Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Poukisa Jezi pa t antre nan politik?

Poukisa Jezi pa t antre nan politik?

Poukisa Jezi pa t antre nan politik?

IMAJINE yon sèn ki te pase nan ane 32 epòk nou an byen ta nan jounen an. Moun yo te gen tan fin byen konnen Jezi, Mesi yo te pwomèt la, paske li te geri moun ki malad e li te menm leve moun ki mouri. Kounye a, Jezi fè yon foul ki gen plizyè milye moun ladan l rete bouch ouvè paske li fè yon bann mirak e li pataje ansèyman Bondye yo avèk yo. Li separe moun yo ki grangou epi l ranje yo an ti gwoup. Li priye Jewova e li fè yon mirak pou l bay tout moun yo manje. Apre sa, li ranmase rès ki rete yo pou evite gaspiyaj. Ki jan moun yo reyaji lè yo wè sa? —Jan 6:1-13.

Ebyen, apre yo fin wè mirak Jezi fè yo ak fason li byen jere foul moun e li ba yo sa yo bezwen, moun yo vin konprann Jezi ap fè yon bon wa (Jan 6:14). Li pa etonan si yo te reyaji konsa, paske, si w sonje, yo te vrèman bezwen yon dirijan ki bon e ki efikas. Peyi yo a, yo renmen anpil la, te anba dominasyon yon lòt peyi ki gen yon gouvènman boutdi. Se sa k fè y ap fè presyon sou Jezi pou l antre nan sistèm politik la. Pandan w gen sèn sa a nan lespri w, gade ki jan Jezi reyaji.

Men sa Jan 6:15 di: “Jezi te vin konnen yo ta pral pran l pa fòs pou yo fè l wa. Li wete kò l ankò sou ti mòn lan, men fwa sa a pou kont li.” Pozisyon Jezi te pran an pa ta ka pi klè pase sa. Li te refize antre nan politik ki t ap fèt nan peyi l. Li pa t janm chanje pozisyon sa a li te pran an. Li te di disip li yo ta dwe pran menm pozisyon an (Jan 17:16). Poukisa li te pran pozisyon sa a?

Poukisa Jezi te chwazi rete net?

Pozisyon Jezi te pran pou l rete net nan zafè politik nan monn nan te byen chita sou prensip ki nan Ekriti yo. Annou konsidere sèlman de ladan yo.

“Moun ap dominen sou moun pou fè yo soufri.” ​(Eklezyas 8:9). Se konsa Bib la rezime dominasyon lèzòm nan. Sonje sa, lontan anvan Jezi te vin sou tè a antanke yon òm, li te deja yon espri ki t ap viv nan syèl la (Jan 17:5). Donk, li te konnen lèzòm pa gen kapasite pou yo byen pran swen plizyè milya moun ki sou tè a, menmsi yo gen bon entansyon, paske Bondye pa t kreye yo pou sa (Jeremi 10:23). Jezi te konnen gouvènman lèzòm yo pa kapab pote yon solisyon pou pwoblèm lèzòm; solisyon an ap soti yon lòt kote.

“Tou sa ki sou latè anba pouvwa Satan.” ​(1 Jan 5:19). Èske deklarasyon sa a etone w? Li etone anpil moun. Yo panse ak moun ki sensè ki antre nan gouvènman yo paske yo vle fè monn nan vin pi bon e yo vle pou gen sekirite ladan l. Sepandan, malgre yo fè tout sa yo kapab, menm dirijan ki pi sensè yo, pa kapab fè anyen kont enfliyans sila Jezi rele “chèf k’ap dominen lemonn lan”. (Jan 12:31; 14:30.) Se sa k fè Jezi te di yon politisyen pawòl sa yo: “Wayòm mwen an, se pa nan monn sa a li soti.” ​(Jan 18:36, Bib Kreyòl La). Se Jezi ki t apral vin Wa nan gouvènman Bondye a ki nan syèl la. Si Jezi te antre nan politik, li t ap montre li pa fidèl ak gouvènman Papa l la.

Men, èske Jezi te anseye disip li yo yo pa gen okenn obligasyon anvè gouvènman lèzòm yo? Non. Okontrè, li te anseye yo ki jan pou yo fè ekilib ant responsablite yo genyen anvè Bondye ak obligasyon yo genyen anvè gouvènman lèzòm yo.

