Al gade sa k anndan l

Medam yo pale de yo nan Bib la: Ki sa n ka aprann nan egzanp yo?

Medam yo pale de yo nan Bib la: Ki sa n ka aprann nan egzanp yo?

Repons Bib la bay

 Nan Bib la, nou ka li istwa lavi plizyè medam ki ka aprann nou anpil leson ki itil (Women 15:4; 2 Timote 3:16, 17). Nan atik sa a, nou pral fè yon ti pale tou kout sou kèk nan medam Bib la pale de yo. Plizyè ladan yo, se bèl egzanp nou kapab imite. Lòt yo, se avètisman yo ban nou. — 1 Korentyen 10:11; Ebre 6:12.

  Abigayil

 Kiyès Abigayil te ye? Li te madanm yon mesye ki te rele Nabal, ki te rich men ki te di tou. Sepandan, Abigayil te yon dam ki te gen bon konprann e ki te gen imilite lakay li, li te bèl anpil e li te gen kalite ki fè Jewova plezi. — 1 Samyèl 25:3.

 Ki sa l te fè? Abigayil te aji ak sajès e li te montre li gen bonsans pou l te ka evite malè. Li menm ak mari l, Nabal, te rete nan zòn kote David, ki t apral vin wa Izrayèl pi devan, t al kache lè l te nan kouri. Lè David ak mesye l yo te nan zòn nan, yo te pwoteje twoupo mouton Nabal yo pou yo pa vòlè yo. Men, lè mesye David te voye yo te mande Nabal pataje yon ti manje avèk yo, Nabal te reponn yo yon fason ki derespektan e li pa t ba yo anyen. David te fache anpil! Donk, li menm ak mesye l yo te soti pou y al touye Nabal ak tout gason ki te lakay li yo. — 1 Samyèl 25:10-12, 22.

 Abigayil te aji vit lè l te tande sa mari l te fè. Li te bay sèvitè l yo yon kantite manje pou yo pote bay David ak mesye l yo. Li te suiv yo tou pou l te ka mande David fè yo gras (1 Samyèl 25:14-19, 24-31). Lè David wè sa l pote yo, lè li wè jan li gen imilite epi lè l tande konsèy li a ki chaje ak sajès, li vin rekonèt se Bondye ki te sèvi ak Abigayil pou anpeche l touye Nabal ak gason ki te lakay li yo (1 Samyèl 25:32, 33). Yon ti tan apre, Nabal te vin mouri e Abigayil te vin madanm David. — 1 Samyèl 25:37-41.

 Ki leson egzanp Abigayil la aprann nou? Byenke Abigayil te bèl e li te rich, li pa t bay tèt li twòp enpòtans. Li te dispoze mande padon pou yon bagay li pa t fè, pou yo te ka kontinye viv anpè. Byenke sitiyasyon an te bay anpil strès, li te jere l yon fason ki kalm e li te veye sa li t ap di, li te montre l gen kouraj ak bon konprann.

  Ana

 Kiyès Ana te ye? Se te madanm Èlkana e se te manman Samyèl, ki te vin yon pwofèt moun te byen konnen nan Izrayèl tan lontan. — 1 Samyèl 1:1, 2, 4-7.

 Ki sa l te fè? Lè Ana pa t gen pitit, li te chèche konsolasyon nan men Jewova. Mari Ana a te gen de madanm. Penina, lòt madanm li an, te gen plizyè timoun, men Ana, pa t gen pitit pandan anpil tan apre maryaj li. Penina te konn tingting Ana, men Ana li menm te mande Bondye pou l ba l konsolasyon. Ana te fè Bondye yon pwomès, kote l te di Bondye si Bondye ba l yon pitit gason, l ap ba l pitit gason sa a pou l sèvi l nan tabènak la, ki te yon tant yo te konn itilize nan sèvis Bondye a ann Izrayèl. — 1 Samyèl 1:11.

 Bondye te reponn priyè Ana, konsa Ana te vin fè Samyèl. Ana te kenbe pwomès li a, e li te mennen Samyèl pou l sèvi nan tabènak la menm lè l te piti toujou (1 Samyèl 1:27, 28). Ane apre ane, Ana te konn fè yon manto san manch pou l pot pou Samyèl. Rive yon lè, Bondye te beni Ana lè l te fè l gen senk lòt pitit, twa gason ak de fi. — 1 Samyèl 2:18-21.

