Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Sa ki anplis la ap kouvri sa ki manke a

Sa ki anplis la ap kouvri sa ki manke a

NAN ane 49 epòk nou an, Pyè, Jak ak Jan ki “sanble [te] pilye kongregasyon an”, te bay apot Pòl ansanm ak Banabas, konpayon travay li a, yon travay pou yo fè. Toutpandan yo t ap preche moun lòt nasyon yo, yo te dwe sonje kretyen ki pòv yo (Gal. 2:9, 10). Ki jan yo te rive fè travay sa a?

Nan lèt Pòl te ekri yo, li te montre jan responsablite sa a te enpòtan pou li. Pa egzanp, gade sa l te ekri kretyen ki te nan kongregasyon Korent yo: “Konsènan lakòlèt k ap fèt pou moun ki sen yo, fè menm jan mwen te mande kongregasyon ki nan Galasi yo fè a. Premye jou nan chak semèn, se pou nou chak mete yon ti bagay apa, selon mwayen nou, dekwa pou se pa lè m vini an n ap fè lakòlèt. Men lè m vini, m ap voye mesye nou di m nou chwazi nan lèt n ap voye pou mwen yo al pote don nou bay ak tout kè nou an Jerizalèm.” — 1 Kor. 16:1-3.

Nan dezyèm lèt Pòl te ekri Korentyen yo anba enfliyans lespri sen an, yon lòt fwa ankò, li te fè konnen pou ki rezon yo te dwe fè lakòlèt. Li te di yo: “Mwen ta renmen pou bagay yo vin egal, pou sa nou gen anplis la ka kouvri pou sa yo manke pou lemoman an.” — 2 Kor. 8:12-15.

Lè Pòl te ekri kretyen ki t ap viv Wòm yo, ozanviwon ane 56 epòk nou an, lakòlèt la te prèske fin fèt. Men sa l te di: “Mwen pral Jerizalèm pou m ede moun ki sen yo. Paske, sila yo ki nan Masedwàn ak nan Akayi yo te kontan fè yon don pou yo pataje sa yo genyen ak moun ki sen ki pòv nan Jerizalèm yo.” ​(Wom. 15:25, 26). Pòl te fin fè travay sa a yon ti tan apre l te fin ekri lèt la, paske, apre l te fin retounen Jerizalèm e yo te arete l, li te di Feliks, gouvènè women an: “Mwen te vin pote yon don pou moun nan nasyon m naqan, e mwen te vin fè ofrann bay Bondye.” — Tra. 24:17.

Etadespri sa a kretyen ki t ap viv nan premye syèk yo te genyen an te parèt byen klè nan sa Pòl te di konsènan kretyen Masedwàn yo. Li te fè konnen yo “t ap plede mande nou pou yo jwenn privilèj pou yo bay ak tout kè yo”. Apot Pòl te ankouraje kretyen Korent yo pou suiv egzanp kretyen Masedwàn yo. Li te di: “Se pou chak moun fè jan l te deside nan kè l la, san l pa regrèt, san yo pa fòse l, paske Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan.” Ki sa k te pouse frè ak sè yo nan premye syèk la pou yo renmen bay konsa? Se ‘pa t pou bay moun ki sen yo tout sa yo bezwen sèlman’ ki fè yo te fè sa, men tou, yo te vle “bay anpil moun yon gwo rezon pou yo di Bondye mèsi”. (2 Kor. 8:4; 9:7, 12.) L ap bon pou nou gen menm objektif sa a lè n ap fè ofrann. Se sèten, Jewova Dye ap beni bon etadespri ki pa egoyis nou demontre. Dayè, se benediksyon Jewova ki fè yon moun rich. — Pwo. 10:22.

FASON KÈK MOUN CHWAZI BAY OFRANN POU TRAVAY MONDYAL LA

Menm jan sa te konn fèt nan epòk apot Pòl la, jodi a anpil moun konn “mete yon ti bagay apa”, oswa yo konn sere yon ti kòb pou yo mete nan bwat ki make “ofrann pou travay mondyal la” ki nan kongregasyon yo (1 Kor. 16:2). Chak mwa, kongregasyon yo voye ofrann sa yo nan biwo Temwen Jewova ki nan peyi kote yo ye a. Li posib tou pou nou voye ofrann nou yo dirèkteman bay yon asosyasyon Temwen Jewova yo konn itilize nan peyi kote nou ye a. Pou nou ka konn non prensipal asosyasyon Temwen Jewova ki nan peyi kote nou ye a konn itilize, tanpri, kontakte biwo filyal ki nan peyi a. Nou ka jwenn adrès biwo filyal la sou sit Entènèt www.ps8318.com la. Men kèk ofrann nou ka fè dirèkteman:

OFRANN NOU KA FÈ DIRÈKTEMAN

  • Nou ka bay kòb, bijou oswa lòt bagay nou genyen ki gen valè.

