Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Piske n “vin aprann konnen Bondye”, ki sa n dwe fè kounye a?

Piske n “vin aprann konnen Bondye”, ki sa n dwe fè kounye a?

“Nou vin aprann konnen Bondye.” — GAL. 4:9.

1. Poukisa yon avyatè gen yon lis bagay pou l tcheke anvan avyon an vole?

AVYATÈ ki kondui youn nan pi gwo avyon lèzòm rive konstwi yo gen yon lis ki gen plis pase 30 bagay yo dwe tcheke nan avyon an anvan l vole. Si yo pa byen tcheke tout ti bagay ki gen nan lis la chak fwa avyon an pral vole, yo gen pi plis chans pou yo ta fè yon gwo aksidan. Èske w konnen ki kalite avyatè yo ankouraje pou fin tcheke tout lis la chak fwa? Se sitou sa ki gen anpil eksperyans yo! Avyatè sa yo ka kwè fasilman nan eksperyans yo, konsa, yo ka pa byen tcheke tout ti detay ki nan lis la anvan avyon an vole.

2. Ki lis kretyen yo dwe tcheke?

2 Menm jan ak yon avyatè ki gen sousi pou sekirite l, nou ka sèvi ak yon lis tou pou n verifye si lafwa n pap febli nan moman nou plis bezwen l lan. Kit ou fèk batize, kit ou gen plizyè ane depi w ap sèvi Bondye, li enpòtan pou w tcheke lafwa w ak atachman w gen pou Jewova Dye regilyèman pou w wè nan ki pwen yo ye. Si w pa fè tchèk sa a regilyèman avèk dilijans, sa ka fè w vin pèdi relasyon w gen ak Jewova. Bib la ban nou avètisman sa a: “Se pou moun ki panse li kanpe a fè atansyon pou l pa tonbe.” — 1 Kor. 10:12.

3. Ki sa kretyen ki t ap viv Galasi yo te bezwen fè?

3 Kretyen ki t ap viv Galasi yo te dwe tcheke nan ki pwen lafwa yo te ye e yo te dwe apresye libète espirityèl yo a. Grasa sakrifis Jezi a, Jezi te ouvri chemen pou moun ki egzèse lafwa nan li yo vin aprann konnen Bondye yon fason ki vrèman estrawòdinè, sa vle di yo te ka vin pitit Bondye (Gal. 4:9)! Pou kretyen Galat yo te ka kenbe relasyon sa a ki t ap pote gwo benediksyon pou yo, yo te dwe rejte ansèyman moun ki te rete kole ak relijyon juif la, yon seri moun ki te egzije yo pou yo obsève Lwa Jewova te bay pa mwayen Moyiz la. Rezon an sèke moun  lòt nasyon ki pa t sikonsi, ki te nan kongregasyon yo, pa t janm sou Lalwa. Ni Juif yo ni moun lòt nasyon yo te bezwen fè pwogrè nan domèn espirityèl. Sa vle di, yo te dwe rekonèt yo pa t ap ka jwenn jistis grasa dispozisyon ki nan Lwa Moyiz la.

KÈK ETAP YON MOUN DWE SUIV POU L KONN BONDYE

4, 5. Ki konsèy Pòl te bay kretyen Galat yo, e poukisa konsèy sa a enpòtan pou nou?

4 Bondye te fè ekri konsèy apot Pòl te bay kretyen Galat yo nan objektif pou l anpeche vrè kretyen k ap viv nan kèlkeswa epòk la vire do bay verite ki nan Bib la, yon verite ki rich anpil, e pou yo pa retounen nan bagay yo kite dèyè yo. Jewova te enspire apot la pou l ankouraje nonsèlman kretyen ki te nan kongregasyon Galat la pou yo rete fidèl, men tou, tout adoratè l yo.

5 Nou tout bezwen sonje fason nou te libere anba esklavaj espirityèl pou nou te vin Temwen Jewova. Pou n rive fè sa, ann konsidere de kesyon sa yo: Èske w sonje ki etap ou te franchi pou w te kalifye antanke yon kandida pou batèm? Èske w sonje fason ou te vin aprann konnen Bondye ak fason Bondye te vin konnen w, e konsa, ou te vin benefisye lajwa vrè libète espirityèl la bay la?