 Ki leson egzanp Ana a aprann nou? Priyè Ana te konn fè ak tout kè l te ede l andire anba eprèv li yo. Priyè Ana te fè ki chaje ak rekonesans ki nan 1 Samyèl 2:1-10 la montre li te gen anpil lafwa nan Bondye.

  Choulamit la

 Kiyès Choulamit la te ye? Li te yon bèl fi, e se de li yo pale plis nan liv ki rele Chan Salomon an. Bib la pa bay non l.

 Ki sa l te fè? Choulamit la te fidèl ak jèn bèje li te renmen an (Chante Salomon an 2:16). Men, lefètke l te bèl anpil, li te atire atansyon Wa Salomon, ki te rich anpil, e Salomon te eseye vòlè kè l (Chante Salomon an 7:6). Lòt moun t ap eseye fòse Choulamit la pou l chwazi Salomon, men li pa t aksepte. Li te renmen ti bèje a ki pa t rich, e li te ret fidèl avè l. — Chante Salomon an 3:5; 7:10; 8:6.

 Ki leson egzanp Choulamit la aprann nou? Li pa t pran tèt li pou yon pakèt afè menm lè li te bèl e li te atire atansyon anpil moun. Li pa t kite presyon lòt moun ap fè sou li ak pwomès pou l vin rich e pou l vin popilè fè l sispann renmen jèn bèje a. Li te kontwole santiman l yo e li te rete pwòp nan domèn moral.

  Dalila

 Kiyès Dalila te ye? Se te yon dam Samson, ki te jij ann Izrayèl, te tonbe damou. — Jij 16:4, 5.

 Ki sa l te fè? Li te aksepte pou chèf Filisten yo ba l kòb pou l trayi Samson, alòske se Bondye ki t ap sèvi ak Samson pou l delivre Izrayelit yo anba men Filisten yo. Filisten yo pa t ka pot laviktwa sou Samson akoz fòs estrawòdinè Bondye te ba li a (Jij 13:5). Se pou sa, chèf Filisten yo te mande Dalila pou l ede yo.

 Filisten yo te bay Dalila kòb anba anba pou yo ka konnen ki jan Samson te fè gen fòs estrawòdinè sa a. Dalila te aksepte kòb la, e finalman, apre plizyè tantativ, li te vin konn sekrè Samson an (Jij 16:15-17). Konsa, li te bay chèf Filisten yo sekrè Samson an, e yo te rive mare l pou mete l nan prizon. — Jij 16:18-21.

 Ki leson egzanp Dalila a aprann nou? Egzanp Dalila a ban nou avètisman. Li te renmen lajan. Se sa k fè li te aji yon fason ki trèt e ki egoyis e li te montre li pa t fidèl avèk yon sèvitè Jewova Dye.

  Debora

 Kiyès Debora te ye? Se te yon fi ki te pwofèt, Jewova, Bondye Izrayèl la, te konn itilize pou l di pèp li a sa pou l fè. Bondye te sèvi avèk li tou pou l regle kèk pwoblèm ki te vin parèt pami Izrayelit yo. — Jij 4:4, 5.

 Ki sa l te fè? Avèk kouraj, Debora te soutni adoratè Bondye yo. Anba lòd Jewova, li te di Barak pou l dirije Izrayelit yo pou y al goumen ak moun Kanaran yo ki t ap toupizi yo (Jij 4:6, 7). Lè Barak te mande Debora pou l ale avè l, li te dakò fè sa san l pa pè. — Jij 4:8, 9.

 Apre Bondye te bay Izrayelit yo yon gwo viktwa, Debora te patisipe nan konpoze yon chante li menm ak Barak te chante pou rakonte sa k te pase a. Nan chante sa a, li pale de Jayèl, yon lòt dam ki pa t pè aji, ki te jwe yon wòl nan viktwa Izrayelit yo sou moun Kanaran yo. — Jij, chapit 5.

 Ki leson egzanp Debora a aprann nou? Debora te mennen yon vi sakrifis e l te gen kouraj. Li te ankouraje lòt moun pou yo fè sa ki dwat nan je Bondye. E lè yo te fè sa, li pa t manke fè konnen se yo ki te aji e ki te reyisi.

