Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Se pou youn padone lòt ak tout kè l

Se pou youn padone lòt ak tout kè l

“Se pou youn kontinye sipòte lòt e se pou youn kontinye padone lòt ak tout kè [l].” — KOL. 3:13.

1, 2. Poukisa li enpòtan pou nou konnen si nou dispoze padone?

PAWÒL JEWOVA te fè ekri a ede nou konprann pwennvi Jewova genyen sou peche e kòman li reyaji lè yon moun fè peche. Pawòl sa a aprann nou tou anpil bagay konsènan padon. Nan atik nou te etidye anvan an, nou te wè jan fason David ak Manase te reyaji a montre jan Jewova konn padone. Lefètke yo te regrèt ak tout kè yo sa yo te fè a, sa te pouse yo konfese peche yo, yo te vire do bay move aksyon yo te fè yo e yo te repanti toutbon. Kòm rekonpans, Jewova te fè yo rejwenn favè l ankò.

2 Kounye a, annou wè bagay yo yon lòt jan. Ki jan w t ap reyaji si w ta gen yon moun nan fanmi w pami moun Manase te touye yo? Èske w t ap padone l? Kesyon sa a mande pou nou reflechi sou li paske jodi a n ap viv nan yon monn ki san lwa, ki vyolan, kote moun yo wè tèt yo sèlman. Donk, poukisa yon kretyen dwe aprann padone? Ki sa k kapab ede w kontwole santiman w, pou w aji jan Jewova vle w aji a epi pou w padone ak tout kè w, si w ta sibi enjistis oswa yo ta ofanse w?

REZON KI FÈ NOU DWE PADONE

3-5. a) Ki egzanp Jezi te pran pou l ede moun ki t ap koute l yo wè enpòtans pou yo aprann padone? b) Ki leson nou aprann nan egzanp Jezi te pran nou jwenn nan Matye 18:21-35 la?

3 Pou nou ka kontinye gen bon relasyon ak fanmi nou, zanmi nou, lòt moun epi Jewova, li enpòtan anpil pou nou padone moun ki ofanse nou ak tout kè nou, kit moun sa yo fè pati kongregasyon an kit yo pa fè pati kongregasyon an. Ekriti yo fè konnen kretyen yo gen obligasyon pou yo padone lòt moun ak tout kè yo kèlkeswa kantite fwa yo ta ofanse yo. Jezi te sèvi ak egzanp yon esklav ki te dwe yon pakèt lajan pou l montre jan sa enpòtan pou nou padone.

4 Esklav sa a te dwe mèt li yon kantite lajan ki vo 60 000 000 jou travay. Sepandan, mèt la te anile dèt sa a. Apre esklav la fin kite mèt la, li rankontre yon lòt esklav ki te dwe l yon kantite lajan ki vo sèlman 100 jou travay. Lòt esklav la te sipliye l pou l pran yon ti pasyans pou li, men, esklav yo te anile gwo dèt pou li a te fè mete l nan prizon. Fason l te aji a te fè mèt la fache anpil. Se sa k fè, mèt la te mande l: “Èske ou menm tou, ou pa t dwe gen pitye pou esklav parèy ou a, menm jan mwen menm, mwen te gen pitye pou ou a?” Epi, “menm moman an, mèt la vin an kòlè, li lage [esklav ki pa vle padone a] nan men gadyen prizon yo, jiskaske l fin peye tout sa l dwe a”. — Mat. 18:21-34.

Ki sa Jezi te vle montre nan egzanp li te pran an?

5 Ki sa Jezi te vle montre lè l te pran egzanp sa a? Men sa l te di: “Se konsa Papa m ki nan syèl la ap aji avèk nou tou, si nou chak nou pa padone frè nou ak tout kè nou.” ​(Mat. 18:35). Leson ki nan egzanp Jezi a byen klè. Antanke moun ki enpafè, kantite peche nou fè pandan tout vi nou montre aklè nou pap janm ka rive konfòme nou ak prensip Jewova yo. Malgre sa, Jewova toujou dispoze padone nou, se kòmsi l te pran yon eponj epi li efase peche nou yo. Pou rezon sa a, nenpòt moun ki vle vin zanmi Jewova oblije padone fot lòt moun. Paske, jan Jezi te di sa nan Sèmon sou montay la: “Si nou padone moun lè yo peche kont nou, Papa nou ki nan syèl la ap padone nou tou. Men, si nou pa padone moun lè yo peche kont nou, Papa nou pap padone nou tou lè nou peche.” — Mat. 6:14, 15.

