujou. Petèt, se avèk gwo kè kontan, Rebeka te di l: “Nou gen pay ak anpil manje bèt, epitou nou gen kote pou w pase nuit lan.” Se te yon gwo òf, lè n sonje mesye sa a te gen plizyè lòt moun ki te fè vwayaj la avè l. Apre sa, Rebeka kouri pran devan l epi l al rakonte manman l sa k pase a. — Jenèz 24:22-28, 32.

Li klè, yo te leve Rebeka pou l te yon moun ki konn akeyi moun. Sa a se yon lòt kalite k ap disparèt jodi a, se yon lòt rezon nou genyen pou n imite lafwa dam sa a ki te donan. Lafwa nou gen nan Bondye ta dwe fè nou renmen akeyi moun. Jewova renmen akeyi moun, paske li donan ak tout moun, epi li vle tout sèvitè l yo fè menm jan an. Lè nou renmen akeyi moun, menm moun ki ka pa janm ka remèt nou sa n fè pou yo, nou fè kè Papa nou ki nan syèl la kontan. — Matye 5:44-46; 1 Pyè 4:9.

“OU DWE CHWAZI YON MADANM POU PITIT MWEN AN”

Mesye aje sa a ki bò sous la, kiyès li ye? Li se sèvitè Abraram, e Abraram se te frè granpapa Rebeka. Se sa k fè yo te byen akeyi l lakay Betwèl, papa Rebeka. Petèt, yo te rele sèvitè sa a Elyezè *. Yo te ofri l manje, men li pa t vle manje ditou toutotan li pa t fè konnen rezon ki fè l vin lakay yo a (Jenèz 24:31-33). Nou ka imajine jan l ap pale avèk antouzyas, paske li sot wè bonjan prèv ki montre l Jewova, Bondye l la, beni l nan misyon enpòtan sa a. Ki jan?

Imajine Elyezè k ap rakonte Betwèl, papa Rebeka, ansanm ak Laban, frè Rebeka, istwa l la, e jan y ap koute ak anpil atansyon. Li te di yo Jewova beni Abraram anpil nan Kanaran, e Abraram ak Sara gen yon pitit gason, Izarak, ki eritye tout sa l genyen. Abraram te bay sèvitè sa a yon misyon ki te enpòtan anpil: Li te dwe al chèche yon madanm pou Izarak nan fanmi Abraram nan Aran. — Jenèz 24:34-38.

Abraram te mande Elyezè pou l fè sèman li pap chwazi yon madanm pou Izarak pami fi Kanaran yo. Poukisa? Paske Kananeyen yo pa t respekte Jewova Dye e yo pa t ap adore l. Abraram te konnen Jewova te prevwa yon lè apwopriye pou l pini moun k ap fè sa ki mal yo. Abraram pa t vle pou Izarak, pitit li renmen anpil la, al mele ak moun sa yo e pou l fè bagay imoral yo t ap fè yo. Mete sou sa, li te konnen pitit li a te gen yon wòl pou l jwe nan akonplisman pwomès Bondye yo. — Jenèz 15:16; 17:19; 24:2-4.

Elyezè te kontinye rakonte moun yo ki te akeyi l sa l te fè lè l te rive bò sous la toupre Aran, li te priye Jewova Dye. Anfèt, li te mande Jewova pou l chwazi yon jèn fi pou Izarak ka marye. Ki jan l te fè? Elyezè te mande Bondye pou fi Bondye vle pou Izarak marye avè l la vin bò sous la. Lè l te mande fi a dlo pou l bwè, fi a te dwe dispoze bay ni li menm ni chamo l yo dlo (Jenèz 24:12-14). E ki fi sa a ki te vini an e ki te fè egzakteman sa Elyezè te mande a? Se Rebeka! Imajine jan l te ka santi l si l te tande istwa Elyezè t ap rakonte manm fanmi l yo!

Istwa Elyezè te rakonte a te touche ni Betwèl ni Laban. Yo te di: “Se Jewova ki fè bagay yo rive konsa.” Jan koutim nan te mande sa, yo te fè yon kontra maryaj, konsa, yo te aksepte pou Rebeka marye ak Izarak (Jenèz 24:50-54). Men, èske sa vle di Rebeka pa t gen anyen pou l di nan bagay la?

Plizyè semèn anvan, Elyezè te poze Abraram kesyon sa a. Li te mande l: “E si fi a pa vle vin avè m?” Men sa Abraram te reponn: “Ou pap gen okenn chay sou do w pou sèman w te fè a.” ​(Jenèz 24:39, 41). Anplis, lakay Betwèl, preferans jèn fi a te gen enpòtans. Elyezè te tèlman kontan pou jan l te reyisi misyon l lan, nan demen maten, li te mande si l te kapab ale Kanaran ak Rebeka tousuit. Sepandan, fanmi an te vle Rebeka rete avèk yo omwen pou dis jou ankò. Finalman, yo te rezoud pwoblèm nan konsa: “Ann rele matmwazèl la pou n mande l sa l panse.” — Jenèz 24:57.

La a, Rebeka nan yon gwo kafou nan lavi l. Ki sa l pral di? Èske l t ap rete sou sa papa l ak frè l ta renmen an, epi pou l ta mande pou l pa fè vwayaj sa a ki t ap mennen l yon kote li pa konnen? Oubyen èske l t ap konsidere sa kòm yon privilèj pou l patisipe nan yon seri evènman Jewova t ap dirije byen klè? Repons li te bay la te montre jan l te santi l parapò ak chanjman sa a, petèt ki te ka fè l pè, ki te rive nan lavi l. Li te reponn tou senp: “Wi, mwen vle ale.” — Jenèz 24:58.

