Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | ÈSKE BONDYE ENTERESE NAN OU?

Bondye ka rekonfòte w

Bondye ka rekonfòte w

“Bondye, ki konn konsole moun ki dekouraje, te konsole nou.” — 2 KORENTYEN 7:6.

“Pitit Bondye a [...] renmen m e [li] livre tèt li pou mwen.” — GALAT 2:20.

REZON KI FÈ KÈK MOUN GEN DOUT: Menm lè kèk moun konn vrèman bezwen rekonfò, yo konn panse se egoyis pou yo mande Bondye pou l entèvni an favè yo e pou l ede yo fè fas ak pwoblèm yo. Men sa yon dam ki rele Raquel di: “Lè m ap gade kantite pwoblèm moun genyen nan monn nan ak tout pwoblèm grav moun sa yo ap fè fas, pwoblèm mwen yo parèt ensiyifyan e mwen ezite pou m mande Bondye èd.”

SA PAWÒL BONDYE A ANSEYE: Bondye deja entèvni yon fason remakab pou l ede lèzòm e pou l rekonfòte yo. Jodi a, kèlkeswa moun k ap viv sou tè a eritye peche ki tankou yon maladi kwonik ki anpeche yo fè sa Bondye mande yon fason ki pafè. Sepandan, Bondye ‘te renmen nou e li te voye Pitit li a, [Jezi Kris], kòm yon sakrifis ki rekonsilye nou avèk li’. (1 Jan 4:10.) Grasa lanmò Jezi, ki se yon sakrifis, Bondye fè l posib pou nou jwenn padon pou peche nou, pou n gen yon konsyans ki klè e pou n gen espwa n ap jwenn lavi etènèl nan yon monn nouvo kote pral gen lapè *. Men, èske sakrifis sa a se pou lèzòm an jeneral Bondye te annik fè l oswa èske l montre Bondye enterese nan ou pèsonèlman?

Ann konsidere egzanp apot Pòl. Sakrifis Jezi a tèlman te touche Pòl, men sa l te ekri: “M ap viv [...] grasa lafwa mwen genyen nan Pitit Bondye a ki renmen m e ki livre tèt li pou mwen.” ​(Galat 2:20). Se vre, Jezi te mouri anvan Pòl te vin kretyen. Poutan, Pòl te konsidere sakrifis sa a kòm yon kado pèsonèl Bondye fè l.

Sakrifis Jezi a se yon kado pèsonèl Bondye fè w tou. Kado sa a montre nan ki pwen ou presye pou Bondye. Sa ka ba w yon “konsolasyon etènèl ak yon bèl esperans”, konsa, sa ap ‘fòtifye w nan tout bon aksyon w ap fè ak nan tout bon pawòl w ap di’. — 2 Tesalonisyen 2:16, 17.

Se vre, Jezi te bay lavi l kòm sakrifis sa gen prèske 2 000 an. Ki prèv ki montre Bondye vle gen yon relasyon avè w jodi a?

^ § 5 Pou w ka jwenn plis enfòmasyon sou sakrifis Jezi a, gade chapit 5 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.