6. Ki sa k fè li pa toujou fasil pou nou padone?

6 Ou gendwa ap di tèt ou: ‘Aa! Tout sa se bèl pawòl, paske, di yon bagay se youn men fè l la se yon lòt!’ Rezon an, se paske, byen souvan, lè yon moun ofanse nou li touche santiman nou. Yon moun yo ofanse kapab vin an kòlè, li kapab santi yo trayi l, li kapab vle jwenn jistis oswa menm chèche tire revanj. Anfèt, gen kèk moun ki menm santi yo pap janm rive padone yon moun ki ofanse yo. Si w nan yon sitiyasyon konsa, kòman w kapab aprann padone jan Jewova mande sa?

EGZAMINE SANTIMAN W

7, 8. Ki sa k kapab ede nou padone si nou ta vin fache paske yon moun te ofanse nou?

7 Lè yon moun ofanse nou oswa nou panse yo ofanse nou, sa kapab fè nou mal reyaji. Annou wè fason yon jèn gason, yo pale de li nan yon etid yo te fè sou moun ki an kòlè, te reyaji. Men sa jèn gason sa a te di: “Yon lè [...] mwen te kite kay la tou fache epi m te sèmante mwen pa t ap janm tounen ladan l ankò. Se te yon bèl jounen solèy pandan sezon ete, e m te mache rive byen lwen sou yon bann bèl ti wout jiskaske tikras pa tikras bèl ti zòn sa a ki te kalm te vin fè m santi m byen. Apre kèk èdtan, mwen te vin regrèt fason m te reyaji a e m te santi m pa an kòlè ankò.” Jan eksperyans sa a montre sa, lè nou pran tan pou nou kalme nou epi nou pa kite sitiyasyon an gen twòp efè sou nou, sa kapab ede nou pou nou pa aji tankou moun ki pa renmen padone e ki vin regrèt annapre. — Sòm 4:4; Pwo. 14:29; Jak 1:19, 20.

8 Ki sa w ka fè si w ta remake santiman negatif yo toujou la? Chèche wè ki sa k fè w konsa. Èske se paske yo te fè w abi, petèt yo pa t gen konsiderasyon pou ou? Oswa, èske se paske w santi lòt moun nan fè espre pou l fè w fache? Èske se toutbon sa l fè w la vrèman mal? Lè w chèche konprann rezon ki fè w reyaji konsa, sa ap ede w wè ki fason li t ap pi bon pou w reyaji e ki sa Ekriti yo di sou sa. (Li Pwovèb 15:28; 17:27.) Yon rezònman konsa kapab ede w pou w pa kite santiman w mennen w epi pou w dispoze padone. Se vre sa gendwa difisil, men, si w aji konsa w ap pèmèt Pawòl Bondye a egzamine “panse ak entansyon ki nan kè [w]” epi kite l gide w pou w imite padon Jewova. — Ebre 4:12.

ÈSKE W TA DWE KOURI FACHE?

9, 10. a) Ki jan w gendwa reyaji si w ta santi yo ofanse w? b) Kòman lè nou gen yon atitid pozitif epi nou dispoze padone, sa ka chanje fason nou wè bagay yo?

9 Gen anpil sitiyasyon nan lavi a ki kapab fè nou mal reyaji. Pa egzanp, ann sipoze pandan w ap kondui machin ou, yon lòt machin ta prèske frape pa w la. Ki jan w t ap reyaji? Gen yon atik ki pale sou moun k ap fè kòlè pandan y ap kondui ki te montre kòman yon chofè te tèlman vin fache li te mare goumen ak yon lòt chofè. Sepandan, antanke kretyen, se sèten nou pa t ap janm renmen fè yon bagay konsa.

10 Li t ap pi bon lontan pou w pran yon ti tan pou w analize sitiyasyon an. Petèt, nan yon sans, ou menm tou ou antò paske w te distrè nan kèk lòt bagay. Oswa machin lòt chofè a gendwa te gen ti pwoblèm. Egzanp sa a aprann nou si nou chèche konprann lòt moun, nou chèche pi byen konprann sitiyasyon an epi nou dispoze padone, n ap fè mwens kòlè akoz desepsyon oswa santiman negatif. Men sa nou li nan Eklezyas 7:9: “Pa fè kòlè fasil paske se moun sòt ki renmen fache.” Pa kouri fache pou yon bagay yo fè w. Nan anpil ka, nou gendwa panse se espre yon moun fè pou l ofanse nou alòske se pa t sa ditou. Se kapab akoz enpèfeksyon moun nan oswa paske nou pa fin byen konprann sitiyasyon an. Si yon moun di w oswa fè w yon bagay ki sanble pa fin anfòm, eseye konprann li epi, avèk amou, dispoze padone. Si w rive fè sa, w ap jwenn plis jwa. — Li 1 Pyè 4:8.

