Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

JW LIBRARY

Fason pou w fè rechèch nan Bib la oswa nan yon piblikasyon sou Windows

Fason pou w fè rechèch nan Bib la oswa nan yon piblikasyon sou Windows

Gen yon opsyon nan JW Library ki pèmèt ou chèche yon mo oswa yon fraz nan Bib la oubyen nan yon piblikasyon.

Suiv enstriksyon ki vin apre yo pou w ka wè fason pou w fè rechèch:

 Fè rechèch nan Bib la

Ou ka chèche yon mo oswa yon fraz nan yon pòsyon Labib w ap li.

Pandan w sou yon tradiksyon Labib, chwazi opsyon Chèche epi mete mo ou vle chèche a. Pandan w ap mete sa w ap chèche a, y ap ba w kèk mo oswa kèk ekspresyon ou ta ka chwazi. Ou ka chwazi youn ladan yo, oubyen ou ka peze “Enter” pou w wè rezilta yo.

Pati ki rele Vèsè yo plis site yo montre vèsè yo itilize pi souvan yo. Pati ki rele Tout vèsè yo montre tout vèsè ki gen mo sa a ladan l. Pati ki rele Atik yo montre kote mo sa a parèt nan entwodiksyon an oubyen nan apendis yo.

Si rechèch ou a gen plizyè mo, tcheke ti kare Chèche ekspresyon sa a pou w ka wè kote ekspresyon oswa fraz ou mete a parèt jan l ye a.

 Fè rechèch nan yon piblikasyon

Ou ka chèche yon mo oswa yon fraz nan yon piblikasyon w ap li.

Pandan w sou piblikasyon an, chwazi opsyon Chèche epi mete mo ou vle chèche a. Pandan w ap mete mo a, y ap ba w kèk mo oswa ekspresyon ou ta ka chwazi. Ou ka chwazi youn ladan yo, oubyen ou ka peze “Enter” pou w ka wè rezilta yo.

Si rechèch ou a gen plizyè mo, tcheke ti kare Chèche ekspresyon sa a pou w ka wè kote ekspresyon oswa fraz ou mete a parèt jan l ye a.

 Fè rechèch sou yon sijè

Si w te telechaje liv Étude perspicace des Écritures la, ou ka fè rechèch sou yon sijè ladan l. Ou ka itilize opsyon sa a lè w ap li Bib la oswa nenpòt piblikasyon.

Chwazi opsyon Chèche epi mete sijè w vle chèche a. Pandan w ap mete sijè w vle chèche a, nan lis y ap bay la, y ap tou ba ou ki kote yo pale sou sijè sa a nan liv Étude perspicace des Écritures la. Chwazi sijè w vle a pou w ka ouvri atik la.

Tout opsyon sa yo te vin disponib lè JW Library 1.3.4 la te soti nan mwa oktòb 2014. JW Library 1.3.4 la mache sou Windows 8.0 pou pi piti. Si w pa jwenn opsyon sa yo sou aparèy ou a, tanpri gade enstriksyon yo nan atik “Kòmanse sèvi ak JW Library sou Windows yo” nan pati Jwenn dènye mizajou yo.