Al gade sa k anndan l

Kongrè ki te fèt an tagalòg nan vil Wòm nan “se te yon gwo reyinyon familyal!”

Kongrè ki te fèt an tagalòg nan vil Wòm nan “se te yon gwo reyinyon familyal!”

Nan yon distans ki plis pase 10 000 kilomèt parapò ak Filipin, peyi pèp Tagalòg la, plizyè milye Temwen Jewova ki pale tagalòg te reyini nan vil Wòm, ann Itali, pou yon kongrè espesyal ki te fèt soti 24 pou rive 26 jiyè 2015.

Selon kalkil ki fèt, gen plis pase 850 000 moun peyi Filipin k ap viv ann Ewòp kounye a. Se sa k fè, gen anviwon 60 kongregasyon Temwen Jewova ak kèk gwoup ann Ewòp ki fè reyinyon nan lang tagalòg e ki preche moun peyi Filipin k ap viv nan zòn yo rete a.

Men, nan kongrè ki te fèt nan vil Wòm nan, tout kongregasyon ak gwoup sa yo te rasanble pou premye fwa pou yon kongrè ki te dire twa jou nan lang pa yo. Tout 3 239 moun ki te nan asistans lan te kontan wè frè Mark Sanderson, yon manm Kolèj santral Temwen Jewova yo ki te sèvi nan peyi Filipin pandan kèk tan, k ap bay dènye diskou yo toule twa jou yo.

Li “ale tou dwat nan kè m”

Ki diferans ki genyen lè yon moun asiste yon kongrè nan lang manman l ak lè yon moun asiste yon kongrè nan yon lang li te aprann? Men sa Eva, yon manman ki selibatè, fè konnen: “Mwen pa fin twò konprann anglè, men grasa kongrè sa a ki fèt nan lang tagalòg, ansèyman ki nan Bib la ale tou dwat nan kè m.” Pou l te ka ekonomize lajan pou l vwayaje soti kote li rete ann Espay la pou l al ann Itali, li menm ak de pitit li yo te deside yo pap manje nan restoran chak semèn ankò, men yo t ap fè sa yon sèl fwa pa mwa. Eva di: “Sa te vo lapèn pou n te fè sakrifis sa a, paske nan kongrè sa a, mwen te konprann tout bagay!”

Jasmin, yon sè k ap viv ann Almay, te mande konje nan travay li pou l te ka vin nan kongrè a. Men sa l te di: “Jis yon ti tan anvan m vwayaje, yo te di m mwen pap ka deplase paske gen travay pou m fè. M te rete kalm, m priye Jewova, epi m al kot patwon m nan. Nou te rive òganize travay la yon fason pou m te ka al asiste kongrè a! Se te yon bagay moun pa t ka kwè pou n gen posiblite reyini ansanm ak lòt frè ak sè ki sot Filipin k ap viv toupatou ann Ewòp.”

An reyalite, anpil moun ki sot Filipin pa sèlman anvi wè peyi yo, men yo anvi wè zanmi yo tou ki t al viv nan lòt peyi ann Ewòp. Kongrè a te pèmèt anpil nan zanmi sa yo rankontre ankò, men fwa sa a antanke frè ak sè espirityèl (Matye 12:48-50). Men sa yon frè ki rele Fabrice fè konnen: “Lè m wè moun mwen konnen, sa fè kè m kontan anpil!” Lè kongrè a te fini, gen yon sè ki te di byen fò: “Se te yon gwo reyinyon familyal!”