‘SE POU LAPÈ W LA TOUNEN VIN JWENN OU’

11. Antanke pwoklamatè Wayòm nan, ki sa n ta dwe fè si moun yo mal reyaji?

11 Ki sa w ka fè pou w pa pèdi metriz ou si yon moun ta reponn ou mal pandan w nan travay predikasyon an? Lè Jezi t ap voye 70 disip li yo preche, li te di yo nan chak kay yo pase pou yo swete moun ki nan kay la lapè. Men sa l te ajoute: “Si pa gen moun nan kay la ki renmen lapè, lapè nou an ap tounen vin jwenn nou. Men si genyen, lapè nou swete a ap rete sou li.” ​(Lik 10:1, 5, 6). Nou kontan lè moun yo byen reyaji devan mesaj n ap preche a paske yo kapab jwenn byenfè grasa li. Sepandan, byen souvan, fason moun yo reyaji a pa gen anyen pou l wè ak lapè. Ki sa n ka fè nan ka sa a? Jezi te di se pou lapè nou swete kay la retounen vin jwenn nou. Sa vle di, kèlkeswa fason moun yo ta trete nou, nou dwe santi n anpè apre nou fin kite chak pòt. Nou pap janm ka santi n anpè si n ap plede fache pou ti krik ti krak!

12. Dapre Efezyen 4:31,32, ki jan nou ta dwe reyaji?

12 Se pa sèlman lè n al preche nou dwe fè efò pou n kenbe lapè nou an, men, nou dwe fè sa nan tout sitiyasyon. Padone pa vle di pou n dakò ak move konduit yon moun oswa pou n pa pran sa yo fè n yo pou anyen. Okontrè, padone vle di pa kenbe okenn rankin nan kè n pou kèk bagay mal yo te fè n epi rete anpè. Gen kèk moun ki kite konduit lòt moun fè yo pèdi jwa yo lefètke yo plede ap panse ak bagay mal yo te sibi epi yo fikse lespri yo sou move tretman yo te jwenn. Pa kite santiman negatif yo kontwole w. Toujou sonje ou pap janm ka santi w kontan si w gen rankin nan kè w. Pou rezon sa a, padone! — Li Efezyen 4:31, 32.

AJI YON FASON KI FÈ JEWOVA PLEZI

13. a) Nan ki sans yon kretyen ka anpile “chabon ki byen limen” sou tèt yon ènmi l? b) Ki efè yon repons ki dous ka genyen?

13 Pafwa, nou kapab santi nou ka ede yon moun ki te fè n ditò vin apresye prensip kretyen yo. Men sa apot Pòl te ekri: “Si ènmi w grangou, ba l manje, si l swaf, ba l yon bagay pou l bwè. Paske lè w fè sa, se anpile w ap anpile chabon ki byen limen sou tèt li. Pa kite mal la venk ou, men kontinye venk mal la avèk byen.” ​(Wom. 12:20, 21). Lè w rete kalm devan moun k ap pwovoke w, ou kapab rive chanje menm moun ki reyaji pi mal la epi fè sa k bon lakay li parèt. Lè w montre w konprann moun ki ofanse w la, ou chèche konprann pwoblèm li epi w montre w gen konpasyon pou li, ou ka ede l aprann verite ki nan Bib la. Kèlkeswa sitiyasyon an, yon repons ki dous ap bay moun nan posiblite pou l reflechi sou bèl konduit ou genyen an. — 1 Pyè 2:12; 3:16.