Jezi te gen respè pou gouvènman yo

Pandan Jezi t ap anseye nan tanp lan, opozan l yo te eseye mete l nan yon sitiyasyon difisil lè yo te mande l si moun yo ta dwe peye taks. Si Jezi te di non, sa ta kapab fè moun yo panse li t ap ankouraje yo leve kont gouvènman an e sa ta kapab menm fè moun revòlte kont Women yo, piske anpil moun te vle soti ak tout fòs anba jouk Women yo ki t ap toupizi yo. Men, si li te di wi, anpil moun t ap panse li te dakò pou moun yo kontinye soufri anba tout enjistis sa yo. Jezi te bay yon repons ki te vrèman gen ekilib. Li te di: “Bay Seza sa k pou Seza, bay Bondye sa k pou Bondye.” ​(Lik 20:21-25). Kidonk, disip li yo gen obligasyon ni anvè Bondye, ni anvè Seza, sa vle di gouvènman lèzòm yo.

Gouvènman yo pèmèt plizoumwen gen lòd. Yo gen rezon pou yo mande sitwayen yo pou yo onèt, pou yo peye taks e pou yo respekte lalwa. Ki egzanp Jezi te bay nan kesyon bay “Seza sa k pou Seza” a? Paran ki te leve Jezi yo te respekte lalwa menm lè sa pa t nan avantaj yo. Pa egzanp, Jozèf te vwayaje 150 kilomèt pou l al Betleyèm ak madanm li ki te tou ansent lè Women yo te deside fè yon resansman (Lik 2:1-5). Menm jan avèk yo, Jezi te respekte lalwa e li te menm peye taks li pa t vrèman oblije peye (Matye 17:24-27). Li te fè atansyon tou pou l rete nan limit otorite li te genyen parapò ak bagay pwofàn (Lik 12:13, 14). Nou kapab di Jezi te respekte fason gouvènman yo t ap fonksyone, byenke li pa t vle antre ladan yo. Men, ki sa Jezi te vle di lè l te di bay “Bondye sa k pou Bondye”?

Fason Jezi te bay “Bondye sa k pou Bondye”

Gen yon lè yo te mande Jezi kiyès nan kòmandman Bondye bay lèzòm yo ki pi enpòtan. Men sa Kris te reponn: “Se pou ou renmen Mèt la, Bondye ou ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout lide ou. Se kòmandman sa a ki pi gwo, ki pi konsekan. Men dezyèm kòmandman an ki gen menm enpòtans ak premye a: se pou ou renmen [pwochen] ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.” ​(Matye 22:37-39). Jezi te anseye disip li yo premye bagay pou yo bay Bondye k ap montre yo bay “Bondye sa k pou Bondye”, se lanmou, sa vle di yo bezwen demontre yon fidelite ki soti nan kè yo e ki total anvè Bondye.

Èske lanmou sa a kapab pataje? Èske fidelite sa a kapab pataje nan sans pou nou montre nou fidèl anvè Jewova Dye ak gouvènman l lan ki nan syèl la epi pou nou montre nou fidèl ak gouvènman lèzòm yo ki sou tè a anmenmtan? Men prensip Jezi li menm te bay: “Pèsonn pa ka sèvi byen ak de mèt anmenmtan. Li gen pou l rayi yonn si l renmen lòt la. L’ap sèvi byen ak yonn, men l’ap meprize lòt la.” ​(Matye 6:24). Nan vèsè sa a, Jezi t ap pale de moun ki vle fidèl anvè Bondye e k ap chèche richès anmenmtan, men se sèten li te konnen prensip sa a valab tou pou kesyon antre nan politik la menm jan disip li yo nan premye syèk la te panse sa.

Jan enfòmasyon istorik ki la depi byen lontan yo montre sa, disip Jezi yo pa t konn antre nan politik. Piske se Bondye Kris t ap adore a yo t ap adore, yo te refize fè nenpòt bagay ki ta gendwa fè konprann yo fidèl anvè Wòm oubyen anvè anperè women an. Yo te refize fè sèvis militè e yo pa t aksepte okipe okenn pòs nan Leta. Tout moun te kont yo poutèt pozisyon yo. Pafwa ènmi yo te fè konnen yo se moun ki rayi moun. Èske akizasyon sa a te vre?

Vrè kretyen yo renmen moun

Sonje dezyèm kòmandman ki pi enpòtan nan kòmandman Bondye yo di: “Se pou ou renmen [pwochen] ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou”. Sa klè, vrè disip Kris yo pa rayi moun. Jezi te renmen moun, li te konn depanse l pou yo e li te konn menm ede yo ak pwoblèm yo jwenn chak jou. —Mak 5:25-34; Jan 2:1-10.