  Estè

 Kiyès Estè te ye? Se te yon fi juif. Asyeris, yon wa Pès, te pran l kòm madanm pou l vin rèn.

 Ki sa l te fè? Rèn Estè te sèvi ak pouvwa l te genyen pou l anpeche yo masakre pèp li a. Li te dekouvri yon dekrè wa a te siyen ki te bay yon dat byen presi kote yo te gen pou yo touye tout juif ki t ap viv nan Anpi pès la. Moun ki te fè konplo malveyan sa a, se yon nonm yo te rele Aman ki te jwe wòl premye minis (Estè 3:13-15; 4:1, 5). Grasa èd Madoche, kouzen Estè ki te pi gran pase l, Estè te riske lavi l pou l denonse konplo a devan wa Asyeris (Estè 4:10-16; 7:1-10). Asyeris te bay Estè ak Madoche otorizasyon pou yo soti yon lòt dekrè ki t ap pèmèt juif yo defann tèt yo. Juif yo te kraze ènmi yo nèt. — Estè 8:5-11; 9:16, 17.

 Ki leson egzanp Estè a aprann nou? Rèn Estè kite yon bèl egzanp moun ki te gen kouraj, ki te gen imilite e ki te konn limit li (Sòm 31:24; Filipyen 2:3). Menm lè li te bèl e li te nan yon gwo pozisyon, li pa t kite sa monte nan tèt li, men li te chèche konsèy ak èd nan men lòt moun. Menm lè l te pale san l pa pè ak mari l, li te montre li gen konsiderasyon e li te gen respè pou li. Nan yon moman kote juif yo te an danje, li pa t pè fè konnen li fè pati pèp juif la.

  Èv

 Kiyès Èv te ye? Se te premye fi a e se premye fi Bib la pale de li.

 Ki sa l te fè? Èv te dezobeyi yon kòmandman klè Bondye te bay. Menm jan ak Adan, mari l, Bondye te kreye Èv san defo ak libète pou l deside e ak kapasite pou l devlope kalite Bondye genyen, tankou lanmou ak sajès (Jenèz 1:27). Èv te byen konnen Bondye te di Adan pou yo pa manje fwi nan yon pyebwa nan jaden an, sinon yo t ap mouri. Malerezman, yo te fè l kwè li pa t ap mouri vre. An reyalite, yo te fè l konprann lavi l t ap vin pi bèl si l dezobeyi Bondye. Donk, li te manje nan fwi a e pi devan, li te konvenk mari l pou l manje ladan l tou. — Jenèz 3:1-6; 1 Timote 2:14.

 Ki leson egzanp Èv la aprann nou? Egzanp Èv ban nou yon avètisman sou danje ki genyen lè nou kontinye reflechi sou move dezi nou genyen. Malgre Bondye te entèdi sa, li te kite yon anvi devlope lakay li jis li te vin pran yon bagay li pa t gen dwa pran. — Jenèz 3:6; 1 Jan 2:16.

  Jayèl

 Kiyès Jayèl te ye? Se te madanm Ebè, yon mesye ki pa t soti nan tribi Izrayèl yo. Jayèl te mete kouraj sou li pou l pran pati pou pèp Bondye a.

 Ki sa l te fè? Jayèl te mete kran sou li, lè Sisera, chèf lame moun Kanaran yo, te vin nan kan l lan. Sisera te pèdi batay li a ak Izrayèl, e kounye a, li t ap chèche yon kote pou l kache e pou l repoze l. Jayèl te envite l antre nan tant li an pou l kache e pou l pran yon ti repo. Pandan Sisera t ap dòmi, Jayèl touye l. — Jij 4:17-21.

 Aksyon Jayèl te fè a te akonpli yon pwofesi Debora te bay: “Se yon fi Jewova ap kite touye Sisera.” ​(Jij 4:9). Yo te fè louwanj pou Jayèl antanke “fi ki jwenn plis benediksyon” pou aksyon l te fè a. — Jij 5:24.

 Ki leson egzanp Jayèl la aprann nou? Jayèl te wè sa pou l fè e l te aji avèk kouraj. Eksperyans li fè a montre jan Bondye ka fè yon seri bagay rive pou l akonpli pwofesi l yo.

