Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Toujou aksepte disiplin Jewova

Toujou aksepte disiplin Jewova

“ Pinga w rejte disiplin Jewova. ” — PWOVÈB 3:11.

1. Ki rezon ki fè nou dwe aksepte disiplin Bondye ban nou ?

WA SALOMON nan Izrayèl tan lontan an bay nou chak yon rezon solid pou nou aksepte disiplin Bondye ban nou. Men sa Salomon te di : “ O pitit mwen, pinga w rejte disiplin Jewova, e pinga w gen degoutans pou blam li bay, paske moun Jewova renmen, li reprimande l, menm jan yon papa fè pou yon pitit li pran plezi nan li. ” ​(Pwovèb 3:11, 12). Wi, Papa w ki nan syèl la disipline w paske li renmen w.

2. Ki sa “ disiplin ” ye, e ki jan yon moun ka resevwa l ?

2 “ Disiplin ” gen ladan l pinisyon, koreksyon, enstriksyon ak edikasyon. Apot Pòl te ekri : “ Pa gen okenn disiplin menm kote a ki sanble bay kè kontan. Li plis bay lapenn. Sepandan, pi devan, pou moun ki te pran fòmasyon nan men l, li pote yon fwi pezib, sètadi ladwati. ” ​(Ebre 12:11). Lè w aksepte disiplin Bondye bay e ou aji an konsekans, sa kapab ede w kontinye mennen yon vi ki dwat, e konsa sa kapab fè w vin pi pwòch Jewova, Bondye ki sen an (Sòm 99:5). Ou kapab jwenn koreksyon pa mwayen kwayan menm jan avèk ou, nan bagay ou aprann nan reyinyon yo e grasa etid ou fè nan Pawòl Bondye a ak nan piblikasyon “ entandan fidèl la ”. (Lik 12:42-44.) Se pa ti rekonesan ou dwe rekonesan lè yo siyale w nan fason sa yo yon bagay lakay ou ki merite korije ! Men, si gen yon peche grav ki fèt, ki fòm disiplin ki nesesè ?

Rezon ki fè kèk moun eskominye

3. Ki lè yo eskominye yon moun ?

3 Sèvitè Bondye yo etidye Labib ak piblikasyon kretyen yo. Yo pale de prensip Jewova yo nan reyinyon yo ak nan asanble yo. Konsa, kretyen yo konnen ki sa Jewova vle yo fè. Yo eskominye yon manm kongregasyon an sèlman si moun sa a tonbe nan gwo peche e li pa repanti.

4, 5. Ki egzanp biblik eskominikasyon yo mansyone la a, e pou ki rezon yo te ankouraje kongregasyon an pou yo reyentegre moun nan ?

4 Ann konsidere yon egzanp eskominikasyon Bib la rakonte. Kongregasyon Korent lan te tolere ‘ yon fònikasyon ki pa t menm egziste pami nasyon yo : yo te rapòte gen yon mesye ki te ak madanm papa l ’. Pòl te egzòte Korentyen yo pou yo “ livre yon moun konsa bay Satan pou destriksyon chè a, yon fason pou espri a ka sove ”. (1 Korentyen 5:1-5.) Lè yo te eskominye moun ki te peche a, e konsa yo te livre l bay Satan, moun sa a te vin retounen nan monn Satan an ankò (1 Jan 5:19). Lefètke yo te mete l deyò, sa te retire yon move eleman chanèl nan kongregasyon an e sa te prezève “ espri ” kongregasyon an, sa vle di bon etadespri kongregasyon an genyen ki pèmèt li reflete kalite Bondye yo. — 2 Timote 4:22 ; 1 Korentyen 5:11-13.