Se pa ti bèl etadespri li te genyen! Jodi a, koutim maryaj yo ka diferan, men, kanmenm, nou ka aprann anpil bagay nan egzanp Rebeka a. Sa ki te gen plis enpòtans pou li se te sa Jewova te vle, se pa t preferans pa l. Jodi a, nan sa ki gen rapò ak maryaj, Pawòl Bondye a toujou bay pi bon direksyon an, li montre n ki kalite konjwen pou n chwazi e ki jan nou ka yon bon mari oswa yon bon madanm (2 Korentyen 6:14, 15; Efezyen 5:28-33). Nou fè byen lè nou suiv egzanp Rebeka kite pou nou e nou chèche fè bagay yo jan Bondye vle.

“KI MESYE SA A KI LÒTBÒ A?”

Fanmi Betwèl beni Rebeka, yon moun yo te renmen anpil. Epi, Rebeka ak Debora, sèvant ki te konn okipe l lè l te timoun nan, ansanm ak kèk lòt sèvant li derape ak Elyezè ansanm ak mesye ki te avè l yo (Jenèz 24:59-61; 35:8). Sa pa t pran tan pou yo te kite Aran byen lwen dèyè yo. Se yon vwayaj ki te long, yo te fè 800 km anviwon, e petèt sa te dire twa semèn. Sanble se pa t yon vwayaj kote yo te alèz. Rebeka te konn wè chamo toutan nan lavi l, men nou pa ka di si l te gen eksperyans nan monte chamo. Labib montre fanmi l te gen twoupo mouton, men li pa montre nou yo te konn vwayaje ak karavàn chamo (Jenèz 29:10). Souvan, moun ki fèk ap monte chamo konn plenyen paske yo pa alèz, menm lè yo pa t fè anpil tan sou li.

Antouka, Rebeka te kontinye ap panse sou sa k ap tann li, e pa gen dout, li t ap chèche aprann tout sa l kapab sou Izarak ak fanmi l nan men Elyezè. Imajine pandan yon nuit, yo fè yon ti rete nan yon zòn, yo rasanble devan yon dife yo limen, epi mesye aje a ap esplike l pwomès Jewova te fè Abraram, zanmi l lan. Bondye te gen pou l fè soti nan fanmi Abraram yon desandan k ap pote benediksyon pou tout limanite. Reflechi sou lakrentif sa te fè Rebeka gen nan kè l lè l te konprann Jewova ap sèvi ak Izarak, ki pral vin mari l, pou l reyalize pwomès li te fè a, donk, sa vle di l ap sèvi avè l tou! — Jenèz 22:15-18.

Rebeka te montre l gen imilite, yon kalite ki ra, men ki gen anpil valè.

Finalman, jou nou te dekri nan kòmansman atik sa a te rive. Toutpandan karavàn nan t ap travèse Negèb e li te fèk pral aswè, Rebeka te wè yon mesye k ap fè yon ti mache nan savann nan. Mesye a t ap reflechi, li t ap medite. Men sa nou li nan istwa a: “Li [Rebeka] kouri desann chamo l te sou li a.” Petèt, li pa t menm tann chamo a met ajenou. Epi, li mande moun ki t ap mennen l lan: “Ki mesye sa a ki lòtbò a k ap mache nan savann nan pou vin rankontre nou an?” Lè l aprann se Izarak, li pran mouchwa l la li kouvri tèt li (Jenèz 24:62-65). Poukisa l te fè sa? Sanble, jès sa a se te yon siy ki montre respè l genyen pou moun ki t ap vin mari l la. Yon kalite soumisyon konsa ka fè kèk moun sezi e yo ka jije l kòm yon bagay ki pase mòd. Men, anfèt, ni gason ni fi kapab tire leson nan imilite Rebeka te genyen, paske kiyès nan nou ki pa bezwen gen bèl kalite sa a plis toujou?

Izarak te gen anviwon 40 an, li te nan lapenn pou manman l, Sara, ki te mouri depi anviwon twazan. Sa kapab fè nou konprann Izarak se te yon moun ki te gen lanmou ak bon kè. Se pa ti benediksyon sa te ye pou yon gason konsa jwenn yon fi ki renmen travay, ki renmen akeyi moun e ki gen imilite! Ki jan de mesyedam sa yo te mache youn ak lòt? Labib di tou senpleman: “Izarak te tonbe damou l.” — Jenèz 24:67.

Menm nou menm k ap viv jodi a, anviwon 39 syèk annapre, li fasil pou n apresye Rebeka. Ki jan nou ka montre nou admire l poutèt li te gen kouraj, li te renmen travay, li te renmen akeyi moun e li te gen imilite? Kit nou jèn, kit nou granmoun, kit nou fi, kit nou gason, kit nou marye, kit nou selibatè, l ap pou nou tout imite lafwa li te genyen an!

^ § 10 Li te gentan fin aswè. Istwa a pa di n Rebeka te pase anpil tan nan sous la. Li pa montre fanmi l t ap dòmi lè l te fini, ni l pa montre yon moun te vin wè poukisa travay li t al fè a te pran tan konsa.

^ § 15 Yo pa site non Elyezè nan istwa sa a, men sanble se li ki te sèvitè y ap pale de li a. Yon lè, Abraram te gen entansyon bay Elyezè tout byen l yo paske l pa t gen pitit ki pou eritye l, kidonk, sandout, pami sèvitè Abraram yo, Elyezè se te sèvitè ki te pi aje e ki te pi fyab la. E se konsa tou, yo dekri sèvitè ki nan istwa sa a. — Jenèz 15:2; 24:2-4.