  Jezabèl

 Kiyès Jezabèl te ye? Se te madanm wa Ahab, ki t ap dirije dis tribi Wayòm Izrayèl la. Li pa t soti nan tribi Izrayèl yo e li pa t ap sèvi Jewova. Men pito, li t ap sèvi Baal, dye moun peyi Kanaran yo.

 Ki sa l te fè? Rèn Jezabèl te renmen domine, li te kriyèl e li te vyolan. Li te ankouraje moun adore Baal epi lage kò yo nan imoralite seksyèl ki te mache ak adorasyon sa a. Anmenmtan, li t ap eseye fè pèp la sispann adore Jewova, vrè Dye a. — 1 Wa 18:4, 13; 19:1-3.

 Pou Jezabèl te jwenn anvi yo, li pa t ezite bay manti epi touye moun (1 Wa 21:8-16). Jan Bondye te anonse sa, li te mouri nan vyolans e yo pa t antere l. — 1 Wa 21:23; 2 Wa 9:10, 32-37.

 Ki leson egzanp Jezabèl la aprann nou? Egzanp Jezabèl la ban nou yon avètisman. Tèlman dam sa a te imoral, tèlman li te renmen koripsyon e li pa t ezite fè anyen pou l jwenn sa l bezwen, yo sèvi ak non l pou pale de fi ki pa wont fè anyen, ki imoral, ki pa respekte okenn otorite e ki pa gen pwoblèm pou bagay mal yo fè.

  Leya

 Kiyès Leya te ye? Se te premye madanm Jakòb, ki te yon patriyach. Rachèl, ti sè l la, se te lòt madanm Jakòb la. — Jenèz 29:20-29.

 Ki sa l te fè? Leya se te manman sis nan pitit gason Jakòb yo (Rit 4:11). Jakòb se ak Rachèl li te vle marye, se pa ak Leya. Sepandan, Laban, papa medam yo, te twonpe Jakòb pou l fè Leya pran plas Rachèl. Lè Jakòb te remake yo te twonpe l pou l marye ak Leya, li t al fè Laban esplikasyon. Laban te deklare koutim peyi a pa t pèmèt ti sè a marye anvan gran sè a. Yon semèn apre, Jakòb te marye ak Rachèl. — Jenèz 29:26-28.

 Jakòb te renmen Rachèl plis pase Leya (Jenèz 29:30). Se sa k fè, Leya te jalou e li te vle pou l jwenn plis atansyon ak lanmou nan men Jakòb pase sè l la. Bondye te wè jan Leya te santi l e li te beni l lè l te ba li sèt pitit, sis gason ak yon fi. — Jenèz 29:31.

 Ki leson egzanp Leya a aprann nou? Leya te konte sou Bondye, li te toujou priye l e li pa t kite pwoblèm li t ap viv nan fanmi l anpeche l wè Bondye t ap ede l (Jenèz 29:32-35; 30:20). Istwa lavi l montre yon fason ki klè, zafè pou yon mari gen plizyè madanm, toujou bay pwoblèm, menmsi Bondye te tolere sa pandan yon tan. Prensip li mete pou maryaj jodi a, se pou yon mari gen yon sèl madanm e pou yon madanm gen yon sèl mari. — Matye 19:4-6.

  Madan Lòt

 Kiyès madan Lòt te ye? Bib la pa bay non l. Men, Bib la di nou li te gen de pitit fi e li menm ak fanmi l t ap viv nan vil Sodòm. — Jenèz 19:1, 15.

 Ki sa l te fè? Li te dezobeyi yon kòmandman Bondye te bay. Bondye te deside l ap detwi vil Sodòm ak vil ki ozalantou l yo paske te gen anpil imoralite seksyèl nan vil sa yo. Lanmou Bondye te gen pou Lòt ak fanmi l ki t ap viv Sodòm, te fè l voye de zanj pou fè yo al yon kote yo t ap an sekirite. — Jenèz 18:20; 19:1, 12, 13.

 Zanj yo te di Lòt ak fanmi l kouri kite vil la, pa gad dèyè, si se pa sa y ap mouri (Jenèz 19:17). Madan Lòt “te kòmanse gad dèyè e li te tounen yon poto sèl”. — Jenèz 19:26.

 Ki leson egzanp Madan Lòt la aprann nou? Istwa l la montre danje ki genyen lè yon moun tèlman renmen byen materyèl, li kite lanmou sa a fè l dezobeyi Bondye. Jezi te pale de li pou l bay yon avètisman. Li te di: “Sonje madan Lòt.” — Lik 17:32.

