Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou jwi bèl tè nou an

Annou jwi bèl tè nou an

Annou jwi bèl tè nou an

ASTWONÒM yo remake kote lèzòm abite a reprezante yon ti pwen toupiti nan gwo kokennchenn linivè a ki pa gen limit. Pa gen okenn lòt kote nan linivè yo jwenn gen lavi. Se sèl sou planèt Tè bonjan kondisyon egziste pou gen lavi.

Nonsèlman gen lavi, men nou ka jwi lavi sou bèl glòb sa a. Ala bon sa bon pou w santi chalè solèy la chofe w nan yon jounen ki fè frèt ! Kiyès nan nou k ap ret endiferan devan yon kouche solèy estrawòdinè oswa devan solèy la k ap leve ? Natirèlman, solèy nou an pa emèveye nou senpleman. Li endispansab pou egzistans nou.

Depi plizyè milyon ane, fòs gravitasyon solèy la fè tè a ak lòt planèt yo rete stab nan òbit yo. E, jan yo montre sa lekòl, tout sistèm solè a ap vire etan l ap suiv yon òbit toutotou sant galaksi nou an ki rele Lavwa lakte. Men, nan galaksi nou an, solèy la se youn nan plis pase 100 milya etwal k ap fè menm mouvman sa a ansanm avè l.

Galaksi Lavwa lakte a lye ak yon gwoup galaksi ki gen anviwon 35 galaksi ladan l. Gen pi gwo gwoup toujou ki gen plizyè milye galaksi ladan yo. Petèt sistèm solè nou an pa t ap stab konsa si li te nan yon gwoup galaksi ki pi gwo e ki pi ranpli. Nan yon liv Guillermo Gonzalez ak Jay W. Richards ekri ki rele Planèt privilejye a (anglè), yo fè konnen, jan kondisyon yo ye a, pa gen anpil lòt kote nan linivè “ ki apwopriye pou l resevwa yon fòm lavi ki konplèks menm jan ak fòm lavi pa nou ”.

Èske se yon chans ki fè lavi egziste sou planèt sa a ? Èske se yon pati nan sa yo rele “ big bang ” lan ki pwodui lavi pa aksidan ? Oswa èske gen yon rezon pi pwofon ki fè gen lavi sou tè a, bèl planèt sa a ?

Gen anpil moun ki tire konklizyon sa a : tè a, kote nou rete a, te fèt espesyalman pou gen lavi sou li *. Sa fè plizyè syèk depi gen yon powèt ebre ki te atire atansyon sou tè a e sou syèl la. Men sa l te ekri : “ Lè m wè syèl ou a, travay ou fè ak dwèt ou, lalin ak etwal ou prepare yo, ki sa lòm mòtèl ye ? ” ​(Sòm 8:3, 4). Powèt sa a te kwè fòk gen yon Kreyatè. Èske se yon konklizyon ki rezonab pou epòk syantifik n ap viv ladan l lan ?

[Nòt anba paj]

^ § 7 Gade nan liv Sòm nan, nan Sòm 8 an patikilye.

[Kare/Foto nan paj 3]

Gen yon ansiklopedi ki di : “ De lwen, tè a tankou yon bijou ble k ap klere nan lespas la ki fènwa. ” ​(The Illustrated Science Encyclopedia — Amazing Planet Earth).

[Liy kredi]

Globe: U.S. Fish & Wildlife Service, Washington, D.C./NASA