5 Anpil tan pa t menm pase, Pòl te egzòte kretyen nan Korent yo pou yo reyentegre moun ki te aji mal la. Pou ki rezon ? Selon sa apot la di, yo t ap fè sa pou ‘ Satan pa twonpe yo ’. Aparamman, moun ki te fè peche a te repanti e li te pirifye lavi l (2 Korentyen 2:8-11). Si Korentyen yo te refize reyentegre moun nan ki te repanti, Satan t ap twonpe yo nan sans li t ap fè yo montre yo di, yo pa konn padone, jan Dyab la te vle yo ye a. Sanble, yo pa t pran tan pou yo ‘ padone l e pou yo rekonfòte l ’. — 2 Korentyen 2:5-7.

6. Ki sa eskominikasyon reyalize ?

6 Ki sa eskominikasyon reyalize ? Sa anpeche opwòb tonbe sou non Jewova ki sen e sa pwoteje bèl repitasyon pèp li a (1 Pyè 1:14-16). Lè yo retire yon moun ki fè yon peche e ki pa repanti nan kongregasyon an, sa soutni prensip Bondye yo e sa pèmèt kongregasyon an rete pwòp nan domèn espirityèl. Anplis, sa kapab ramne moun ki pa repanti a nan bonsans li.

Poukisa apot Pòl te voye enstriksyon bay Korentyen yo konsènan eskominikasyon ?

Repantans trèzenpòtan

7. Lè David potko konfese transgresyon li, ki efè sa te gen sou li ?

7 Pifò moun ki te fè yon peche grav repanti toutbon, e yo pa eskominye yo nan kongregasyon an. Natirèlman, vrè repantans lan pa vini fasilman. Ann pran egzanp Wa David ann Izrayèl, ki te konpoze Sòm 32 a. Chante sa a montre pandan yon tan David pa t konfese peche grav li te fè, petèt peche ki te gen rapò ak Batcheba yo. Kòm rezilta, angwas li te genyen akoz peche l yo te minen fòs li, menm jan chalè ann ete ka seche yon pyebwa. David te soufri ni fizikman ni moralman, men lè li te ‘ konfese transgresyon l yo, Jewova te padone l ’. (Sòm 32:3-5.) Se sa k fè, David te di nan sòm sa a : “ Byennere moun Jewova pa mete erè li sou yon kont. ” ​(Sòm 32:1, 2). Se pa ti bon sa te bon lè l te benefisye mizèrikòd Bondye !

8, 9. Ki jan yon moun ka montre li repanti, e ki enpòtans sa genyen anrapò ak yon moun ki eskominye ki vle reyentegre ?

8 Donk, li klè, yon moun ki peche dwe repanti si l vle Bondye fè l mizèrikòd. Sepandan, se pa paske ou wont oubyen ou pè pou peche a pa devwale ki vle di ou repanti. “ Repanti ” vle di “ ou chanje konsepsyon ” sou yon move konduit ou te genyen paske ou regrèt ou te genyen l. Yon moun ki repanti gen “ yon kè ki brize, ki kraze ”, e li vle ‘ repare tò li fè a ’ si sa posib. — Sòm 51:17 ; 2 Korentyen 7:11.

9 Pou yon moun reyentegre nan kongregasyon kretyen an, repantans se yon etap ki trèzenpòtan. Yo pap reyentegre yon moun ki te eskominye nan kongregasyon an tou senpleman paske gen yon sèten tan ki pase depi li eskominye. Anvan pou l reyentegre, dwe gen gwo chanjman ki fèt nan kè l. Li dwe vin konprann gravite peche l la ak tout opwòb li te lage sou Jewova e sou kongregasyon an. Moun ki te peche a dwe repanti, li dwe priye sensèman pou l jwenn padon e li dwe konfòme l ak egzijans Bondye yo ki jis. Lè yon moun mande reyentegrasyon, li dwe kapab montre li repanti e l ap “ fè aksyon ki mache ak repantans ”. — Travay 26:20.

Poukisa nou dwe konfese fot nou yo ?

10, 11. Poukisa nou pa dwe eseye kache peche nou fè ?

