Al gade sa k anndan l

Prezans yo nan Tour de France lan te bay moun yo konfyans

Prezans yo nan Tour de France lan te bay moun yo konfyans

103yèm Tour de France, ki se yon kous bisiklèt pou moun tout kote nan monn nan anpil moun byen konnen, te fèt soti 2 jiyè rive 24 jiyè 2016 nan yon anbyans kote moun yo te strese. Ane anvan an, gen plizyè zak teworis ki te fèt an Frans kote te gen plis pase 100 moun ki te viktim. Apre sa, pandan fèt nasyonal peyi a, 14 jiyè 2016, gen yon teworis ki antre yon kamyon sou yon foul moun ki t ap gade fedatifis nan vil Nis. Te gen 86 moun ki mouri nan atak sa a san konte plizyè moun ki blese.

Nan yon anbyans konsa kote moun yo pè e yo nan lapenn, Temwen Jewova yo te vle pote espwa ak konsolasyon pou moun an Frans yo. Se sa k fè, Temwen yo te mete charyo piblikasyon nan diferan etap kous la. Gen plis pase 1 400 Temwen ki te patisipe, e yo te bay moun plis pase 2 000 piblikasyon ki baze sou Bib la, yon seri moun ki t ap chèche repons pou kèk nan kesyon ki pi enpòtan nan lavi a.

‘Nou tout kote!’

Gen moun ki suiv moun yo renmen nan kous la nan chak vil, e gen nan moun sa yo ki te sezi wè Temwen Jewova yo plizyè kote yo pase. An plizyè fwa, moun ki fè pati staf òganizasyon Tour de France lan te felisite Temwen yo pou fason efikas yo te òganize a, yo te di: “Sanble nou tout kote, nan chak etap kous la!” Gen anpil fanatik ki di: “Temwen Jewova yo la a tou!” Plizyè jou apre kous la te kòmanse, gen yon chofè bis avèk jantiyès ki te refize pran yon feyè yo t ap ba li, li te fè konnen yo te deja ba l kat feyè!

Gen kèk moun ki te pran piblikasyon pou premye fwa nan charyo yo paske yo te vle konn sa k fè yo te wè Temwen yo nan chak etap kous la. Se sa k te rive avèk yon moun ki t ap travay nan seksyon spò nan yon televizyon ki sonje li te wè Temwen yo nan Tour de France ane anvan an. Ane sa a, li te deside pwoche kot charyo a, e li te chwazi liv Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi, paske sijè liv la pale sou li a touche l anpil. Apre l te fin li kèk pati nan liv la pandan l nan machin li, li te pale ak kòlèg li yo sou charyo piblikasyon yo, e yo menm tou yo te vin pran piblikasyon ki pale sou diferan sijè.

Yo bay espwa e yo mete moun yo alèz

Gen kèk nan moun ki te la nan evènman sa a ki te chèche wè ak Temwen Jewova yo pou yo pale sou bagay pèsonèl yo. Gen yon jèn dam ki fè konnen li te santi l san espwa e li te menm ap reflechi pou l lage kò l devan yon tren pou l touye tèt li jou sa a. Men, lè l fin tande mesaj Bib la ki bay asirans Wayòm Bondye a pral pote lapè, li te santi l jwenn konsolasyon e l te deside l pap touye tèt li ankò. Gen yon lòt dam ki di Temwen yo: “Kontinye bèl travay n ap fè a.”

Gen yon mesye ki te sou beki, ki te fè konnen dabitid li pa fè moun li pa konnen konfyans, men li te aksepte èd yon dam ki te byen abiye te ofri l apre dam nan te fin fè l konnen li se Temwen Jewova. Li di: “Mèsi paske w souri e pou fason w abiye a. Ou fè m gen konfyans.”