Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | KI SA BIB LA DI SOU ZANJ?

Fason zanj yo ka ede w

Fason zanj yo ka ede w

Zanj fidèl yo enterese anpil nan sa k ap fèt sou tè a e yo chofe pou yo fè volonte Jewova. Lè Bondye te kreye tè a, zanj yo te “rele tèlman yo te kontan, e [...] tout pitit Bondye yo te pran rele tèlman yo te gen lajwa”. (Jòb 38:4, 7.) Pandan tout listwa lèzòm, zanj yo te enterese “anpil” nan pwofesi ki gen rapò ak sa k pral rive sou tè a. — 1 Pyè 1:11, 12.

Bib la montre, pafwa zanj yo konn pwoteje vrè sèvitè Bondye yo yon fason pou volonte Bondye ka fèt (Sòm 34:7). Pa egzanp:

  • Lè Jewova te detwi Sodòm ak Gomò, de vil ki te gen moun ki mechan, gen zanj ki te ede Lòt ak fanmi l chape. — Jenèz 19:1, 15-26.

  • Nan ansyen Babilòn nan, lè yo te kondane twa jèn ebre yo pou yo mouri nan yon founèz dife, Bondye “te voye zanj li vin delivre sèvitè l yo”. — Dànyèl 3:19-28.

  • Apre Dànyèl, yon moun ki jis, te fin pase yon nuit nan yon twou ki chaje ak lyon ki mechan anpil, li te esplike li te chape vivan paske ‘Bondye te voye yon zanj li vin fèmen bouch lyon yo’. — Dànyèl 6:16, 22.

Sa fè lontan depi zanj yo ap ede moun ki fidèl yo.

ZANJ YO TE EDE KONGREGASYON KRETYEN NAN PREMYE SYÈK LA

Pafwa, gen nan zanj yo ki te konn ede kongregasyon kretyen nan premye syèk la lè sa te nesesè pou reyalize objektif Jewova. Pa egzanp:

  • Gen yon zanj ki te ouvri pòt prizon kote apot yo te ye a e li te di yo pou yo kontinye preche nan tanp lan. — Travay 5:17-21.

  • Gen yon zanj ki te gide Filip, yon moun ki t ap evanjelize, pou l al nan wout ki nan dezè a, wout ki sot Jerizalèm pou desann Gaza, epi pou l preche yon Etyopyen ki te vin Jerizalèm pou l adore. — Travay 8:26-33.

  • Lè moman Bondye te chwazi pou moun ki pa Juif yo vin kretyen an te rive, te gen yon zanj ki te parèt nan yon vizyon Kònèy te fè. Kònèy te yon ofisye nan lame women an. Zanj lan te di l pou l fè apot Pyè vin lakay li. — Travay 10:3-5.

  • Lè yo te fèmen apot Pyè nan prizon, yon zanj te parèt devan l e li te libere l. — Travay 12:1-11.

FASON ZANJ YO KA EDE W

Pa gen okenn prèv ki montre Bondye ap itilize zanj yo jodi a pou l ede moun menm jan li te konn fè sa lontan. Men, gade sa Jezi te di pou epòk nou an: “Yo pral preche bon nouvèl sa a konsènan Wayòm nan sou tout tè a, kòm yon temwayaj pou tout nasyon. Apre sa, lafen an ap vini.” (Matye 24:14). Èske w te konnen disip Kris yo ap fè travay sa a anba direksyon zanj yo?

Zanj yo ede nou preche bon nouvèl la sou tout tè a.

Liv Revelasyon an montre zanj yo t ap chofe pou yo ede moun toupatou sou tè a pou yo aprann konnen Jewova ak objektif li genyen pou lèzòm. Men sa apot Jan te ekri: “Mwen wè yon lòt zanj k ap vole nan mitan syèl la. Li gen yon bon nouvèl k ap dire pou toutan pou l anonse moun ki abite sou tè a, moun tout nasyon, tout tribi, tout lang ak tout pèp. Li t ap di byen fò: ‘Krenn Bondye epi ba li glwa, paske lè pou l fè jijman an rive. Kidonk, adore Sila a ki fè syèl la, tè a, lanmè a ak sous dlo yo.’” (Revelasyon 14:6, 7). Jodi a, gen anpil eksperyans ki montre aklè zanj yo ap kore travay predikasyon Wayòm nan k ap fèt toupatou sou tè a. Mete sou sa, lè yon moun ki te peche repanti e li tounen vin jwenn Jewova, “zanj Bondye yo kontan anpil”. — Lik 15:10.

Ki sa k pral rive lè travay predikasyon an fini? “Lame [zanj yo] nan syèl la” pral soutni Jezi Kris, Wa tout wa yo, nan batay li pral fè nan “lagè ki gen pou fèt nan gran jou Bondye a, li menm ki Toupisan an”, batay Amagedon an (Revelasyon 16:14-16; 19:14-16). Zanj pisan sa yo pral egzekite jijman Bondye pandan Jezi ap “fè vanjans sou moun ki [...] pa obeyi bon nouvèl sou Jezi, Seyè nou an”. — 2 Tesalonisyen 1:7, 8.

Donk, ou mèt gen asirans zanj yo enterese nan ou. Yo vrèman enterese nan byennèt moun ki vle sèvi Bondye, e Jewova itilize yo souvan pou bay sèvitè fidèl li gen sou tè a fòs epi pwoteje yo. — Ebre 1:14.

Donk, nou chak gen yon desizyon enpòtan pou nou pran. Èske n ap koute epi obeyi bon nouvèl k ap preche sou tout tè a? Temwen Jewova nan zòn bò lakay ou t ap kontan ede w jwenn byenfè nan bonjan èd zanj pisan Bondye yo ap bay.