Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LEKTÈ NOU YO TA RENMEN KONNEN

Ki sa k pa bon nan koutim fèt Nwèl yo?

Ki sa k pa bon nan koutim fèt Nwèl yo?

Sa fè lontan, gen moun k ap di fèt Nwèl se yon fèt kretyen selebre pou yo fete anivèsè nesans Jezi. Sepandan, anpil nan koutim ki gen nan fèt sa a fè nou mande tèt nou ki jan yo te fè vin asosye koutim sa yo ak nesans Jezi.

Toubadò, gen lejann tonton Nwèl la. Tonton k ap ri yo prezante nan epòk modèn nan ki gen bab blanch, ki gen bò figi l tou wouj, ki abiye ak yon rad wouj se yon tonton Nwèl yon konpayi ki nan Amerik dinò te envante nan ane 1931. Pandan ane 1950 yo, gen kèk Brezilyen ki te chèche ranplase tonton Nwèl sa a ak yon lejann nan kilti pa yo ki rele Granpa endyen. Ki rezilta sa bay? Selon pwofesè Carlos E. Fantinati, tonton Nwèl pa sèlman ranpòte laviktwa sou Granpa endyen an, men li menm “ranpòte laviktwa sou Jezi lè l te tibebe a e li vin tounen senbòl ofisyèl pou fèt 25 desanm nan”. Men, èske se lejann yo sèlman, tankou lejann tonton Nwèl la, ki pwoblèm nan fèt sa a? Pou n jwenn repons lan, ann retounen sou krisyanis la nan premye syèk la.

Gen yon liv ki di: “Pandan de premye syèk krisyanis la, te gen yon gwo diskisyon sou kesyon aksepte anivèsè nesans yon seri moun yo te touye pou lafwa yo, oubyen sou kesyon anivèsè nesans Jezi.” (Encyclopedia Britannica.) Poukisa? Paske kretyen yo te konsidere anivèsè nesans kòm yon koutim payen, yon bagay yo te dwe rejte totalman. Anfèt, nan Bib la, yo pa bay dat Jezi te fèt.

Nan katriyèm syèk epòk nou an, malgre pozisyon premye kretyen yo te genyen kont koutim fete anivèsè nesans lan, Legliz katolik te vin ak fèt Nwèl la. Legliz la t ap chèche fè plis moun aksepte l lè l te retire de pi gwo obstak ki te sou wout li, anpalan de popilarite relijyon Women yo ki te payen te genyen ak fèt sòltis ivè moun yo te konn fete nan relijyon sa yo. Sòltis ivè a se moman kote jou yo kòmanse vin pi long e solèy la monte pi wo nan syèl la. Gen yon liv Penne L. Restad ekri ki fè konnen chak ane, soti 17 desanm rive 1ye janvye, “anpil Women t ap fete, yo t ap amize yo, yo t ap pran plezi yo, yo t ap fè bèl parad e yo t ap fè lòt kalite fèt ankò, toutpandan yo t ap fè adorasyon pou dye yo te genyen yo”. (Christmas in America.) Epi, nan dat 25 desanm nan, Women yo te konn fete anivèsè nesans Solèy yo pa ka venk lan. Lè legliz te mete fèt Nwèl jou sa a, li t ap chèche fè Women yo fete nesans Jezi olye yo fete fèt solèy la. Selon yon liv Gerry Bowler ekri, Women yo “te toujou ka pran plezi yo nan koutim fèt sa yo yo te konn fè nan mitan ivè”. (Santa Claus, a Biography.) An reyalite, yo “te kontinye fete ansyen koutim yo nan nouvo jou fèt yo”.

Kidonk, sa klè, pi gwo pwoblèm ki gen nan fèt Nwèl la, se move orijin li genyen. Nan yon liv Stephen Nissenbaum ekri, li di fèt Nwèl la “pa lòt bagay, se yon fèt payen yo mete yon vèni kretyen sou li”. (The Battle for Christmas.) Kidonk, fèt Nwèl la se yon fèt ki dezonore Bondye ak Jezi Kris, Pitit li a. Èske sa se yon bagay sanzenpòtans? Men kèk kesyon Bib la poze: “Ki relasyon ki genyen ant sa ki jis ak sa Lalwa kondane? Oubyen ki rapò ki genyen ant limyè ak fènwa?” (2 Korentyen 6:14). Menm jan ak yon pyebwa ki grandi kwochi, fèt Nwèl la tèlman kwochi, li “pa ka vin dwat”. — Eklezyas 1:15.