6. Ki lis bagay pou n tcheke nou pral konsidere kounye a?

6 Anfèt, nou tout te franchi nèf etap. Etap sa yo, ki menm jan ak yon lis bagay pou n tcheke nan domèn espirityèl, parèt nan kare ki gen tit:  “Etap ki mennen nan batèm e k ap ede w kontinye pwogrese.” Lè n toujou sonje nèf etap sa yo, sa ap ban nou fòs pou nou reziste ak anvi pou n ta retounen nan bagay ki nan monn nan. Menm jan yon avyatè ki gen eksperyans e ki pridan kontinye kondui yon avyon an sekirite paske l te tcheke lis li a anvan avyon an vole, ou menm tou w ap jwenn èd pou w kontinye sèvi Jewova fidèlman lè w tcheke lis espirityèl ou a.

MOUN BONDYE KONNEN YO KONTINYE PWOGRESE NAN DOMÈN ESPIRITYÈL

7. Ki modèl nou dwe suiv, e poukisa?

7 Lis bagay avyatè a gen pou l tcheke a fè l sonje gen yon seri bagay li dwe byen suiv chak fwa, anvan avyon an vole. Nou menm tou, chak jou nou kapab tcheke oswa egzamine tèt nou ansanm ak yon seri bagay n ap suiv depi lè n fin batize. Men sa Pòl te ekri Timote: “Kontinye kenbe modèl pawòl ki pwofitab ou te tande m di w yo. Fè sa ak lafwa ak lanmou ki nan Kris Jezi.” (2 Tim. 1:13). Nou jwenn “pawòl ki pwofitab” sa yo nan Pawòl Bondye a (1 Tim. 6:3). Menm jan ak yon atis ki fè yon premye desen pou l montre jan yon tablo pral soti, “modèl pawòl ki pwofitab” yo ban nou yon ide jeneral pou n rive konprann epi suiv sa Jewova mande nou fè. Kounye a, ann egzamine diferan etap ki te mennen nou nan batèm pou n wè jis nan ki pwen nou konfòme n ak modèl pawòl ki pwofitab yo.

8, 9. a) Poukisa nou dwe kontinye grandi nan lafwa ak nan konesans? b) Bay yon egzanp ki montre enpòtans sa genyen pou yon kretyen pwogrese nan domèn espirityèl ak rezon ki fè li dwe kontinye pwogrese.

8 Premye bagay nou dwe tcheke nan lis la se chèche gen konesans. Konsa, n ap ka vin gen lafwa. Men, nou dwe kontinye pwogrese nan toule de domèn sa yo (2 Tes. 1:3). Fè pwogrè gen ladan l fè yon seri chanjman ofiramezi. Mo “pwogrese” a vle di ogmante, elaji. Se sa k fè, apre batèm nou, nou dwe kontinye amelyore relasyon n gen ak Bondye yon fason pou n pa frennen nan pwogrè n ap fè.

Yon pyebwa kontinye grandi. Kretyen yo dwe konsa tou.

9 Nou kapab konpare pwogrè nou fè nan domèn espirityèl ak fason yon pyebwa grandi. Yon pyebwa kapab grandi jiskaske l rive yon gwosè estrawòdinè, sitou si l gen rasin ki fon oswa ki anpil. Pa egzanp, gen kèk gwo pyebwa ki rele sèd liban ki kapab rive menm wotè ak yon bilding ki gen 12 etaj. Yo gen gwo rasin ki antre byen fon nan tè a, epi gwosè yo ka mezire plis pase  12 mèt (Chan 5:15). Lè pyebwa a fèk ap pouse, li grandi yon sèl kou epi li sispann. Sepandan, li kontinye grandi kanmenm, men, yon fason moun pa twò remake. Chak ane, kò pyebwa a vin pi gwo, e rasin li antre pi fon nan tè a jiskaske pyebwa a vin pi djanm. Nou ka di menm bagay la tou konsènan pwogrè yon kretyen fè nan domèn espirityèl. Lè n kòmanse etidye Labib, nou ka fè pwogrè byen vit nan domèn espirityèl, epi, annapre nou batize. Moun nan kongregasyon an kontan wè pwogrè nou. Nou gendwa menm vin kalifye pou n sèvi antanke pyonye oswa pou n resevwa lòt privilèj. Anmezi ane ap pase, moun gendwa pa tèlman remake pwogrè espirityèl nou kontinye fè yo. Sepandan, nou toujou bezwen grandi nan lafwa ak nan konesans, yon fason “pou nou fin grandi nèt, jis nou rive nan nivo Kris ye a, pou nou vin konplè, menm jan avè l”. (Efe. 4:13.) Konsa, nan yon sans, n ap pwogrese pou nou vin yon kretyen ki gen matirite menm jan ak yon ti plant k ap grandi pou l vin yon pyebwa ki solid e ki byen devlope.

