Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kreyatè nou an ki renmen nou gen sousi pou nou

Kreyatè nou an ki renmen nou gen sousi pou nou

1. KREYATÈ NOU AN FÈ SOLÈY LA LEVE

Èske w ka imajine lavi sou tè a san solèy la ki pou klere nou? Solèy la fè plant yo bay fèy, flè, fwi, grenn ak semans. Li fè pyebwa yo rale dlo nan tè a pa mwayen rasin yo pou monte nan fèy yo epi pou ale nan lè a sou fòm vapè.

2. KREYATÈ NOU AN FÈ LAPLI TONBE

Lapli se yon gwo kado Bondye ban nou, li fè tè a bay manje pou n manje. Bondye ban nou lapli ki soti nan syèl la ak sezon kote rekòt yo donnen anpil, konsa, li ban nou anpil manje e li ranpli kè nou ak lajwa.

3. KREYATÈ NOU AN BAN NOU SA POU N MANJE AK SA POU N METE SOU NOU

Anpil papa konn bay tèt yo pwoblèm pou yo jwenn ase manje ak rad pou bay fanmi yo. Remake sa Pawòl Bondye a di: “Gade zwazo nan syèl la byen. Yo pa ni simen ni rekòlte, ni yo pa ranmase al met nan depo. Epoutan, Papa nou ki nan syèl la ba yo manje. Èske nou pa gen plis valè pase yo?” — Matye 6:25, 26.

“Ann aprann yon leson nan men flè ki nan savann yo, kòman yo pouse [...]; Poutan, m ap di nou sa: Menm Salomon, nan tout glwa li, pa t konn abiye tankou youn nan yo. Ebyen, si Bondye abiye plant ki nan savann ki la jodi a [...], nou pa bezwen mande si l ap abiye nou tou! — Matye 6:28-30.

Si Bondye kapab ban nou manje ak rad, pa gen dout nan sa, li kapab ban nou lòt bagay nou gen bezwen nan lavi a. Kidonk, si n chèche fè volonte Bondye, li kapab beni efò n ap fè pou n jwenn manje, li kapab ede n jwenn travay pou n ka achte sa n bezwen. — Matye 6:32, 33.

Vrèmanvre, nou gen bonjan rezon pou n renmen Bondye lè nou gade solèy la, lapli a, zwazo yo ak flè yo. Atik ki vin apre a pral pale sou fason Kreyatè a kominike ak lèzòm.