Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Tè a gen pou l bay manje. Bondye, wi, Bondye nou an ap beni nou.’’ — SÒM 67:6.

Ou kapab jwenn benediksyon Kreyatè nou an pral bay pou toutan

Ou kapab jwenn benediksyon Kreyatè nou an pral bay pou toutan

Bondye te pwomèt Abraram, ki te pwofèt la, youn nan desandan l yo t apral fè “tout nasyon sou tè a” jwenn benediksyon (Jenèz 22:18). Kiyès desandan sa a t ap ye?

Sa gen prèske 2 000 an, Bondye te bay Jezi ki te yon desandan Abraram pouvwa pou l fè anpil gwo mirak. Mirak sa yo montre nasyon yo pral jwenn sa Bondye te pwomèt Abraram nan grasa Jezi. — Galat 3:14.

Mirak Jezi te fè yo te ede moun yo wè se li Bondye te chwazi pou pote benediksyon pou lèzòm, epitou, yo te montre jan Bondye pral sèvi avè l pou l beni lèzòm pou toutan. Remake ki jan mirak Jezi te fè yo ede n wè kèk nan bèl kalite li genyen yo.

Konpasyon: Jezi te geri moun ki malad.

Yon lè, gen yon mesye ki te gen lèp ki te sipliye Jezi pou l geri l. Jezi te touche l e l te di l: “Wi, mwen vle!” Lamenm, lèp la te disparèt sou mesye a. — Mak 1:40-42.

Renmen bay: Jezi te bay moun ki grangou manje.

Jezi pa t vle moun yo ale tou grangou. Nan plizyè okazyon, li te fè mirak kote li te bay plizyè milye moun manje lè l te fè kèk pen ak kèk ti pwason vin anpil (Matye 14:17-21; 15:32-38). Lè yo fin manje, vant yo tout te plen, e gen yon bon kantite manje ki te rete.

Pitye: Jezi te leve moun mouri.

“Avèk pitye”, Jezi te leve yon sèl pitit gason yon vèv, ki pa t gen lòt moun pou pran swen l, te genyen. — Lik 7:12-15.