Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LEKTÈ NOU YO TA RENMEN KONNEN

Kiyès ki te fè Bondye?

Kiyès ki te fè Bondye?

Imajine yon papa k ap pale ak yon pitit gason l ki gen setan. Men sa papa a di l: “Depi byen lontan, Bondye te fè tè a ak tout sa ki ladan l, li te fè solèy la, lalin nan ak zetwal yo.” Tigason an reflechi sou sa pandan kèk moman, apre sa, li di papa l: “Papi, kiyès ki te fè Bondye?”

Men repons papa a ba li: “Pa gen okenn moun ki te fè Bondye. Li te toujou egziste.” Nan moman an, ti fraz sa a satisfè timoun nan. Sepandan, toutpandan l ap grandi, kesyon an kontinye boulvèse l. Li twouve sa difisil pou l konprann kòman yon moun fè pa gen kòmansman. Rezon an se paske menm linivè gen yon kòmansman. L ap mande tèt li: ‘Ki kote Bondye soti?’

Ki fason Bib la reponn kesyon sa a? Anfèt, li fè sa menm jan ak papa nou te pale de li nan egzanp lan. Men sa Moyiz te ekri: “O Jewova, [...] anvan mòn yo te fèt, oswa anvan w te fè latè ak tè ki bay rannman an tankou se ak tranche, wi depi tan endefini pou rive tan endefini, ou se Dye.” ​(Sòm 90:1, 2; NW). Menm jan an tou, men sa pwofèt Izayi te di: “Èske w pa konnen oubyen èske w pa tande? Jewova, Kreyatè dènye bout tè a, se yon Dye pou tan endefini.” ​(Izayi 40:28, NW). Nan menm sans lan, lèt Jid te ekri a fè referans ak Bondye antanke yon Bondye ki la “depi tout letènite.” — Jid 25.

Vèsè sa yo montre nou Bondye se “Wa letènite a” jan apot Pòl te fè konn sa (1 Timote 1:17). Sa siyifi Bondye te toujou egziste kèlkeswa lè nou ta ka imajine, e l ap toujou egziste (Revelasyon 1:8). Kidonk, egzistans etènèl Bondye genyen an se yon kalite fondamantal ki montre li Toupisan.

Poukisa ide sa a difisil pou n konprann? Se paske kantite tan nou viv fè nou pa wè kesyon tan an menm jan ak Jewova ditou. Piske Bondye etènèl, mil an se tankou yon jou pou li (2 Pyè 3:8). Ann pran yon egzanp: Èske yon krikèt ki ka viv anviwon 50 jou sèlman ka konprann 70 oswa 80 ane yon moun fè ap viv? Li difisil! Epoutan, Bib la esplike nou tankou krikèt parapò ak Gran Kreyatè nou an. Menm kapasite nou genyen pou n rezone a limite anpil parapò ak kapasite Kreyatè nou an genyen (Izayi 40:22; 55:8, 9). Kidonk, sa pa dwe fè nou etone si gen kèk bagay nan fason Jewova ye nou pa rive konprann nèt.

Byenke kesyon Bondye etènèl la se yon kesyon ki difisil pou n konprann, nou ka wè se yon bagay ki fè sans. Si te gen yon moun ki te fè Bondye, se moun sa a ki t ap Kreyatè a. Epoutan, jan Bib la montre sa, se Jewova ki te “kreye tout bagay”. (Revelasyon 4:11.) Anplis de sa, nou konnen linivè pa t egziste pandan yon tan (Jenèz 1:1, 2). Ki kote linivè soti? Moun ki kreye l la dwe te egziste anvan l. Moun sa a te egziste anvan tout lòt kreyati entèlijan yo tou, tankou sèl pitit Gason li fè a ansanm ak zanj yo (Jòb 38:4, 7; Kolosyen 1:15). Donk, sa klè, Moun sa a te egziste an premye e li te poukont li. Pa gen okenn moun ki te ka kreye l, e pa gen anyen ki egziste ki te ka kreye l.

Lefètke ni nou menm ni tout linivè egziste, sa montre gen yon Bondye etènèl ki egziste. Moun ki mete kokenn linivè nou an an mouvman, e ki mete lwa pou kontwole l yo dwe te toujou egziste. Se sèlman apre sa li te ka soufle souf lavi a nan tout lòt bagay yo. — Jòb 33:4.