Al gade sa k anndan l

Èske Temwen Jewova yo kwè yo nan sèl vrè relijyon an?

Èske Temwen Jewova yo kwè yo nan sèl vrè relijyon an?

 Moun ki pran zafè relijyon oserye dwe panse relijyon yo chwazi a akseptab nan je Bondye ak Jezi. Si se pa t sa, poukisa yo t ap chwazi relijyon sa a?

 Jezi pa t dakò gen yon pakèt relijyon, yon pakèt wout, e tout ap pèmèt moun yo sove. Olye de sa, men sa l te di: “Pòt ki mennen nan lavi a se yon pòt ki jis, e wout ki mennen nan lavi a se yon wout ki jennen, e se kèk grenn moun ki jwenn li.” (Matye 7:14). Temwen Jewova yo kwè yo jwenn wout lavi a. Si se pa t sa, yo t apral nan yon lòt relijyon.