Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | MANTI YO BAY KI FÈ KÈK MOUN PA RENMEN BONDYE

Laverite ka libere w

Laverite ka libere w

Yon jou, pandan Jezi te Jerizalèm, li t ap pale de Papa l, Jewova, e li te denonse chèf fo relijyon nan epòk li a (Jan 8:12-30). Pawòl li te di nan okazyon sa a aprann nou fason pou nou egzamine kwayans anpil moun gen sou Bondye jodi a. Jezi te di: “Si nou rete nan pawòl mwen, nou se disip mwen toutbonvre, e n ap konnen laverite, e laverite ap libere nou.” — Jan 8:31, 32.

“Rete nan pawòl mwen.” Ak pawòl sa yo Jezi te etabli prensip ki ka ede yon moun detèmine si sa yon relijyon ap anseye se “laverite”. Lè w tande moun di yon bagay sou Bondye, mande tèt ou: ‘Èske sa moun nan di a ann akò ni ak pawòl Jezi di ni ak rès pati ki nan Bib la? Li bon pou w imite moun ki te koute apot Pòl e ki te “byen egzamine Ekriti yo chak jou pou yo wè si se konsa bagay yo ye vre [bagay yo te aprann yo]”. — Travay 17:11.

Marco, Rosa ak Raymonde, moun nou te site nan premye atik la, te byen egzamine kwayans yo grasa etid biblik Temwen Jewova yo te fè ak yo. Ki efè sa yo te aprann yo te gen sou yo?

Marco: “Moun ki t ap etidye Labib avè nou an te sèvi ak Bib la pou l te reponn tout kesyon mwen menm ak madanm mwen te genyen. Lanmou nou gen pou Jewova te kòmanse ogmante e nou te vin pi pwòch antanke mari ak madanm!”

Rosa: “Pou kòmanse, mwen te panse Bib la pa lòt bagay, se yon liv filozofi kote yo sèvi ak rezònman lèzòm pou yo pale de Bondye. Sepandan, tikras pa tikras, mwen te rann mwen kont, mwen te jwenn repons kesyon m yo nan Bib la. Kounye a, Jewova reyèl pou mwen. Li se yon Moun m ka fè konfyans.”

Raymonde: “Mwen te priye Bondye pou l ede m konnen l. Yon ti tan apre, mari m avè m te kòmanse etidye Labib. Finalman, nou te aprann laverite sou Jewova! Se pa ti kontan nou te kontan konnen ki kalite Moun Bondye ye”.

Bib la fè plis pase annik denonse manti yo bay sou Bondye. Li aprann nou kalite atiran Bondye genyen. Bib la se Pawòl Bondye enspire e li ede nou “konnen bagay Bondye ban nou ak tout kè li”. (1 Korentyen 2:12.) Nou ankouraje w pou w etidye Bib la pou w ka wè jan Bib la reponn kesyon enpòtan moun konn poze sou Bondye, sou objektif li ak sou lavni. Ou ka li repons yo bay pou kèk nan kesyon sa yo sou sit www.ps8318.com/fr nan seksyon “La Bible et vous > Questions bibliques”. Anplis de sa, ou ka al sou sit la pou w mande pou yo voye yon moun vin etidye Labib avè w oubyen ou ka mande yon Temwen Jewova ou rankontre pou l etidye avè w. Nou sèten si w fè sa, w ap twouve li pi fasil pou w renmen Bondye yon fason w pa t janm panse w te ka renmen l.