  Mari (manman Jezi)

 Kiyès Mari te ye? Li te yon jèn fi juif, ki te vyèj lè l te fè Jezi, paske se grasa yon mirak li te kapab ansent pou l bay pitit Bondye a lavi.

 Ki sa l te fè? Avèk imilite, li te fè sa Bondye te mande l. Li te fiyanse ak Jozèf lè yon zanj te parèt devan l pou anonse l li t ap vin ansent e li t ap fè Mesi yo t ap tann depi byen lontan an (Lik 1:26-33). Li te dakò akonpli misyon sa a. Apre Jezi te fin fèt, Mari ak Jozèf te vin gen kat pitit gason ak de pitit fi pou pi piti. Donk, Mari pa t rete vyèj pou tout vi l (Matye 13:55, 56). Byenke Mari te resevwa yon privilèj san parèy, li pa t janm chèche louwanj nan men moun pandan Jezi te sou tè a, ni li pa t jwenn okenn tretman espesyal pami premye kretyen yo.

 Ki leson egzanp Mari a aprann nou? Mari te yon fi ki te gen lafwa e ki te aksepte yon gwo responsablite. Li te byen konnen Ekriti sakre yo. Sanble li te fè referans ak anviwon 20 pasaj nan Ekriti yo lè l te di pawòl nou jwenn nan Lik 1:46-55 yo.

  Mari (sè Mat ak Laza)

 Kiyès Mari te ye? Mari ansanm avèk Laza, frè l la ak Mat, sè l la, te bon zanmi Jezi.

 Ki sa l te fè? Plizyè fwa, Mari te montre li gen konfyans Jezi se pitit Bondye a. Li te montre li gen lafwa Jezi te kapab anpeche Laza, frè l la, mouri e li te la lè Jezi te resisite l. Mat, sè l la, te repwoche l lè li te pito chita pou l koute Jezi olye l ede l fè travay nan kay la. Men, Jezi te felisite l, paske aprann verite sou Bondye yo te pi enpòtan pou li pase tout lòt bagay. — Lik 10:38-42.

 Nan yon lòt okazyon, Mari te fè yon bèl jès pou l akeyi Jezi, lè l te pase “yon luil santi bon ki koute chè” sou tèt Jezi ak pye l (Matye 26:6, 7). Lòt moun ki te la yo te repwoche l, paske nan je yo se yon gaspiyaj li t ap fè. Men, Jezi te pran pou li, lè l te di: “Tout kote y ap preche bon nouvèl la sou tè a, y ap pale de sa dam sa a fè a tou, e sa ap fè yo toujou sonje l.” — Matye 24:14; 26:8-13.

 Ki leson egzanp Mari a aprann nou? Mari te gen yon lafwa solid. Li te mete adorasyon l ap bay Bondye a anvan tout lòt bagay ki gen nan lavi a. E avèk imilite, li te onore Jezi, menm lè sa te koute l anpil kòb.

  Mari, moun Magdala a

 Kiyès Mari, moun Magdala a te ye? Li te yon disip Jezi ki fidèl.

 Ki sa l te fè? Mari, moun Magdala se youn nan plizyè fi ki te konn vwayaje ak Jezi ak disip li yo. Li te konn sèvi ak pwòp lajan pa l pou l ede yo jwenn sa yo bezwen (Lik 8:1-3). Li te suiv Jezi pandan tout tan Jezi te fè ap preche sou tè a, e li te rete toupre l lè yo t ap egzekite l la. Li te gen privilèj pou l te pami premye moun ki te wè Jezi apre l te fin resisite a. — Jan 20:11-18.

 Ki leson egzanp Mari a aprann nou? Mari, moun Magdala a te ede Jezi nan travay predikasyon an e l pa t sispann travay di antanke disip Jezi.

  Mat

 Kiyès Mat te ye? Se te sè Mari ak Laza, e yo toule twa t ap viv nan yon vilaj ki te rele Betani, toupre Jerizalèm.

