Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon kado etènèl Kreyatè a ban nou

Yon kado etènèl Kreyatè a ban nou

Yon kado etènèl Kreyatè a ban nou

ÈSKE w pa twouve se yon bagay ki estrawòdinè lefètke divès bagay syantifik yo kwè ki esansyèl pou lavi egziste sou yon planèt yo mansyone yo swa dirèkteman, swa endirèkteman nan premye chapit nan Bib la ? Ki bagay sa yo ?

Pou lavi ka posib, dwe gen anpil dlo, jan sa parèt nan Jenèz 1:2. Tanperati a dwe apwopriye pou dlo ki sou planèt la ka rete sou fòm likid. Sa mande pou planèt sa a nan yon distans ki apwopriye parapò ak solèy li. An plizyè fwa, sa ki rapòte nan liv Jenèz la atire atansyon sou solèy la ak efè li gen sou tè a.

Pou yon planèt ka gen moun sou li, li bezwen gen yon atmosfè ki gen yon melanj gaz byen presi. Aspè esansyèl sa a parèt nan Jenèz 1:6-8. Vejetasyon ki te vin pouse yo, jan nou wè sa nan Jenèz 1:11, 12, kontribye pou fè gen anpil oksijèn ki disponib. Pou moun ak bèt tout kalite ka viv sou yon planèt, sa mande pou gen kontinan ki gen tè ki sèk e ki fètil, jan Jenèz 1:9-12 montre sa. Finalman, pou yon planèt gen yon klima ki modere, aks li dwe panche nan yon ang ki apwopriye, e li dwe rete stab. Pou latè, se fòs gravitasyon lalin nou an ki jwe yon pati nan wòl sa a. Jenèz 1:14, 16 mete aksan sou egzistans satelit sa a e sou kèk nan itilite li genyen.

Ki jan Moyiz, ekriven liv ansyen sa a, te kapab atire atansyon sou tout bagay sa yo, alòske li pa t gen konesans syantifik nou gen kounye a ? Èske se devlope entèlijans Moyiz te pi devlope pase entèlijans moun nan epòk li a ki fè li te konn enpòtans bagay sa yo ? Li klè, se Kreyatè syèl la ak tè a ki te enspire l. Se yon pwen ki vrèman enpòtan, paske sa ki rapòte nan liv Jenèz la egzak sou plan syantifik.

Labib fè konnen gen yon objektif ki dèyè tout mèvèy nou ka wè nan linivè a ki antoure nou. Sòm 115:16 di : “ Kanta syèl la, se pou Jewova syèl la ye, men tè a li bay pitit lòm yo li. ” Gen yon lòt sòm ki fè deklarasyon sa a : “ Li fonde tè a sou andwa fiks li yo. Li pap brannen pou tan endefini, wi pou toutan. ” ​(Sòm 104:5). Si linivè ansanm ak bèl planèt nou an se yon Kreyatè ki fè l, asireman li pa t ap egzajere pou nou kwè Li gen kapasite pou l antretni yo tou. Sa vle di nou ka tann akonplisman pwomès sa a avèk asirans : “ Moun ki jis yo pral posede tè a, e y ap rete sou li pou toutan. ” ​(Sòm 37:29). Nou mèt sèten Bondye “ pa t kreye [tè a] tou senpleman pou granmesi ” men li “ te ba l fòm pou moun abite ”, wi, pou moun ki gen rekonesans e ki rekonèt li kòm Kreyatè abite sou li pou toutan. — Izayi 45:18.

Selon Ekriti yo, Jezi te vin sou tè a pou l ban nou ansèyman sou Bondye e sou objektif li genyen pou l bay limanite ki obeyisan lavi etènèl (Jan 3:16). Nou gen asirans talè konsa Bondye pral “ fini ak moun k ap fin depafini tè a ”. Men, nan tout nasyon, moun ki renmen lapè e ki aksepte dispozisyon li pran pou moun chape ap soti vivan (Revelasyon 7:9, 14 ; 11:18). Ala bèl lavi a pral bèl lè lèzòm pral kontinye dekouvri mèvèy kreyasyon Bondye a, e lè yo pral jwi yo etènèlman ! — Eklezyas 3:11 ; Women 8:21.

[Liy kredi pou foto nan paj 8]

Foto NASA