Al gade sa k anndan l

Ki kote mèvèy sa a soti?

Natural Systems

Fotosentèz — Ki kote mèvèy sa a soti?

Ki sa fotosentèz la ye e ki sa l fè pou nou?

Kapasite bèt yo genyen pou yo byen itilize enèji — Ki kote mèvèy sa a soti?

Èske kapasite bèt yo genyen pou yo byen sèvi ak enèji a pa ede nou wè kote lavi soti?

Limyè ki soti nan kèk kreyati vivan — Ki kote mèvèy sa a soti?

Nonsèlman kèk bèt bay limyè, men tou kantite enèji yo bezwen pou yo fè sa a mwens lontan pase kèlkeswa bagay lèzòm ka kreye pou bay limyè. Ki jan?

Kò moun

Ki kote mèvèy sa a soti? — Fason kò nou jwenn oksijèn

Ou ka aprann ki jan grasa yon sistèm estrawòdinè kò nou rive pran oksijèn, pote l kote l bezwen epi sèvi avè l.

Bèt k ap viv sou tè a

Plim lout ki nan lanmè yo

Gen kèk mamifè ki viv nan dlo ki gen yon gwo kouch grès anba po yo pou ede yo rete cho. Bèt yo rele lout nan lanmè yo itilize yon lòt mwayen.

Fason espesyal lang chat la fèt — Ki kote mèvèy sa a soti?

Chat moun abitye gen lakay yo ka pase yon ka nan jounen yo ap netwaye kò yo. Sa k fè chat yo gen kapasite pou yo byen netwaye kò yo konsa?

Kapasite chen yo genyen pou yo pran sant

Ki sa k fè syantifik yo ap eseye kopye kapasite chen yo genyen pou yo pran sant lan?

Likid glise kalmason yo bay la

Yon lakòl ki sanble ak likid glise kalmason yo bay la ka vin yon zouti enpòtan pou tout chirijyen, konsa yo pa t ap bezwen koud moun ankò.

Lavi nan dlo

Fason balèn yo rele balèn Kivye a plonje — Ki kote mèvèy sa a soti?

Mamifè sa yo ki respire oksijèn ki gen nan lè a ka plonje byen fon anba dlo san yo pa respire pandan anpil tan. Ki jan yo rive fè sa?

Po balèn pilòt la netwaye tèt li poukont li

Poukisa konpayi k ap bay sèvis transpò sou lanmè yo enterese nan kapasite l genyen yo?

Sona dofen yo genyen an

Syantifik yo chèche kopye sou kapasite estrawòdinè bèt sa yo genyen pou yo konnen anviwònman yo e pou yo konprann li.

Likid glise pwason yo rele miksin nan bay la — Ki kote mèvèy sa a soti?

Lòt bèt k ap eseye manje miksin nan pa renmen likid glise li bay la ditou, men syantifik yo vrèman enterese nan likid sa a. Sa k fè yo enterese nan li konsa?

Fason estrawòdinè po bèt yo rele konkonm lanmè a ye

Ki sa n aprann lè n analize sa k fè po bèt sa a ki viv nan fon lanmè a fleksib konsa?

Fason pwason ki rele grunion ponn ze​— Ki kote mèvèy sa a soti?

Gade pou w wè ki jan ak ki lè pwason an ponn ze yo ap pwoteje yo.

Fason dan zuit yo rele patèl la fèt

Sa k fè dan zuit sa a pi di pase fil arenyen?

Lakòl zuit yo rele pekou a

Gen moun ki di lakòl pekou yo pi bon lontan pase nenpòt lakòl lèzòm fè. Men, sa pa gen lontan depi syantifik yo dekouvri sa k fè lakòl pekou yo ka kole byen di sou bagay ki anba dlo.

Fòm koki lanmè yo

Fòm koki yo ak fason yo fèt pwoteje ti bèt k ap viv anndan l lan.

Pat estrawòdinè chatwouj la genyen yo

Enjenyè yo devlope yon wobo ki fèt nan fòm yon bra ki gen gwo kapasite, sou baz sa yo wè tantakil chatwouj la kapab fè.

Ke ti cheval lanmè a

Ti cheval lanmè a se yon pwason ki gen yon ke san parèy moun k ap fè wobo yo ka imite.

Zwazo

Lang kolibri — Ki kote mèvèy sa a soti?

Kolibri a, ki toupiti, sèvi ak yon metòd ki efikas anpil pou l pran nekta san l pa depanse okenn enèji.

Reptil ak anfibyen

Son krapo yo rele krapo pyebwa japonè a — Ki kote mèvèy sa a soti?

Ki sa k fè mal krapo yo rele krapo pyebwa japonè a kapab fè son yon pou l atire femèl?

Ensèk

Fason myèl yo rele fo boudon an vole avèk anpil presizyon — Ki kote mèvèy sa a soti?

Ki jan yon ti bèt konsa ka vole pi byen pase menm pilòt ki gen anpil eksperyans?

Taktik myèl yo itilize pou yo poze

Ki sa k fè taktik sa a yo itilize pou yo poze a vrèman bon pou yo aplike l nan sistèm k ap gide wobo k ap vole yo?

Ki jan foumi yo sikile san yo pa frape youn ak lòt?

Foumi yo pa janm bloke nan wout. Sa k fè sa?

Fason foumi chapantye a netwaye antèn li yo

Ti foumi sa a bezwen rete pwòp pou l rete vivan. Ki fason l rive netwaye tèt li?

Pwotèj foumi koulè ajan ki nan dezè Sahara a genyen an

Ti bèt sa a se youn nan bèt yo konnen ki plis tolere chalè sou tè a. Ki sa k pèmèt foumi koulè ajan an kontinye viv nan tanperati ekstrèm sa yo?

Fason papiyon yo rele monak la rive fè vwayaj ki long — Ki kote mèvèy sa a soti?

Èske fason konplike papiyon yo rele monak la rive fè vwayaj ki long nan bay prèv se kreye yo te kreye l?

Pozisyon an V papiyon yo rele Pyerid delarav la pran

Ki sa n kapab di de zèl papiyon yo rele Pyerid delarav la ki bay enjenyè yo ide pou yo fabrike pano solè ki pi efikas?

Mouch makayèt la ka fè bèl mouvman pandan l ap vole

Ensèk sa yo fè mouvman menm jan ak avyon de gè yo nan yon fraksyon segonn.

Plant

Yon fwi ki gen yon koulè ble espesyal

Fwi ki rele Pollia a pa gen koulè ble ladan l vre, epoutan, li bay yon koulè ble moun pa janm wè nan lòt plant. Ki jan ti fwi sa a fè parèt gen koulè ble espesyal sa a?