Al gade sa k anndan l

Kiyès Nefilim yo te ye?

Kiyès Nefilim yo te ye?

Repons Bib la bay

 Nefilim yo te yon seri jeyan ki te gen fòs ki depase fòs lèzòm, se te pitit zanj ki mechan yo te fè ak fi sou tè a nan epòk Noye a a.

 Istwa nan Bib la fè konnen “gen yon seri pitit vrè Dye a ki te kòmanse wè pitit fi lèzòm yo bèl”. (Jenèz 6:2.) Anfèt, pitit sa yo se te zanj ki te soulve kont Bondye lefètke yo “te abandone kote yo te fèt pou yo rete” nan syèl la, ki te vin pran fòm kò moun e ki te “kòmanse chwazi tout fi yo te vle pou vin madanm yo”. — Jid 6; Jenèz 6:2.

 Pitit ki te vin fèt nan relasyon ki pa natirèl sa yo se pa t timoun nòmal (Jenèz 6:4). Nefilim yo se te jeyan ki te konn bay moun brimad, se te yon bann tiran ki te plen tè a ak vyolans (Jenèz 6:13). Labib pale de yo kòm “jeyan e tout moun te konnen yo”. (Jenèz 6:4.) Yo kite vyolans ak laperèz pou lèzòm kòm eritaj. — Jenèz 6:5; Nonb 13:33 b.

Sa ki pa verite sou Nefilim yo

 Sa ki pa verite: Nefilim yo vivan toujou sou tè a.

 Sa ki verite: Jewova te fè yon gwo delij fèt sou tout tè a e li te detwi moun ki te vyolan ki te la nan epòk la. Li te disparèt Nefilim yo ak tout lòt moun mechan yo. Men, Noye ak fanmi l te jwenn favè Jewova e se yo menm sèlman ki te chape vivan nan epòk la. — Jenèz 6:9; 7:12, 13, 23; 2 Pyè 2:5.

 Sa ki pa verite: Se moun sou tè a ki te papa Nefilim yo.

 Sa ki verite: Yo te rele papa Nefilim yo “pitit vrè Dye a”. (Jenèz 6:2.) Labib itilize menm ekspresyon sa a pou l pale de zanj (Jòb 1:6; 2:1; 38:7). Zanj yo te gen pouvwa pou yo pran fòm kò moun sou tè a (Jenèz 19:1-5; Jozye 5:13-15). Apot Pyè te pale de “espri ki nan prizon yo, espri ki te dezobeyi nan tan lontan yo, lè Bondye t ap tann avèk pasyans nan epòk Noye a”. (1 Pyè 3:19, 20.) Jid, youn nan moun ki te ekri Bib la, te fè referans ak menm sitiyasyon sa a lè l te fè konnen gen kèk zanj “ki pa t rete nan pozisyon yo te ye a, ki te abandone kote yo te fèt pou yo rete a”. — Jid 6.

 Sa ki pa verite: Nefilim yo se te zanj ki te tonbe sot nan syèl la.

 Sa ki verite: Kontèks Jenèz 6:4 la fè nou konprann se pa t zanj yo ki te Nefilim yo, men se te pitit zanj ki te pran fòm kò moun yo te fè ak fi sou tè a. Apre zanj yo te “kòmanse chwazi tout fi yo te vle pou vin madanm yo” Jewova te di li t ap aji kont monn sa a ki lwen Bondye a nan 120 an (Jenèz 6:1-3). Istwa a fè konnen tou “nan epòk sa a”, zanj ki te pran fòm kò moun yo te “kontinye antre nan relasyon ak pitit fi lèzòm yo” e yo te fè pitit ki te “yon seri jeyan e tout moun te konnen yo”, se te Nefilim yo. — Jenèz 6:4.

a Mo ebre yo mete “Nefilim” pou li a kapab vle di “moun k ap lage moun atè”. Gen yon liv (Wilson’s Old Testament Word Studies) ki fè konnen mo ebre a fè referans ak moun “k ap atake moun avèk vyolans pou yo piye yo, e yo lage moun sa yo atè”.

b Nan Nonb 13:33, nou jwenn pawòl espyon izrayelit yo ki fè konnen yo te wè moun ki te wo anpil ki fè yo panse ak Nefilim yo, ki te gentan mouri plizyè syèk anvan sa. — Jenèz 7:21-23.