14. Kèlkeswa sa yon moun te fè n ki mal, poukisa nou pa dwe gen rankin nan kè n?

14 Gen kèk sikonstans kote li pa bon ditou pou nou nan zanmitay ak kèk moun. Pami moun sa yo, gen ladan yo ki te fè pati kongregasyon an men ki vin fè peche, ki pa repanti e konsa yo eskominye yo. Si yon moun konsa ta blese w, li gendwa difisil anpil pou w padone l menmsi l ta repanti, piske sa l te fè w la ka pran tan pou l geri. Nan sitiyasyon sa yo, ou ka kontinye mande Jewova pou l ede w padone moun ki repanti a. Anplis de sa, ki jan w fè konnen ki sa ki nan kè lòt moun? Jewova, li menm, li konnen. Li egzamine panse ki nan kè chak moun epi li aji avèk pasyans anvè moun ki peche yo (Sòm 7:9; Pwo. 17:3). Se sa k fè Ekriti yo di: “Pa rann pèsonn mal pou mal. Chèche fè sa ki byen nan je tout moun. Si posib, depi sa depann de nou, se pou nou anpè ak tout moun. Pa vanje tèt nou, byenneme, men kite kòlè Bondye aji, paske men sa ki ekri: ‘Vanjans se pou mwen. Se mwen k ap fè yo peye pou sa yo fè, se sa Jewova di.’” ​(Wom. 12:17-19). Èske w gen dwa jije yon lòt moun? Non (Mat. 7:1, 2). Men, ou kapab gen konfyans Bondye ap fè w jwenn jistis.

15. Ki bagay lè nou konnen l k ap gen yon efè sou fason nou aji anvè moun ki te ofanse nou?

15 Si w santi yon moun te fè w enjistis e w wè li difisil pou w padone moun sa a menm lè l repanti, l ap bon pou w konnen moun nan viktim tou. Li menm tou l ap soufri akoz enpèfeksyon nou eritye a (Wom. 3:23). Jewova demontre konpasyon anvè tout moun ki enpafè. Pou rezon sa a, li bon pou nou priye pou moun ki ofanse nou yo. L ap difisil pou n ap priye pou yon moun epi pou n kontinye fache kont li. Epi, rezon k fè nou pa dwe kontinye gen rankin nan kè n pou yon moun ki te mal aji avè n parèt byen klè nan pawòl sa yo Jezi te di: “Kontinye renmen ènmi nou, e kontinye priye pou moun k ap pèsekite nou.” — Mat. 5:44.

16, 17. Ki jan nou dwe reyaji lè ansyen nan kongregasyon an konsidere yon moun ki te peche kòm yon moun ki repanti, e poukisa?

16 Ann amoni ak volonte Jewova, ansyen yo gen responsablite pou yo jere sitiyasyon kote yon moun fè peche nan kongregasyon an. Frè sa yo pa gen tout detay Bondye genyen sou moun ki fè peche yo, men, yo gen objektif pou yo pran desizyon ki ann amoni ak direksyon Bondye bay nan Pawòl li te fè ekri anba enfliyans lespri sen an. Konsa, apre yo fin chèche èd Jewova nan lapriyè, yo pran desizyon ki ale nan menm sans ak fason Jewova wè bagay yo. — Mat. 18:18.

Yon kretyen gen obligasyon pou l padone.

17 Nan yon sitiyasyon konsa, nou bezwen montre nou fidèl anvè Jewova. Èske w ap padone moun ki montre yo repanti toutbon yo, èske w ap kontinye renmen yo (2 Kor. 2:5-8)? Li gendwa pa fasil pou w fè sa sitou si se ou menm oswa yon moun pa w yo te fè yon bagay mal. Sepandan, lè w mete konfyans ou nan Jewova e w mete konfyans ou nan fason li regle bagay yo nan kongregasyon an, w ap kapab aji avèk sajès. Konsa, w ap montre toutbonvre ou vle padone ak tout kè w. — Pwo. 3:5, 6.

18. Ki byenfè w kapab jwenn si w aprann padone ak tout kè w?

18 Moun ki espesyalis nan pwoblèm mantal yo rekonèt lè yon moun dispoze padone, li jwenn byenfè. Li libere nou anba move santiman ki kapab lakòz nou gen pwoblèm sante epi li pèmèt nou gen pi bon relasyon ak lòt moun, yon relasyon ki bay anpil kè kontan. Yon lòt bò, moun ki pa dispoze padone yo soufri anpil akoz pwoblèm sante, akoz relasyon yo ak lòt moun ki kraze, akoz strès epi yo difisil pou yo pale ak lòt moun. Men, rezon ki pi enpòtan ki fè nou dwe dispoze padone a se paske sa pèmèt nou gen yon bon relasyon ak Jewova, Papa nou ki nan syèl la. — Li Kolosyen 3:12-14.