Al gade sa k anndan l

KI KOTE MÈVÈY SA A SOTI?

Pozisyon an V papiyon yo rele Pyerid delarav la pran

Pozisyon an V papiyon yo rele Pyerid delarav la pran

 Anvan yon papiyon vole, li bezwen chalè solèy la pou l kapab chofe mis li yo ki pèmèt li vole. Men, lè syèl la kouvri ak nyaj, papiyon yo rele Pyerid delarav la gentan vole anvan menm lòt kalite papiyon yo vole. Ki sa k fè li gen avantaj sa a sou lòt yo?

 Fè yon ti reflechi: Gen anpil papiyon, anvan yo vole, se swa yo ret nan solèy la avèk zèl yo fèmen oswa yo ret nan solèy la avèk zèl yo ouvri byen gran. Epoutan, Pyerid delarav la fè zèl li yo pran fòm yon V. Rechèch yo fè montre papiyon sa a, lè l ap chofe kò l, pou l ka fè sa pi vit, li mete zèl li yo nan yon pozisyon ki bay yon ang 17 degre, sa ki ba l fòm yon V. Pozisyon sa a li pran an pèmèt reyon solèy yo frape kò l dirèkteman, sa ki pèmèt mis li yo chofe pi vit.

 Syantifik yo ki nan inivèsite Exeter, ann Angletè, t ap analize pou yo wè si yo te kapab fè pano yo ki kapte enèji solèy la vin pi efikas si yo ta kopye sou papiyon sa a ki pran fòm V a. Nan analiz yo fè yo, yo vin dekouvri kantite enèji pano yo pwodui te vin ogmante prèske a senkant pousan pi plis.

 Moun k ap fè rechèch yo remake tou, do zèl papiyon an gen kapasite pou l reflete reyon solèy yo anpil. Toutpandan y ap kopye sou fòm zèl papiyon ki pran fòm V a ak kapasite zèl li genyen pou l reflete reyon solèy yo, syantifik yo rive fabrike pano solèy ki pi lejè e ki pi efikas. Rezilta rechèch sa yo pouse pwofesè Richard ffrench-Constant, yon manm nan ekip ki t ap fè rechèch yo di papiyon Pyerid delarav la se “yon espè nan kapte enèji solèy la.” Sa vle di fason li fèt pou l absòbe enèji solèy la vrèman efikas.

 Ki sa w panse? Èske pozisyon an V zèl Pyerid delarav la pran an vin egziste grasa evolisyon? Oswa se fè yo te fè l?