 Ki sa l te fè? Mat te bon zanmi ak Jezi, ki li menm “te renmen Mat ansanm ak sè l la ak Laza”. (Jan 11:5.) Mat, se yon fi ki te renmen akeyi moun. Youn nan fwa Jezi te vizite yo, Mari te chwazi pou l koute sa Jezi t ap di, tandiske Mat t ap fè travay nan kay la. Mat te plenyen bò kot Jezi, paske Mari pa t ede l. Avèk jantiyès Jezi te korije fason Mat te wè bagay yo. — Lik 10:38-42.

 Lè Laza te tonbe malad, Mat ak sè l la te voye chèche Jezi, paske yo te gen konfyans li t ap ka geri frè yo a (Jan 11:3, 21). Men, Laza te vin mouri. Fason Mat te pale ak Jezi a, te montre li gen konfyans nan pwomès Bib la ki fè konnen yon jou mò yo pral reviv ankò ak konfyans li te gen nan kapasite Jezi pou l fè frè l la tounen viv ankò. — Jan 11:20-27.

 Ki leson egzanp Mat la aprann nou? Mat te fè gwo efò pou l akeyi moun. Li te pare pou l aksepte konsèy. Li te konn pale ak tout kè l sou jan l santi l ak sou lafwa l tou.

  •  Pou w aprann plis sou Mat, gade atik “Mwen kwè”.

  Miryam

 Kiyès Miryam te ye? Se te sè Moyiz ak Arawon. E se premye fi nan Bib la yo rele pwofèt.

 Ki sa l te fè? Antanke fi ki pwofèt, li te jwe yon wòl nan fè lòt moun konnen mesaj Bondye bay yo. Li te nan yon gwo pozisyon ann Izrayèl e li menm ak mesye yo te chante yon chan viktwa apre Bondye te fin detwi lame peyi Ejip la nan Lanmè Wouj. — Egzòd 15:1, 20, 21.

 Kèk tan apre, Miryam ak Arawon te kritike Moyiz. Sanble se ògèy ak jalouzi ki te pouse yo fè sa. Bondye “t ap koute yo” e li te pale fèm ak Miryam ak Arawon (Nonb 12:1-9). Lè sa a, Bondye te lage maladi lèp sou Miryam paske sanble se li ki te kòmanse nan kritike Moyiz la. Lè Moyiz te sipliye Bondye pou li, Bondye te geri l. Apre sèt jou karantèn, yo te pèmèt li retounen viv nan kan Izrayèl la. — Nonb 12:10-15.

 Bib la montre Miryam te aksepte koreksyon an. Plizyè syèk apre sa, Bondye te pale de gwo privilèj li te genyen an lè l te di Izrayelit yo: “Se mwen ki te voye Moyiz, Arawon ak Miryam bò kote nou.” — Miche 6:4.

 Ki leson egzanp Miryam nan aprann nou? Istwa Miryam nan montre Bondye ap koute sa sèvitè l yo ap di youn lòt e l ap koute sa y ap di youn sou lòt. Nou aprann tou, pou n fè Bondye plezi, nou dwe evite ògèy ak jalouzi, yon seri defo ki ka lakòz nou sal bon repitasyon lòt moun genyen.

  Rachèl

 Kiyès Rachèl te ye? Se te pitit fi Laban e se te madan marye patriyach Jakòb te pi renmen an

 Ki sa l te fè? Rachèl te marye ak Jakòb e l te fè de pitit gason pou li. Annapre, pitit gason l yo te vin fè pati zansèt 12 tribi Izrayèl tan lontan an. Rachèl te rankontre ak moun ki t apral mari l la pandan l t ap pran swen mouton papa l yo (Jenèz 29:9, 10). Li “te bèl anpil”, li te pi bèl pase Leya, pi gran sè l la. — Jenèz 29:17.

 Jakòb te tonbe damou pou Rachèl e l te dakò travay pandan sèt ane pou l ka marye avè l (Jenèz 29:18). Men, Laban te twonpe Jakòb lè l te fè l marye ak Leya anvan e apre sa, Laban te pèmèt li marye ak Rachèl. — Jenèz 29:25-27.

 Jakòb te renmen Rachèl ak de pitit gason l yo plis pase Leya ak pitit li te fè avè l yo (Jenèz 37:3; 44:20, 27-29). Se sa k fè de medam yo te vin nan konpetisyon youn ak lòt. — Jenèz 29:30; 30:1, 15.