Sepandan, ki jan yo te plis konnen Jezi? Yo pa t konn rele l Gerisè, ni Moun ki konn bay plizyè milye moun manje a, nitou yo pa t konn rele l Moun ki konn resisite moun nan, byenke li te jwe tout wòl estrawòdinè sa yo. Men, moun yo te rele l Anseyan e yo te gen rezon rele l konsa (Jan 1:38; 13:13). Jezi te fè konnen youn nan rezon prensipal ki fè li te vin sou tè a se te pou l anseye moun konsènan Wayòm Bondye a. —Lik 4:43.

Se sa k fè vrè disip Kris yo fè menm travay Mèt yo a te konn fè lè l te sou tè a, sa vle di anseye moun yo bon nouvèl konsènan Wayòm Bondye a. Jezi Kris òdone tout vrè kretyen yo pou yo pale de Wayòm nan ak tout moun tout kote sou latè (Matye 24:14; 28:19, 20). Gouvènman sa a ki nan syèl la e ki pap janm kraze a pral domine sou tout kreyasyon Bondye a, ann amoni ak lwa lanmou an. Li pral akonpli volonte Bondye e li pral menm efase soufrans ak lanmò (Matye 6:9, 10; Revelasyon 21:3, 4). Se pa etonan si Bib la pale de mesaj Kris t ap bay la kòm yon “bòn nouvèl”! —Lik 8:1.

Sepandan, si w ap chèche vrè disip Kris yo jodi a sou tè a, ki jan w ka idantifye yo? Èske yo antre nan politik ki gen nan monn nan? Oubyen, èske prensipal misyon yo se menm misyon Jezi a, sa vle di preche moun yo e anseye yo konsènan Wayòm Bondye a?

Èske w ta renmen aprann plis sou Wayòm Bondye a ansanm ak ki jan li ka enfliyanse lavi w depi kounye a? Nou envite w kontakte Temwen Jewova yo nan zòn bò lakay ou, oubyen ou kapab vizite sit wèb ofisyèl yo a: www.watchtower.org.

[Kare/Foto nan paj 24]

Èske Temwen Jewova yo ede kominote a?

Temwen Jewova yo rete net nan zafè politik. Sepandan, yo depanse yo anpil pou yo ede moun tout ras, tout kilti ak tout nivo sosyal ak edikasyon k ap viv nan kominote yo abite a. Men kèk enfòmasyon:

▪ Gen plis pase sèt milyon Temwen Jewova ki pase plis pase 1,5 milya èdtan chak ane ap anseye moun Labib volontèman. Yo montre moun yo tou ki jan Labib kapab ede yo kite yon seri abitid ki nuizib ak yon seri move bagay y ap pratike, ki jan li kapab ede fanmi yo viv ak kè kontan e ki jan li kapab ede yo viv pi byen.

▪ Yo enprime e yo distribye piblikasyon gratis nan plis pase 500 lang. Gen nan lang sa yo, se yo menm sèlman ki enprime piblikasyon ladan yo.

▪ Yo òganize kou pou yo aprann moun pale an piblik e kou sa yo ede plizyè milyon moun pou yo pale yon fason ki klè e avèk konsiderasyon.

▪ Yo fè pwogram alfabetizasyon ki ede plizyè dizèn milye moun sou tout tè a aprann li ak ekri.

▪ Yo òganize plis pase 400 komite konstriksyon rejyonal sou tout tè a e yo fòme moun ki pote yo volontè pou yo konstwi lokal pou anseye moun Labib. Pandan dis ane ki pase yo, yo bati plis pase 20 000 lokal pou yo adore Bondye, sa vle di Sal Wayòm.

▪ Yo patisipe nan pote sekou pou moun tout kote sou tè a lè gen dezas ki pase. Lè konsa yo ede ni moun ki Temwen ni moun ki pa Temwen. Apre yon seri siklòn ki te fè anpil dega te frape Etazini, Temwen Jewova ki te pote yo volontè te bati plis pase 90 Sal Wayòm ak plis pase 5 500 kay nan espas dezan.

[Foto nan paj 23]

Lè moun yo te fè presyon sou Jezi pou l antre nan politik, li te retire kò l al ‘sou yon ti mòn pou kont li’.