Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | ANBA KI SA JEZI SOVE NOU?

Rezon ki fè nou bezwen sove

Rezon ki fè nou bezwen sove

“Lòm ki sot nan vant fi viv yon tikras tan, epi li chaje ak traka. Li parèt tankou yon flè epi yo koupe l, li kouri ale tankou yon lonbray epi li disparèt.” — Jòb 14:1, 2, NW.

Depi byen bonè nan listwa, lèzòm te toujou panse se t ap yon bon bagay si yo ta rete jèn, e si yo ta viv an sante pou toutan. Malerezman, men reyalite a ki vrèman tris: Nou tout ka mouri. Pawòl Jòb te di pi wo a, yon pawòl ki gen plis pase twa mil an, toujou verite jodi a.

Anvi moun genyen pou yo viv pou toutan an se yon anvi ki fò anpil, e li lakay tout moun nèt. Bib la fè konnen Bondye mete nan kè nou anvi pou n viv pou toutan ak anvi pou n konprann sa sa vle di viv pou toutan (Eklezyas 3:11). Piske se konsa, èske sa parèt rezonab pou yon Bondye ki gen lanmou ta met yon anvi konsa nan nou epi pou l ta enposib pou n satisfè anvi sa a? Si repons ou an se non, ou gen rezon. Pawòl Bondye a rele lanmò yon ènmi epi Bondye pwomèt li “gen pou l elimine” ènmi sa a. — 1 Korentyen 15:26.

Pa gen dout, lanmò se yon ènmi. Pa gen okenn moun rezonab k ap anvi mouri. Lè nou devan yon danje, nou retire kò nou byen vit, nou kache oubyen nou kouri. Lè nou malad, nou chèche mwayen pou n geri. Nou fè tout sa n kapab pou n evite bagay ki ka lakòz nou mouri.

Èske gen rezon pou n kwè Bondye ap elimine ènmi sa a ki la depi lontan? Wi, gen rezon pou n kwè sa. Jewova, Kreyatè a, pa t fè lèzòm pou yo viv kèk ane sèlman apre sa pou yo mouri. Bondye pa t gen nan objektif li pou moun mouri. Li te vle pou lèzòm viv pou toutan sou tè a, e depi Bondye pwomèt yon bagay, li toujou reyalize l. — Izayi 55:11.

Men, ki jan li pral fè elimine lanmò? Pandan tout listwa, lèzòm goumen anpil pou yo rezoud pwoblèm lanmò a, men yo pa reyisi fè sa. Nan epòk nou an, yo kontinye ap fè rechèch sou sa. Syantifik yo fè vaksen ak medikaman ki rive geri kèk maladi. Yo fè anpil rechèch sou kòd jenetik kreyati ki gen lavi nan yo. Gen anpil kote, an mwayèn, moun yo viv pi lontan jodi a pase kantite tan yo te konn viv sa gen yon syèk. Epoutan, yo pa rive venk lanmò. Jan Bib la fè konnen, “yo tout ap retounen nan pousyè”. — Eklezyas 3:20, NW.

Bon nouvèl la sèke nou pa bezwen konte sou entèlijans lèzòm pou n rezoud pwoblèm sa a ki la depi byen lontan. Jewova deja pran dispozisyon pou l sove nou oswa pou l delivre nou anba lanmò. Pèsonaj prensipal ki nan dispozisyon sa a se Jezi Kris.