Al gade sa k anndan l

Ki lè Jezi te fèt?WEB:OnPageTitleSentenceCaseKi lè Jezi te fèt?

Ki lè Jezi te fèt?WEB:OnPageTitleSentenceCaseKi lè Jezi te fèt?

Repons Bib la bay

 Bib la pa bay yon dat byen presi Jezi te fèt, jan referans ki annapre yo montre sa:

  •   “Pèsonn pa konnen ki lè Jezi te fèt vre.” — Nouvo ansiklopedi katolik la (anglè).

  •   “Nou pa konnen ki dat egzakteman Jezi te fèt.” — Ansiklopedi premye kretyen yo (anglè).

 Se vre Bib la pa di ‘ki lè Jezi te fèt’ dirèkteman, men, li pale de de evènman ki te pase lè Jezi te fèt ki fè anpil moun rann yo kont Jezi pa t fèt 25 desanm.

Se pa t nan sezon ivè

  1.   Anrejistreman an. Yon ti tan anvan Jezi fèt, Seza Ogis te pase yon dekrè pou “tout moun al anrejistre”. Tout moun te dwe “al fè yo anrejistre yo” nan “vil yo te fèt la”, sa ki te ka pran anviwon yon semèn oswa plis pou yo vwayaje (Lik 2:1-3). Petèt Seza Ogis te bay lòd sa a pou l te ka pran taks sou moun yo e pou l te ka enskri yo pou fè sèvis militè. Kèlkeswa moman nan ane a yo ta bay lòd la, moun yo t ap plenyen, donk, Seza Ogis pa t ap pran chans fè pèp la pi fache pou l ta fòse yo fè yon vwayaj byen long konsa nan sezon ivè.

  2.   Mouton yo. Bèje yo te konn “pase nuit yo deyò ap veye twoupo yo”. (Lik 2:8.) Liv Fason lavi a te ye nan epòk Jezi a (anglè) fè konnen twoupo yo te konn rete deyò soti “nan semèn anvan fèt Pak la (nan fen mwa mas)” rive mitan mwa novanm. Li ajoute: “Yo te pase sezon ivè a anndan; e detay sa a sèlman pwouve dat moun yo bay pou Nwèl la pa kenbe, paske Evanjil la fè nou konnen bèje yo te nan savann ap pran swen twoupo yo.”

Nan kòmansman sezon otòn

 Nou ka gen yon ide sou lè Jezi te fèt lè n kòmanse konte soti nan dat li te mouri a, anpalan de fèt Pak 14 Nizan nan sezon prentan ane 33 epòk nou an, rive nan ane anvan yo (Jan 19:14-16). Jezi te gen anviwon 30 an an lè l te kòmanse travay predikasyon l lan, ki te dire twazan edmi, donk, li te fèt nan kòmansman sezon otòn ane 2 anvan epòk nou an (Lik 3:23).

Poukisa moun yo fete fèt Nwèl 25 desanm?

 Piske pa gen anyen ki pwouve Jezi te fèt 25 desanm, poukisa moun yo fete fèt Nwèl nan dat sa a? Gen yon ansiklopedi (Encyclopædia Britannica) ki fè konnen petèt chèf relijye yo te chwazi dat sa a pou l te “koresponn ak fèt payen Women yo te konn fè pou yo selebre ‘nesans solèy yo pa ka venk lan’” jou sòlstis ivè a. Selon sa yon lòt ansiklopedi fè konnen (The Encyclopedia Americana), anpil biblis kwè yo te chwazi dat sa a yon fason pou yo te ka “fè relijyon kretyen an pi atiran pou payen ki te konvèti yo”.