Al gade sa k anndan l

Kiyès ki Mikayèl akanj lan?

Kiyès ki Mikayèl akanj lan?

Repons Bib la bay

 Nòmalman, Mikayèl, kèk relijyon rele “Sen Michèl” la, se yon non yo bay Jezi anvan ak apre lavi l sou tè a a. Mikayèl te gen yon dezakò ak Satan apre lanmò Moyiz e l te ede yon zanj Bondye te voye pot yon mesaj bay pwofèt Dànyèl (Dànyèl 10:13, 21; Jid 9). Mikayèl ap aji ann amoni ak non l genyen an, ki vle di: “Kiyès ki tankou Bondye?”, nan fason l defann dwa Bondye genyen pou l dirije ak fason l goumen kont ènmi Bondye yo. — Dànyèl 12:1; Revelasyon 12:7.

 Ann konsidere kèk rezon ki fè l rezonab pou n di se Jezi ki Mikayèl akanj lan.

  •   Mikayèl se “akanj lan”. (Jid 9.) Tit “akanj” lan, ki vle di “chèf zanj yo”, parèt nan sèlman de vèsè nan Bib la. Nan toude vèsè yo, mo a o sengilye, sa ki montre se sèlman yon zanj ki gen tit sa a. Nan youn nan vèsè sa yo, Bib la di Seyè Jezi ki resisite “ap desann sot nan syèl la ak yon vwa k ap bay lòd, ak yon vwa akanj”. (1 Tesalonisyen 4:16.) Jezi gen “yon vwa akanj” paske se li menm ki Mikayèl akanj lan.

  •   Mikayèl ap kòmande yon lame zanj. “Mikayèl ak zanj li yo [te] batay ak dragon an”, anpalan de Satan (Revelasyon 12:7). Mikayèl nan yon gwo pozisyon nan syèl la paske yo rele l “youn nan prens ki nan pi gwo pozisyon yo” epi “gran prens”. (Dànyèl 10:13, 21; 12:1.) Selon jan David E. Aune, yon biblis Nouvo testaman, montre sa, tit sa yo fè referans ak Mikayèl antanke “kòmandan an chèf lame zanj yo”.

     Bib la site yon sèl lòt non moun ki gen otorite sou yon lame zanj. Li pale de “moman Seyè Jezi ap parèt nan syèl la avèk zanj pisan li yo nan yon gwo flanm dife, lè l ap vin fè vanjans”. (2 Tesalonisyen 1:7, 8; Matye 16:27.) Apre Jezi te fin monte “nan syèl [...], Bondye [te] fè ni zanj, ni otorite, ni pisans soumèt devan l”. (1 Pyè 3:21, 22.) Sa pa t ap fè sans pou Bondye ta met ni Jezi ni Mikayèl kòmande zanj sen yo, e konsa pou youn ta anfas lòt. Okontrè, li pi rezonab pou n di toude non yo, Jezi ak Mikayèl, fè referans ak menm moun nan.

  •   Mikayèl pral “leve kanpe” nan “yon tan” san parèy “kote ap gen anpil malè”. (Dànyèl 12:1.) Nan liv Dànyèl la, byen souvan, yo sèvi ak ekspresyon “leve kanpe” a pou fè referans ak yon wa ki leve kanpe pou l aji yon fason espesyal (Dànyèl 11:2-4, 21). Jezi Kris, yo idantifye antanke “Pawòl Bondye” a pral aji yon fason espesyal antanke “Wa tout wa” pou l detwi tout ènmi Bondye yo e pou l pwoteje pèp Bondye a (Revelasyon 19:11-16). Li pral fè sa pandan “yon gwo tribilasyon [ki pral genyen], yon tribilasyon ki poko janm rive depi monn nan egziste”. — Matye 24:21, 42.

a Bib la pale de kèk lòt moun ki te gen plizyè non. Pa egzanp Jakòb (te rele Izrayèl), Pyè (te rele Simon) epi Tade (te rele Jida). — Jenèz 49:1, 2; Matye 10:2, 3; Mak 3:18; Travay 1:13.