Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

JW LIBRARY

Fason w ka jwenn dènye sa k te ouvri yo sou Androyid

Fason w ka jwenn dènye sa k te ouvri yo sou Androyid

Gen yon opsyon nan JW Library ki pèmèt ou wè tout dènye atik oswa chapit nan Bib la ou te li yo. Se yon opsyon ki vrèman itil paske li pèmèt ou retounen nan yon vèsè ou t ap gade anvan sa.

Suiv enstriksyon ki vin apre yo pou w ka jwenn dènye sa k te ouvri yo:

 Gade tout sa ki nan Dènye sa k te ouvri

Chwazi Dènye sa k te ouvri pou w ka wè lis tout dènye vèsè oswa atik ou te li yo. Chwazi yon vèsè oswa yon atik pou w ka gade l ankò.

 Efase tout sa ki nan Dènye sa k te ouvri

Chwazi Dènye sa k te ouvri pou w ka wè lis tout dènye sa k te ouvri yo. Chwazi Efase pou w ka efase lis la.

Tout opsyon sa yo te vin disponib lè JW Library 1.2 a te soti nan mwa me 2014. JW Library 1.2 a mache sou Androyid 2.3 pou pi piti. Si w pa jwenn opsyon sa yo sou aparèy ou a, tanpri gade enstriksyon yo nan atik “Kòmanse sèvi ak JW Library sou Androyid yo” nan pati Jwenn dènye mizajou yo.