10 Yon moun ki peche kapab di tèt li : ‘ Si mwen di sa, mwen pral oblije nan reponn yon bann kesyon anbarasan e petèt mwen ka eskominye. Men si m pa di anyen, mwen ka evite tout sa, e pèsonn nan kongregasyon an pap janm konnen. ” Jan de rezònman sa yo pa teni kont de yon seri pwen ki enpòtan. Ki pwen sa yo ?

11 Jewova se yon “ Bondye ki gen mizèrikòd ak konpasyon, ki pa prese fè kòlè, ki chaje bonte ki plen lanmou e ki chaje ak verite, ki sere bonte ki plen lanmou li gen lakay li pou milye, ki padone fot, ki padone bagay mal, e ki padone peche ”. Sepandan, li pap manke pa korije sèvitè l yo nan “ yon mezi ki apwopriye ”. (Egzòd 34:6, 7 ; Jeremi 30:11.) Si w ta fè yon peche grav, ki jan w ap fè jwenn mizèrikòd Bondye si w eseye kache peche a ? Jewova konnen peche a, e li pap annik fèmen je l sou move aksyon. — Pwovèb 15:3 ; Abakouk 1:13.

12, 13. Ki sa k ka rive si yon moun ap eseye kache peche l ?

12 Si w fè yon peche grav, ou konfese peche a, sa ap ede w retounen gen yon bon konsyans (1 Timote 1:18-20). Men si w pa konfese l, sa ka fè w gen yon konsyans koupab ki li menm ka fè w komèt lòt peche ankò. Sonje peche w la se pa jis kont yon imen oubyen kont kongregasyon an ou fè l. Se kont Bondye. Yon salmis te di nan yon chante : “ Jewova — se nan syèl la twòn li ye. Je l ap gade, je l klere ap egzamine pitit lòm yo. Jewova li menm egzamine ni moun ki dwat ni moun ki mechan. ” — Sòm 11:4, 5.

13 Jewova pap beni yon moun k ap kache yon peche grav e k ap eseye rete nan kongregasyon kretyen an ki pwòp (Jak 4:6). Konsa, si w te fè yon peche e kounye a ou vle fè sa ki dwat, pa ezite konfese fot ou a sensèman. Sinon, w ap santi w koupab, konsyans ou pap anpè, sitou lè w ap li oswa w ap tande yon konsèy ki gen rapò ak sitiyasyon grav ki sanble ak pa w la. Bon, e si Jewova ta retire lespri l sou ou, jan l te fè nan ka wa Sayil (1 Samyèl 16:14) ? San lespri Bondye, ou ka tonbe nan peche ki pi grav toujou.

Frè w yo fidèl, fè yo konfyans

14. Poukisa yon moun ki fè yon fot dwe suiv konsèy ki nan Jak 5:14, 15 lan ?

14 Nan sans sa a, ki sa yon moun ki peche e ki repanti dwe fè ? “ Se pou l rele ansyen nan kongregasyon an vin kote l, e se pou yo priye sou li, pou yo pase luil sou li nan non Jewova. E lapriyè lafwa ap fè moun ki pa byen an refè, e Jewova ap leve l. ” ​(Jak 5:14, 15). Al kot ansyen yo se yon fason pou moun nan “ pwodui fwi ki mache ak repantans ”. (Matye 3:8.) Frè sa yo, ki fidèl e ki gen lanmou, ap ‘ priye sou moun nan, y ap pase luil sou li nan non Jewova ’. Menm jan ak yon luil ki ka soulaje yon malad, konsèy yo bay ki baze sou Bib la ap rekonfòte moun ki repanti toutbon an. — Jeremi 8:22.

15, 16. Ki jan ansyen yo suiv egzanp Bondye ba yo, jan sa mansyone nan Ezekyèl 34:15, 16 ?