10. Poukisa li nesesè pou kretyen ki gen matirite yo kontinye pwogrese?

10 Sepandan, pwogrè nou pa dwe rete la. Nou bezwen ogmante konesans nou e lafwa nou dwe vin pi djanm. Konsa, n ap vin pi anrasinen nan tè Pawòl Bondye a (Pwo. 12:3). Gen anpil frè ak sè ki fè sa nan kongregasyon an. Pa egzanp, gen yon frè ki te sèvi kòm ansyen pandan plis pase 30 an ki te remake li te toujou ap pwogrese nan domèn espirityèl. Men sa l di: “Mwen te vin apresye Bib la plis toujou. Se toutan m ap chèche okazyon pou m aplike prensip ansanm ak lwa ki nan Bib la nan plizyè fason. Mwen te vin apresye travay predikasyon an plis toujou.”

AMELYORE RELASYON W AK BONDYE

11. Ki jan nou ka rive konnen Jewova pi byen?

11 Fè pwogrè mande pou nou pwoche pi pre Jewova antanke zanmi nou e Papa nou tou. Jewova vle nou santi nou gen apwobasyon l. Li vle nou santi li renmen nou e nou an sekirite menm jan yon timoun santi l lè l ak paran l ki gen sousi pou li oswa menm jan nou santi nou lè n ak yon bon zanmi ki fidèl. Jan n ka remake sa, se pa yon sèl jou n ap rive gen yon relasyon entim konsa ak Jewova. Sa pran tan pou nou rive konnen l e pou nou renmen l. Kidonk, lè n ap aprann konnen pèsonalite Jewova pi byen, se pou nou detèmine pou nou rezève tan pou nou li Pawòl li a chak jou. Nou dwe li Toudegad ak Réveillez-vous! yo tou ansanm ak lòt piblikasyon ki baze sou Bib la.

12. Ki sa k nesesè pou n fè pou Jewova konnen nou?

12 Moun ki zanmi Bondye yo pwogrese nan domèn espirityèl grasa priyè yo fè  ak tout kè yo e grasa bon zanmi yo genyen. (Li Malaki 3:16.) Jewova “ap koute siplikasyon yo fè”. (1 Pyè 3:12.) Tankou yon papa ki renmen pitit li, Jewova koute nou avèk anpil atansyon lè nou rele l pou n mande l sekou. Se sa k fè, nou dwe “pèsevere nan lapriyè”. (Wom. 12:12.) Nou pap ka kontinye byen grandi antanke kretyen si Bondye pa ede nou. Presyon ki gen nan monn sa a twò fò pou n reziste anba yo e pou n rive fè fas ak yo poukont nou. Si nou sispann pèsevere nan lapriyè, n ap koupe kontak ak sous fòs Bondye dispoze ban nou e l kapab ban nou an. Èske w satisfè ak kalite priyè w fè yo oswa èske w wè l nesesè pou w fè plis pwogrè nan domèn sa a? — Jer. 16:19.

13. Pou nou pwogrese nan domèn espirityèl, poukisa li enpòtan pou n asiste reyinyon ak kretyen parèy nou yo?

13 Jewova pran plezi nan tout moun “k ap chèche refij nan li yo”. Se sa k fè, menm lè nou fin aprann konnen Bondye, nou bezwen kontinye asiste reyinyon ak lòt moun ki konnen l yo (Naw. 1:7, NW). Nan monn sa a ki chaje ak bagay ki ka dekouraje nou, li saj pou nou pase tan ak frè ak sè nou yo ki ankourajan. Ki byenfè n ap jwenn? N ap jwenn moun nan kongregasyon an k ap pouse nou gen ‘lanmou youn pou lòt e pou nou fè bèl aksyon’. (Ebre 10:24, 25.) Pou kretyen Ebre yo te gen lanmou youn pou lòt Pòl t ap pale a, yo te dwe fòme yon fanmi, yon kominote moun k ap adore Bondye nan menm panse, sa vle di yon kongregasyon. Pou nou demontre yon lanmou konsa, sa mande pou nou frekante frè ak sè nou yo. Kidonk, asiste reyinyon yo regilyèman ak fè kòmantè fè pati lis bagay nou dwe tcheke yo.

