Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Repons Bib la bay

Repons Bib la bay

Poukisa nou dwe priye pou Wayòm Bondye a vini?

Èske w ta renmen konnen plis bagay sou Wayòm Bondye a ak sou sa l pral akonpli?

Wayòm Bondye a se yon gouvènman ki nan syèl la. Jezi te di disip li yo pou yo priye pou Wayòm nan vini paske Wayòm nan pral fè gen jistis ak lapè sou tè a ankò. Pa gen okenn gouvènman lèzòm ki ka retire vyolans, enjistis ak maladi nèt, men Wayòm Bondye a ka fè sa e li pral fè sa. Bondye chwazi Jezi, Pitit li a, kòm Wa nan Wayòm nan. Mete sou sa, Jewova chwazi yon gwoup moun pami disip Jezi yo pou yo dirije ak Jezi nan Wayòm nan. — Li Lik 11:2; 22:28-30.

Talè konsa, Wayòm Bondye a pral elimine tout moun ki opoze ak dominasyon Bondye a. Kidonk, lè nou priye pou Wayòm Bondye a vini se mande nou mande pou gouvènman Bondye a ranplase tout gouvènman lèzòm yo. — Li Dànyèl 7:13, 14; Revelasyon 11:15, 18.

Poukisa Wayòm Bondye a ap pwofitab pou moun yo?

Jezi se yon Wa ideyal paske l gen konpasyon. Anplis de sa, antanke Pitit Bondye, li gen pouvwa pou l ede tout moun k ap rele Bondye pou l pote yo sekou. — Li Sòm 72:8, 12-14.

Wayòm Bondye a ap pwofitab pou tout moun k ap priye ak tout kè yo pou l vini e ki viv ann amoni ak volonte Bondye. Ou pap janm regrèt dèske w te aprann sa Bib la di sou Wayòm Bondye a. — Li Lik 18:16, 17; Jan 4:23.