Al gade sa k anndan l

Poukisa Temwen Jewova yo konn fè chanjman nan kwayans yo?

Poukisa Temwen Jewova yo konn fè chanjman nan kwayans yo?

 Etandone nou toujou baze kwayans nou yo sou Bib la sèlman, nou fè chanjman nan kwayans nou yo tank n ap vin pi byen konprann ansèyman ki nan Bib la a.

 Chanjman sa yo ann amoni ak prensip biblik nou jwenn nan Pwovèb 4:18 la ki di: “Chemen moun ki dwat yo tankou klète douvanjou ki kontinye ap vin pi klere jiskaske l fin jou nèt.” Menm jan solèy la k ap leve a pèmèt nou pi byen wè peyizaj ki devan nou an tikras pa tikras, konsa tou, nan tan Bondye fikse pou sa, li pèmèt nou vin pi byen konprann verite ki nan Bib la tikras pa tikras (1 Pyè 1:10-12). Jan Bib la te deja fè konn sa, Bondye fè sa plis toujou nan “tan lafen an”. — Dànyèl 12:4.

 Chanjman nou fè nan kwayans nou yo pa ta dwe ni twouble nou ni fè n sezi paske, nan tan lontan, gen kèk sèvitè Bondye tou ki te konn mal konprann yon bagay oswa ki te konn ap tann yon seri bagay ki pa t konn rive, e moun sa yo te bezwen fè chanjman nan fason yo wè bagay yo.

  •   Moyiz te pran devan pou l libere nasyon Izrayèl la alòske nasyon an te dwe tann 40 an anvan tan Bondye fikse pou sa a rive. — Travay 7:23-25, 30, 35.

  •   Apot yo pa t rive konprann pwofesi ki te anonse lanmò ak rezirèksyon Jezi a. — Ezayi 53:8-12; Matye 16:21-23.

  •   Nan premye syèk la, gen kèk kretyen ki te gen yon move ide konsènan lè “jou Jewova” a t ap rive. — 2 Tesalonisyen 2:1, 2.

 Pi devan, Bondye te korije fason yo te panse a, e n ap priye pou l kontinye fè menm bagay la pou nou. — Jak 1:5.

a Lè n fè chanjman nan kwayans nou, nou pa kache sa. Anfèt, nou ekri yo e n pibliye yo. Pa egzanp, ale nan Bibliyotèk sou Entènèt epi tape “Plis limyè sou kwayans nou yo”.