15 Ala yon bèl egzanp lanmou Jewova, Bèje nou an, ban nou lè l te libere Juif yo sot an kaptivite nan Babilòn nan ane 537 anvan epòk nou an e lè l te libere Izrayèl espirityèl la sot nan “ Gran Babilòn nan ” an 1919 epòk nou an (Revelasyon 17:3-5 ; Galat 6:16) ! Nan fason sa a, li te akonpli pwomès li te fè lè l te di : “ Mwen menm m ap nouri mouton m yo, e mwen menm m ap fè yo kouche [...]. Sa ki pèdi a, mwen pral chèche l, sa ki ekate a, mwen pral ramne l, sa ki kraze a, mwen pral bande l e sa k ap soufri a, mwen pral fòtifye l. ” — Ezekyèl 34:15, 16.

16 Jewova te nouri mouton senbolik li yo, li te fè yo kouche an sekirite e li te chèche sa k te pèdi yo. Menm jan an tou, bèje kretyen yo veye pou twoupo Bondye a byen nouri e pou l an sekirite espirityèlman. Ansyen yo al chèche mouton ki ekate lwen kongregasyon an. Menm jan Bondye te konn ‘ bande sa ki kraze a ’, se konsa siveyan yo “ bande ” mouton ki blese akoz pawòl yon moun oswa akoz pwòp aksyon pa yo. E menm jan Bondye te konn ‘ fòtifye sa k ap soufri a ’, se konsa ansyen yo ede sila yo ki vin malad espirityèlman, petèt akoz yon move aksyon yo komèt.

Fason bèje yo bay èd

17. Poukisa nou pa dwe ezite chèche èd espirityèl nan men ansyen yo ?

17 Men konsèy Labib bay : “ Kontinye demontre mizèrikòd [...], pandan n ap fè sa avèk krent. ” Ansyen yo aplike konsèy sa a avèk jwa (Jid 23). Gen kèk kretyen ki fè peche grav, yo tonbe nan imoralite seksyèl. Men si yo repanti toutbonvre, yo mèt gen konfyans ansyen yo ap trete yo avèk mizèrikòd e avèk amou, piske yo vle ede yo espirityèlman. Men sa Pòl te di konsènan tèt li ansanm ak mesye sa yo : “ Sa pa vle di n ap domine sou fwa nou, men nou se konpayon travay pou jwa nou. ” ​(2 Korentyen 1:24). Kidonk, pinga nou janm ezite chèche èd espirityèl nan men yo.

18. Ki jan ansyen yo trete kwayan parèy yo ki komèt yon move aksyon ?

18 Si w fè yon peche grav, ki rezon ki fè ou mèt gen konfyans nan ansyen yo ? Paske prensipalman yo se bèje twoupo Bondye a (1 Pyè 5:1-4). Pa gen yon bèje ki gen lanmou k ap bat yon timouton dosil k ap rele, poutèt timouton sa a blese tèt li. Kidonk, lè ansyen yo ap trete move aksyon yon kwayan menm jan avèk yo fè, se pa yon krim y ap trete pou yo bay pinisyon, men y ap trete yon peche pou gen yon retablisman espirityèl, si sa posib (Jak 5:13-20). Ansyen yo dwe jije avèk jistis e yo dwe “ aji ak twoupo a avèk tandrès ”. (Travay 20:29, 30 ; Izayi 32:1, 2.) Menm jan ak tout lòt kretyen, ansyen yo dwe ‘ pratike jistis, yo dwe renmen bonte epi yo dwe mache yon fason modès avèk Bondye ’. (Mika 6:8.) Kalite sa yo endispansab lè y ap pran desizyon ki konsène lavi ak sèvis sakre “ mouton [ki] nan patiraj ” Jewova a. — Sòm 100:3.

