Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske nou dwe priye Jezi?

Èske nou dwe priye Jezi?

SA PA gen lontan, gen yon moun ki te fè yon ankèt sou plis pase 800 jèn ki nan plis pase yon douzèn relijyon. Li te mande yo si wi ou non yo kwè se Jezi ki reponn priyè yo. Plis pase 60 pousan nan yo te di yo gen fèm konviksyon se Jezi ki reponn priyè yo. Sepandan, gen youn nan jèn ki te patisipe nan ankèt la ki te retire non Jezi epi l te ekri “Bondye” nan plas li.

Ki sa w panse? Èske nou dwe priye Jezi oswa Bondye *? Pou n jwenn repons lan, toudabò ann egzamine fason Jezi te anseye disip li yo pou yo priye.

KIYÈS JEZI TE APRANN NOU PRIYE?

Jezi te aprann nou e l te montre kiyès nou dwe priye.

Jezi te konn priye Papa l ki nan syèl la, li kite yon bèl egzanp pou nou suiv.

ANSÈYMAN LI TE BAY: Lè youn nan disip Jezi yo te di l “Seyè, montre nou ki jan pou nou priye”, men repons Jezi te ba li: “Lè n ap priye, men sa pou nou di: ‘Papa.’” (Lik 11:1, 2). Mete sou sa, nan Sèmon sou montay la, yon sèmon anpil moun konnen, Jezi te ankouraje moun ki t ap koute l yo pou yo priye. Men sa l te di: “Priye Papa w.” Li te ba yo asirans tou lè l te di yo: “Papa nou, konnen ki sa nou bezwen anvan menm nou mande l.” (Matye 6:6, 8). Nan dènye nuit Jezi te pase sou tè a, men sa l te di disip li yo: “Si nou mande Papa a yon bagay nan non mwen, l ap ban nou l.” (Jan 16:23). Konsa, Jezi te aprann nou priye Jewova, Bondye ki alafwa Papa l ak Papa nou an. — Jan 20:17.

EGZANP LI TE BAY: Ann amoni ak fason Jezi te aprann lòt moun pou yo priye, men ki priyè Jezi te fè pèsonèlman: “Papa, ou menm ki Seyè syèl la ak tè a, m ap ba w louwanj devan tout moun.” (Lik 10:21). Nan yon lòt okazyon, “Jezi leve je l gad syèl la, li di: ‘Papa, mwen remèsye w poutèt ou tande m.’”(Jan 11:41). Epi pandan Jezi t apral mouri, men priyè li te fè: “Papa, mwen remèt lespri m nan men w.” (Lik 23:46). Piske Jezi te konn priye Papa l ki nan syèl la, li menm ki “Seyè syèl la ak tè a”, Jezi te kite yon bèl egzanp pou tout moun suiv (Matye 11:25; 26:41, 42; 1 Jan 2:6). Èske se fason sa a premye disip Jezi yo te konprann enstriksyon l te ba yo a?

KIYÈS PREMYE KRETYEN YO TE KONN PRIYE?

Kèk semèn apre Jezi te fin retounen nan syèl la, opozan yo t ap maltrete disip li yo e yo t ap menase yo (Travay 4:18). Natirèlman, yo te priye pou yo ka jwenn èd, men kiyès yo te priye? “Yo met tèt yo ansanm pou yo priye Bondye”, yo te priye l pou l ka kontinye ede yo “nan non Jezi, sèvitè [l] la ki sen”. (Travay 4:24, 30.) Kidonk, disip yo te suiv enstriksyon Jezi te ba yo sou lapriyè. Yo te priye Bondye, yo pa t priye Jezi.

Plizyè ane apre, apot Pòl te dekri fason li menm ansanm ak konpayon l yo te priye. Lè l t ap ekri kretyen parèy li yo, men sa l te di: “Nou toujou di Bondye, Papa Jezi Kris Seyè nou an, mèsi lè n ap priye pou nou.” (Kolosyen 1:3). Anplis de sa, Pòl te ekri kwayan parèy li yo sou nesesite pou yo “toujou remèsye Bondye nou an, ki Papa nou, pou tout bagay, nan non Jezi Kris, Seyè nou an”. (Efezyen 5:20.) Nan pawòl sa yo, nou wè Pòl te ankouraje lòt moun pou yo priye “Bondye nou an, ki Papa nou, pou tout bagay”, men, natirèlman, yo te fè sa nan non Jezi. — Kolosyen 3:17.

Menm jan ak premye kretyen yo, nou ka montre nou renmen Bondye lè nou suiv konsèy Jezi bay sou lapriyè (Jan 14:15). Toutpandan n ap priye Papa nou ki nan syèl la, piske se li menm sèlman nou dwe priye, pawòl nou jwenn nan Sòm 116:1, 2 a (NW) ap vin gen plis sans pou nou. Men sa nou li: “Mwen renmen Jewova paske li tande vwa mwen [...]. M ap rele l toutotan m ap viv.” *

^ § 3 Dapre Ekriti yo, Bondye ak Jezi pa egal. Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade chapit 4 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

^ § 11 Pou Bondye koute priyè nou yo, nou dwe fè efò sensè pou nou viv ann amoni ak sa l mande yo. Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade chapit 17 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a.