 Ki leson egzanp Rachèl la aprann nou? Rachèl te andire tout pwoblèm ki gen nan fanmi l yo san l pa t sispann espere Bondye t ap tande priyè l yo (Jenèz 30:22-24). Istwa l la montre lè yon gason gen plizyè madanm, sa toujou bay pwoblèm nan fanmi yo. Sa Rachèl te viv yo montre prensip Bondye te bay okòmansman pou maryaj la se li ki pi bon, yon gason dwe gen yon sèl madanm. — Matye 19:4-6.

  Rahab

 Kiyès Rahab te ye? Li te yon pwostitye ki t ap viv nan vil Jeriko ki te nan Kanaran e li te vin yon adoratè Jewova Dye.

 Ki sa l te fè? Rahab te fè de Izrayelit ki te vin gade peyi a kache. Li te fè sa paske l te tande istwa kote Jewova Dye te delivre pèp li a anba peyi Ejip e kèk tan apre, anba atak moun tribi Amorit yo.

 Rahab te ede moun ki te vin gade peyi a e li te sipliye yo pou yo pa touye ni li menm ni fanmi l lè Izrayelit yo vin detwi Jeriko. Yo te dakò, men yo te ba l kèk kondisyon: Li pa dwe fè lòt moun konnen espyon yo te vini. Li menm ak fanmi l dwe rete anndan lakay li a lè Izrayelit yo vin atake e li dwe mete yon kòd wouj nan fenèt la pou yo ka rekonèt kay la. Rahab te fè tout sa yo te di l fè yo e li menm ak fanmi l te sove lè Izrayelit yo te vin detwi Jeriko.

 Kèk tan apre, Rahab te vin marye ak yon Izrayelit e l te vin yon zansèt wa David ansanm ak Jezi Kris. — Jozye 2:1-24; 6:25; Matye 1:5, 6, 16.

 Ki leson egzanp Rahab la aprann nou? Bib la pale de Rahab kòm yon moun ki te gen yon lafwa estrawòdinè (Ebre 11:30, 31; Jak 2:25). Istwa l la montre Bondye konn padone e l pa nan patipri. Li beni moun ki kwè nan li san l pa rete sou fason moun nan t ap viv anvan sa.

  Rebeka

 Kiyès Rebeka te ye? Li te madanm Izarak e li te manman Jakòb ak Ezayi, ki te jimo.

 Ki sa l te fè? Rebeka te fè volonte Bondye menm lè sa te parèt difisil. Pandan l t ap tire dlo nan yon pi, gen yon mesye ki te mande l enpe dlo. Rapidman, li te pote dlo pou li e l te ofri l pou l tire dlo pou chamo mesye a tou (Jenèz 24:15-20). Mesye sa a se te sèvitè Abraram, li te vwayaje sot byen lwen pou l te jwenn yon madanm pou Izarak, pitit gason Abraram (Jenèz 24:2-4). Li te priye pou Bondye beni l. Lè l te wè jan Rebeka travay di, ak fason l renmen akeyi moun, li te konprann Bondye reponn priyè l e sa te montre l se Rebeka Li te chwazi pou Izarak. — Jenèz 24:10-14, 21, 27.

 Lè Rebeka te vin aprann sa k fè sèvitè a te vini an, li te dakò retounen avèk li pou l vin madanm Izarak (Jenèz 24:57-59). Pi devan, Rebeka te vin gen jimo. Bondye te revele l Ezaou, pi gran pitit gason l lan t ap gen pou l sèvi Jakòb, pi piti a (Jenèz 25:23). Lè Izarak t ap fè aranjman pou l bay Ezaou benediksyon yo konn bay premye pitit la, Rebeka te fè yon jan pou se Jakòb ki jwenn benediksyon an, paske l te konnen se volonte Bondye. — Jenèz 27:1-17.

 Ki leson egzanp Rebeka a aprann nou? Rebeka te konn limit li, li te travay di e l te renmen akeyi moun. Kalite sa yo te fè l vin yon bon madanm, yon bon manman ak yon bon adoratè vrè Dye a.

  Rit

 Kiyès Rit te ye? Li te yon moun Mowab ki te kite dye l yo ak peyi l pou l te vin yon adoratè Jewova nan peyi Izrayèl.