14. Poukisa nou dwe kontinye repanti epi kase tèt tounen devan peche?

14 Pou nou te vin kretyen, toudabò, nou te dwe repanti epi kase tèt tounen oswa vire do bay peche nou yo. Sepandan, nou dwe kontinye repanti nètale. Antanke imen enpafè, nou toujou gen peche ki kache nan nou tankou yon koulèv ki plòtonnen kò l ki pare pou l atake (Wom. 3:9, 10; 6:12-14). Annou kontinye rete je klè san nou pa fèmen je sou peche nou yo. Erezman, Jewova pran pasyans avèk nou toutpandan n ap goumen pou n reziste ak feblès nou yo e pou n fè chanjman ki nesesè yo (Fil. 2:12; 2 Pyè 3:9). Lè nou gen metriz nan fason n ap sèvi ak tan nou ak resous nou e nou vire do bay objektif egoyis yo, sa kapab yon gwo èd pou nou. Men sa yon sè ekri: “Mwen te grandi nan laverite, poutan mwen te gen yon pwennvi diferan sou Jewova. Mwen panse moun te dwe pè l anpil, e m te santi mwen pa t ap janm ka fè l plezi toutbonvre.” Rive yon lè, sè sa a te vin gen “anpil pwoblèm nan domèn espirityèl” akoz plizyè erè li te fè. Li kontinye pou l di: “Se pa renmen mwen pa t renmen Jewova, men, se paske mwen pa t konnen l toutbonvre. Sepandan, apre anpil priyè m te fè, mwen te vin chanje.” Men sa l te ajoute: “Mwen te santi Jewova t ap mennen m menm jan ak yon timoun, li te ede m venk obstak yo youn apre lòt, li te toujou janti avè m e li te montre m sa m te dwe fè.”

15. Ki sa Jezi ansanm ak Papa l ap obsève?

15 “Kontinye di pèp la” pawòl ki gen rapò ak bon nouvèl la. Se zanj Bondye a ki te di Pyè ansanm lòt apot yo pawòl nou sot li la yo, apre li te fin libere yo nan prizon pa mwayen yon mirak (Tra. 5:19-21). Vrèmanvre, patisipe nan travay predikasyon an chak semèn se yon lòt bagay nou bezwen tcheke nan lis nou an. Jezi ansanm ak Papa l ap obsève ni lafwa nou ni travay nou akonpli nan ministè a (Rev. 2:19). Menm jan ak ansyen nou te pale de li nan youn nan paragraf anvan yo, nou kapab di: “Travay predikasyon an se idantite nou.”

16. Poukisa li bon pou n reflechi sou ve n te fè Jewova a?

16 Reflechi sou ve w te fè a. Relasyon nou gen ak Jewova se bagay ki gen plis valè nou genyen. Jewova konnen moun ki pou li yo.  (Li Izayi 44:5.) Nan priyè w fè yo, egzamine kalite relasyon ou gen avè l ansanm ak pwofondè relasyon sa a. Anmenmtan tou, ou pa dwe bliye dat batèm ou, yon dat ki enpòtan anpil. Sa pral ede w sonje, batèm ou se desizyon ki gen plis sans ou te pran nan lavi w.

RETE PWÒCH AK JEWOVA LÈ W ANDIRE

17. Poukisa nou bezwen gen andirans pou nou ka rete pwòch ak Jewova?

17 Nan lèt Pòl te ekri kretyen Galat yo, li te montre li enpòtan pou yo andire (Gal. 6:9). Sa enpòtan tou pou kretyen k ap viv nan epòk nou an. Nou pral rankontre eprèv, men, Jewova ap ede nou. Kontinye priye pou nou jwenn lespri sen. N ap santi nou soulaje toutpandan l ap ranplase tristès nou yo ak lajwa, e nan plas tèt chaje nou yo, l ap ban nou lapè (Mat. 7:7-11). Fè yon ti reflechi: Si Jewova gen sousi pou zwazo yo, èske l pap gen plis sousi pou nou menm ki renmen l e ki ba l lavi nou (Mat. 10:29-31)? Kèlkeswa difikilte w ap fè fas la, pa janm tounen nan bagay ou te kite dèyè yo, pa janm abandone. Ala yon kokennchenn benediksyon nou genyen lefètke Jewova konnen nou!

18. Piske w “vin aprann konnen Jewova”, ki sa w dwe fè kounye a?

18 Kidonk, si w pa gen lontan depi w te aprann konnen Bondye epi w te batize, ki sa w dwe fè kounye a? Kontinye aprann konnen Jewova pi byen, pwogrese pou w vin gen matirite nan domèn espirityèl. E si w gen plizyè ane depi w te batize, ki sa w dwe fè kounye a? Ou menm tou ou dwe kontinye ogmante konesans ou sou Jewova. Pinga nou janm satisfè de tèt nou nan relasyon nou gen ak Jewova a. Olye de sa, nou dwe tcheke tout bagay ki nan lis espirityèl nou an detanzantan pou n ka gen asirans n ap kontinye pwogrese nan relasyon nou gen ak Jewova, li menm ki se yon Papa ki gen lanmou pou nou, yon Zanmi epi Bondye nou. — Li 2 Korentyen 13:5, 6.