  • Lè n ap fè sa, ekri yon lèt pou fè konnen kòb la oswa lòt bagay n ap bay yo se yon ofrann n ap fè dirèkteman.

ARANJMAN POU OFRANN AVÈK KONDISYON

  • Nou ka bay asosyasyon an kenbe lajan pou nou akondisyon pou l remèt nou li lè nou bezwen l.

  • Lè n ap fè sa, ekri yon lèt pou fè konnen n ap fè yon ofrann avèk kondisyon.

PLANIFIKASYON POU NOU FÈ OFRANN

Anplis lajan ak bagay ki gen valè nou kapab bay kòm ofrann, gen lòt fason ankò nou ka fè ofrann k ap pèmèt travay Wayòm nan k ap fèt sou tout tè a kontinye avanse. N ap jwenn lòt fason sa yo nan lis ki pi ba a. Kèlkeswa fason nou ta renmen fè ofrann nan, tanpri kontakte biwo filyal ki nan peyi nou an anvan pou n ka konnen ki metòd nou ka itilize. Etandone lwa yo ak taks yo konn chanje, li enpòtan pou n pran kontak ak moun ki byen konnen lwa peyi a ak kantite taks leta mande anvan nou chwazi pi bon fason pou n fè yon ofrann.

Asirans: Yon asosyasyon Temwen Jewova yo itilize kapab benefisye yon asirans vi oswa yon pansyon.

Kont an bank: Yon moun ki gen yon kont an bank, yon depo a tèm oswa yon kont retrèt ka fè aranjman pou yon asosyasyon Temwen Jewova yo resevwa kòb sa a lè l mouri, selon sa bank kote moun nan gen kòb la egzije.

Aksyon ak bon: Nou ka fè yon asosyasyon Temwen Jewova yo kado aksyon ak bon dirèkteman, oswa nou ka fè aranjman pou asosyasyon sa a benefisye yo lè nou mouri.

Byen imobilye: Si nou gen byen imobilye, tè oswa kay ki ka vann, nou ka fè yon asosyasyon Temwen Jewova yo kado l. Si se yon mezon rezidansyèl, nou ka fè kado l toutpandan nou kontinye rete ladan l pandan tout vi nou.

Anuite: Yon moun ka transfere lajan li genyen sou non youn nan asosyasyon Temwen Jewova yo. Li ka fè sa tou pou pyès li genyen ki montre li gen lajan an depo nan yon òganizasyon. Anretou, moun ki fè ofrann nan oswa yon lòt moun li chwazi ap resevwa yon montan byen presi chak ane pandan tout vi l. Nan ane moun nan fè aranjman sa a, li posib pou yo diminye enpo li peye sou revni l.

Testaman ak lajan oswa byen yon moun genyen li bay lòt moun jere pou li: Yon moun ka fè yon testaman legal yon fason pou lè l mouri youn nan asosyasyon Temwen Jewova yo kapab resevwa byen oswa lajan li te genyen, oswa li ka fè bonjan aranjman pou youn nan asosyasyon Temwen Jewova yo resevwa lajan sa a oswa byen sa a lè l mouri. Aranjman sa a ka fè moun ki fè l la jwenn kèk avantaj lè l ap peye taks.

Jan ekspresyon “planifikasyon pou fè ofrann” nan montre sa, lè yon moun ap fè ofrann fason sa yo, li oblije planifye pou sa. Gen yon ti liv ki disponib ann anglè ak ann espayòl ki la pou ede moun ki ta renmen fè ofrann nan fason sa yo pou ede Temwen Jewova yo nan travay mondyal la. Men tit li ann anglè: Charitable Planning to Benefit Kingdom Service Worldwide. Yo te ekri ti liv sa a nan objektif pou bay enfòmasyon sou diferan fason yon moun ka bay òganizasyon an ofrann kounye a oswa pi devan ak sou fason li ka planifye sa si l ta mouri. Nou gendwa pa ka aplike enfòmasyon nou jwenn nan ti liv sa a nan tout sitiyasyon akoz taks oswa lòt lwa ki gen nan peyi kote nou ye a. Men, apre n fin li ti liv sa a, nou dwe pale ak moun nou genyen k ap konseye nou sou zafè lalwa ak taks. Gen anpil moun ki vin ap ede òganizasyon an nan travay predikasyon an ak nan travay imanitè l ap fè sou tout tè a paske yo itilize metòd sa yo pou yo fè ofrann. Moun sa yo jwenn anpil avantaj lè y ap peye taks. Si ti liv sa a disponib nan peyi kote n ye a, nou kapab jwenn yon kopi nan men sekretè kongregasyon ki nan zòn kote n ye a.

Si nou bezwen plis enfòmasyon, nou ka ekri biwo yo rele Charitable Planning Office la nan adrès ki pi ba a, oswa nou ka kontakte l nan telefòn. Nou ka kontakte biwo filyal ki nan peyi kote nou ye a tou.