Al gade sa k anndan l

ESPLIKASYON SOU KÈK VÈSÈ

Women 6:23 — “Salè peche se lanmò, men kado Bondye bay la se lavi etènèl”

Women 6:23 — “Salè peche se lanmò, men kado Bondye bay la se lavi etènèl”

 “Sa yon moun jwenn pou peche l fè se lanmò, men kado Bondye bay se lavi ki pap janm fini an grasa Kris Jezi, Seyè nou an.” — Women 6:23, Tradiksyon monn nouvo a.

 “Salè peche se lanmò, men kado Bondye bay la se lavi etènèl nan Kris Jezi Seyè nou an.” — Women 6:23, New International Version.

Sa Women 6:23 vle di

 Lè apot Pòl te ekri pawòl sa yo, li t ap esplike se paske lèzòm peche ki fè yo mouri. Men, Bondye bay moun k ap sèvi l fidèl yo yon bèl posiblite, anpalan de lavi ki pap janm fini an ki se yon kado.

 “Sa yon moun jwenn pou peche l fè se lanmò.” Tout moun fèt enpafè, sa ki fè yo gen tandans fè peche a (Sòm 51:5; Eklezyas 7:20). Kòm lèzòm fèt ak peche nan yo, tout moun vyeyi e yo mouri. — Women 5:12.

 Pou Pòl te ka esplike pwen sa a, li te konpare peche ak yon patwon k ap peye anplwaye l. Menm jan yon moun ki travay atann pou yo peye l, se konsa tou nou menm lèzòm, nou atann pou n mouri paske nou fèt ak peche.

 Men, apot Pòl te fè konnen tou yon moun “ki mouri peye pou peche l”. (Women 6:7.) Lè yon moun mouri, li libere anba kèlkeswa peche li te fè. Se sa k fè pa gen rezon pou n panse lè yon moun mouri li kontinye ap soufri yon kote akoz peche li te fè lè l te vivan. Anfèt, Bib la di aklè moun ki mouri yo pa kapab panse, yo pa kapab aji ni yo pa kapab santi anyen. — Eklezyas 9:5.

 “Men kado Bondye bay se lavi ki pap janm fini an grasa Kris Jezi.” Kontrèman ak peche ki bay lanmò, Bondye li menm bay lavi ki pap janm fini kòm kado. Mo orijinal yo mete kado pou tradui l la kapab vle di tou “kado san parèy” oswa “kado estrawòdinè”. Li ka vle di tou yon kado moun pa merite. Etandone tout moun peche, pa gen okenn moun ki merite pou yo viv pou toutan oswa ki ka fè yon bagay pou yo viv pou toutan (Sòm 49:7, 8). Men, Bondye bay tout moun ki demontre lafwa nan Jezi posiblite pou yo viv pou toutan. — Jan 3:16; Women 5:15, 18.

Kontèks Women 6:23

 Pòl te ekri lèt pou kretyen Korent yo nan vil Wòm ozanviwon ane 56 e.n. Nan epòk la, sanble gen kèk nan kretyen sa yo ki te gen yon move pwennvi sou mizèrikòd Bondye. Akoz enfliyans filozogi grèk la, petèt yo te di tèt yo plis yo fè peche se plis y  kapab benifisye padon Bondye (Women 6:1). Gen lòt petèt ki te panse yo pa gen kont pou yo rann pou peche yo paske yo pa anba Lwa Moyiz la ankò (Women 6:15). Nan lèt Pòl te ekri a, li te montre kretyen yo pa ka pwofite mizèrikòd Bondye si yo kite peche dirije lavi yo. — Women 6:12-14, 16.

 Pawòl Pòl yo bay sèvitè Bondye yo jodi a asirans byenke yo fèt ak tout peche, yo kapab gen espwa. Si yo obeyi prensip Bondye yo e yo reziste devan move dezi yo genyen yo, Bondye pwomèt l ap ba yo lavi pou toutan. — Women 6:22.

 Gade ti videyo sa a pou w wè kèk bagay sou liv Women an.

a Nan Bib la, mo “peche” a fè referans ak tout aksyon oswa fason yon moun panse ki pa ann amoni ak prensip Bondye yo (1 Jan 3:4). Gade atik “Ki sa peche ye?