 Ki sa l te fè? Rit te gen yon gwo gwo lanmou pou Nawomi, bèlmè l. Nawomi ansanm ak mari l ak de pitit gason l yo t al nan peyi Mowab paske yo t ap kouri pou yon gwo grangou ki te gen ann Izrayèl. De pitit gason l yo te vin marye ak de fi ki te moun Mowab, Rit ak Òpa. Men, rive yon lè, mari Nawomi an ak de pitit gason l yo te mouri. Lè sa a, twa medam yo te vin vèv.

 Nawomi te deside tounen ann Izrayèl, paske pa t gen sechrès ann Izrayèl ankò. Rit ak Òpa te deside yo t apral avè l. Men, Nawomi te mande yo pou yo retounen al jwenn fanmi yo. Òpa te dakò (Rit 1:1-6, 15). Men, Rit li menm te ret atache ak bèlmè l. Li te renmen Nawomi e l te vle adore Jewova, Dye Nawomi t ap adore a. — Rit 1:16, 17; 2:11.

 Lefètke Rit te yon bèlfi ki te fidèl e ki te konn travay di, nan yon tikras tan, li te vin gen yon bèl repitasyon nan Betleyèm, vil kote Nawomi te moun nan. Fason Rit te aji a te gen gwo efè sou Bowaz, yon mesye ki rich, ki te gen tè, e Bowaz te fè yon fason pou Rit ak Nawomi jwenn manje (Rit 2:5-7, 20). Kèk tan apre, Rit te marye ak Bowaz e l te vin yon zansèt wa David ak Jezi Kris. — Matye 1:5, 6, 16.

 Ki leson egzanp Rit la aprann nou? Rit te aksepte kite peyi l ak fanmi l paske l te renmen Nawomi e l te renmen Jewova. Li te konn travay di, li te fidèl menm lè l te jwenn anpil difikilte.

  Sara

 Kiyès Sara te ye? Se te madanm Abraram, e li te manman Izarak.

 Ki sa l te fè? Sara te kite vil Ou, yon vil ki te rich, kote l t ap viv alèz, paske l te gen lafwa nan pwomès Jewova te fè Abraram, mari l. Bondye te di Abraram pou l kite Ou pou l ale nan peyi Kanaran an. Bondye te pwomèt l ap beni l e l ap fè l vin yon gwo nasyon (Jenèz 12:1-5). Sara te nan swasantèn li nan moman sa a. E depi lè sa a, Sara ak mari l t ap viv anba tant, soti yon kote al yon lòt kote.

 Malgre jan yo t ap viv la te gen danje ladan l, Sara te soutni Abraram toutpandan Abraram t ap fè sa Bondye te di l fè yo (Jenèz 12:10, 15). Pandan plizyè ane, Sara pa t ka fè pitit. Sa te fè l tris anpil. Men, Bondye te pwomèt li t ap beni desandans Abraram (Jenèz 12:7; 13:15; 15:18; 16:1, 2, 15). Rive yon lè, Bondye te pwomèt Sara t apral fè yon pitit pou Abraram. Li te fè timoun nan vre men se apre l te fin depase laj pou l fè pitit. Li te gen 90 an e mari l te gen 100 an (Jenèz 17:17; 21:2-5). Yo te rele timoun nan Izarak.

 Ki leson egzanp Sara a aprann nou? Egzanp Sara fè nou wè nou ka toujou gen asirans Bondye ap akonpli tout pwomès li yo, menm sa ki ka parèt enposib yo (Ebre 11:11). E egzanp li antanke madanm montre enpòtans respè gen nan yon maryaj. — 1 Pyè 3:5, 6.

 Epòk kèk medam nan Bib la te viv

  1.  Èv

  2. Delij la (2370 ANV.E.N.)

  3.  Sara

  4.  Madan Lòt

  5.  Rebeka

  6.  Leya

  7.  Rachèl

  8. Egzòd (1513 ANV.E.N.)

  9.  Miryam

  10.  Rahab

  11.  Rit

  12.  Debora

  13.  Jayèl

  14.  Dalila

  15.  Ana

  16. Premye wa Izrayèl (1117 ANV.E.N.)

  17.  Abigayil

  18.  Choulamit la

  19.  Jezabèl

  20.  Estè

  21.  Mari (manman Jezi)

  22. Batèm Jezi (29 E.N.)

  23.  Mat

  24.  Mari (sè Mat ak Laza)

  25.  Mari, moun Magdala

  26. Lanmò Jezi (33 E.N.)