19. Ki atitid ansyen yo genyen lè y ap eseye redrese yon moun ?

19 Lespri sen etabli bèje pami kretyen yo, e bèje sa yo fè efò pou yo kite l gide yo. Si “ yon moun fè yon fo pa anvan l rann li kont de sa ”, kòmsi sa rive l sanzatann, frè ki kalifye espirityèlman pou sa ap eseye “ redrese moun sa a nan yon espri dousè ”. (Galat 6:1 ; Travay 20:28.) Avèk dousè, men toutpandan ansyen yo ap respekte prensip Bondye yo, y ap eseye redrese panse moun nan, menm jan yon doktè ki gen konsiderasyon fè lè l ap mete yon zo ki kase nan plas li avèk swen, yon fason pou l swaye ka a san l pa fè malad la soufri initilman (Kolosyen 3:12). Piske se nan lapriyè e se ann amoni ak Ekriti yo ansyen yo ap pran desizyon pou yo fè mizèrikòd, desizyon sa yo ap reflete pwennvi Bondye sou kesyon an. — Matye 18:18.

20. Si yo te reprimande yon moun, ki lè li ka nesesè pou yo fè yon anons bay kongregasyon an ?

20 Si anpil moun okouran de peche a, oubyen si moun ap vin konn sa, li ka apwopriye pou yo fè yon anons bay kongregasyon an yon fason pou pwoteje repitasyon l. Y ap fè yon anons tou si li nesesè pou yo enfòme kongregasyon an. Pandan tan yon moun ki te resevwa yon reprimann ap reprann li espirityèlman, li tankou yon moun k ap reprann li apre yon blese ki limite aktivite l tanporèman. Pandan yon tan, lè moun ki repanti a nan reyinyon, li ka bon pou l koute sèlman olye pou l fè kòmantè. Ansyen yo ka fè aranjman pou yon moun etidye Labib avè l pou fòtifye l nan domèn li fèb la pou l ka retounen vin “ solid nan lafwa ”. (Tit 2:2.) Se lanmou ki alabaz tout bagay sa yo, se pa pini moun ki fè sa k mal la.

21. Ki jan yo ka trete kèk fot ?

21 Ansyen yo kapab bay èd espirityèl yo divès fason. Pa egzanp, sipoze gen yon frè ki te gen pwoblèm lontan avèk bwason ki gen alkòl, e ki bwè twòp yon fwa oubyen de fwa etan l poukont li lakay li. Oswa yon frè ki te kite fimen lontan, men nan yon moman feblès, li fimen yon fwa oubyen de fwa. Byenke li priye e li kwè Bondye padone l, li ta dwe chèche èd nan men ansyen yo pou yon peche konsa pa tounen yon abitid lakay li. Yon ansyen oswa de ansyen ka trete pwoblèm sa a. Sepandan, ansyen an oubyen ansyen yo ap mete siveyan prezidan an okouran, paske gendwa gen lòt aspè ki merite konsidere.

Kontinye aksepte disiplin Bondye

22, 23. Poukisa ou dwe kontinye aksepte disiplin Bondye ?

22 Pou yon kretyen ka jwenn apwobasyon Jewova, li dwe prete atansyon ak disiplin li bay (1 Timote 5:20). Konsa, aplike tout koreksyon ou resevwa lè w ap etidye Ekriti yo ak piblikasyon biblik yo, oswa lè w tande konsèy yo bay nan reyinyon yo oubyen nan asanble sèvitè Jewova yo òganize. Rete vijilan yon fason pou w ka aji ann amoni ak volonte Jewova. Lè sa a, disiplin Jewova ap ede w bati yon fòtrès espirityèl, yon miray solid k ap pwoteje w kont peche.

23 Lè w aksepte disiplin Bondye bay, sa ap pèmèt ou rete nan lanmou Bondye. Se vre, gen kèk moun yo eskominye nan kongregasyon kretyen an, men sa pap bezwen rive w si w “ prezève kè w ” e si w ‘ mache tankou yon moun ki saj ’. (Pwovèb 4:23 ; Efezyen 5:15.) Toutfwa, si kounye a ou se yon moun ki eskominye, èske li pa ta bon pou w fè efò pou w reyentegre ? Bondye vle pou tout moun ki te vwe tèt yo ba li adore l fidèlman e avèk “ jwa nan kè ” yo (Detewonòm 28:47). Ou kapab fè sa etènèlman si w toujou aksepte disiplin Jewova. — Sòm 100:2.