Al gade sa k anndan l

Nan ki sa Temwen Jewova yo kwè?

Nan ki sa Temwen Jewova yo kwè?

Antanke Temwen Jewova, nou fè anpil efò pou n suiv menm modèl Krisyanis Jezi te anseye epi apot li yo te pratike a. Atik sa a bay yon rezime sou kèk nan kwayans fondamantal nou yo.

  1.   Bondye. Nou adore sèl vrè Dye Toupisan an, li menm ki Kreyatè a. Non li se Jewova (Sòm 83:18; Revelasyon 4:11). Li se Bondye Abraram, Bondye Moyiz ak Bondye Jezi. — Egzòd 3:6; 32:11; Jan 20:17.

  2.   Labib. Nou rekonèt Labib antanke mesaj Bondye fè ekri pou Lèzòm (Jan 17:17; 2 Timote 3:16). Nou baze kwayans nou yo sou tout 66 liv ki nan Bib la, sa vle di ni “Ansyen Testaman” an ni “Nouvo Testaman” an. Jason D. BeDuhn, yon moun ki konn anseye relijyon nan inivèsite, te esplike sa byen klè lè l te fè konnen Temwen Jewova yo baze “kwayans yo ak koutim yo sou sa Labib di san yo pa deside sa yo dwe jwenn ladan l alavans a.”

     Si se vre nou kwè tout sa ki nan Bib la, men, nou pa fondamantalis (moun ki aksepte doktrin relijye yo jan yo te ye depi lontan san yo pa vle chanje yo). Nou rekonèt gen kèk pati nan Bib la ki gen sans figire oswa senbolik e n pa dwe pran yo nan sans literal. — Revelasyon 1:1.

  3.   Jezi. Nou suiv sa Jezi te anseye yo ansanm ak egzanp li kite e n onore l antanke Sovè nou ak Pitit Gason Bondye a (Matye 20:28; Travay 5:31). Nan ka sa a, nou se kretyen (Travay 11:26). Sepandan, nan Bib la, nou aprann se pa Jezi ki Bondye Toupisan an epi pa gen okenn kote nan Ekriti yo ki pale de doktrin trinite a. — Jan 14:28.

  4.   Wayòm Bondye a. Se yon gouvènman reyèl ki nan syèl la, se pa yon kondisyon ki nan kè kretyen yo. Wayòm nan pral ranplase gouvènman lèzòm yo e l pral reyalize objektif Bondye gen pou tè a (Dànyèl 2:44; Matye 6:9, 10). Li pral kòmanse aji talè konsa paske pwofesi ki nan Bib la montre n ap viv nan “dènye jou yo”. — 2 Timote 3:1-5; Matye 24:3-14.

     Se Jezi ki Wa nan Wayòm Bondye a ki nan syèl la. Li te kòmanse dirije an 1914. — Revelasyon 11:15.

  5.   Delivrans. Grasa sakrifis ranson Jezi a, li posib pou n delivre anba peche ak lanmò (Matye 20:28; Travay 4:12). Pou moun yo jwenn byenfè nan sakrifis sa a, nonsèlman yo dwe demontre lafwa nan Jezi, men tou, yo dwe fè chanjman nan fason y ap viv epi yo dwe batize (Matye 28:19, 20; Jan 3:16; Travay 3:19, 20). Se aksyon yon moun ki montre si l gen lafwa (Jak 2:24, 26). Sepandan, delivrans yon moun pa depann de li paske se grasa “favè san parèy Bondye a” n ap delivre. — Galat 2:16, 21.

  6.   Syèl. Jewova Dye, Jezi Kris ansanm ak zanj fidèl yo ap viv nan syèl la b (Sòm 103:19-21; Travay 7:55). Gen yon ti kantite moun, ki se 144 000, k ap resisite pou y al viv nan syèl la pou yo ka dirije ak Jezi nan Wayòm nan. — Dànyèl 7:27; 2 Timote 2:12; Revelasyon 5:9, 10; 14:1, 3.

  7.   Latè. Bondye te kreye tè a pou lèzòm abite pou toutan (Sòm 104:5; 115:16; Eklezyas 1:4). Bondye pral beni moun ki obeyisan yo paske l pral pèmèt yo gen yon sante pafè epi viv pou toutan nan yon paradi sou tè a. — Sòm 37:11, 34.

  8.   Mechanste ak soufrans. Yo te kòmanse lè youn nan zanj Bondye yo te rebele kont Bondye (Jan 8:44). Apre rebelyon an, yo te vin rele zanj sa a “Satan” ak “Dyab”. Li te konvenk de premye moun ki t ap viv sou tè a pou yo met avè l nan rebelyon an e sa te lakòz anpil malè tonbe sou desandans moun sa yo te vin genyen yo (Jenèz 3:1-6; Women 5:12). Bondye pèmèt mechanste ak soufrans yon fason pou l ka bay yon repons pou kesyon moral Satan te soulve yo, men, li pap pèmèt yo kontinye rete pou toutan.

  9.   Lanmò. Moun ki mouri yo sispann egziste (Sòm 146:4; Eklezyas 9:5, 10). Yo pa al soufri nan yon dife lanfè.

     Pa mwayen rezirèksyon an, Bondye pral fè plizyè milya moun leve sot nan lanmò (Travay 24:15). Sepandan, moun ki resisite e ki pa vle aprann chemen Bondye yo pral detwi pou toutan san okenn espwa rezirèksyon. — Revelasyon 20:14, 15.

  10.   Fanmi. Nou respekte prensip orijinal Bondye bay anrapò ak maryaj la ki se: Inyon yon sèl gason ak yon sèl fi epi imoralite seksyèl se sèl baz biblik pou yon moun divòse (Matye 19:4-9). Nou kwè sajès ki nan Bib la ap ede fanmi yo reyisi. — Efezyen 5:22–6:1.

  11.   Adorasyon nou an. Nou pa adore kwa ak okenn lòt imaj (Detewonòm 4:15-19; 1 Jan 5:21). Men kèk aksyon enpòtan nou fè nan adorasyon nou an:

  12.   Òganizasyon nou an. Nou òganize an plizyè kongregasyon e gen yon gwoup ansyen k ap sipèvize chak kongregasyon. Sepandan, ansyen yo pa fòme yon gwoup moun apa (tankou yon gwoup klèje) ni yo pa peye yo (Matye 10:8; 23:8). Nou pa mande ladim e nou pa janm fè lakòlèt nan reyinyon nou yo (2 Korentyen 9:7). Se ofrann volontè ki soutni travay nou an e moun ki fè ofrann yo pa mande pou yo site non yo.

     Kolèj santral la se yon ti gwoup kretyen ki gen matirite k ap sèvi nan syèj mondyal nou an e se yo menm k ap dirije travay Temwen Jewova yo toupatou sou tè a. — Matye 24:45.

  13.   Nou gen tèt ansanm. Nou gen menm kwayans kèlkeswa kote n ye sou tè a (1 Korentyen 1:10). Anplis de sa, nou fè anpil efò pou pa gen okenn divizyon sosyal, etnik, rasyal oswa klas nan mitan nou (Travay 10:34, 35; Jak 2:4). Sepandan, inite nou an pèmèt nou fè chwa pèsonèl. Chak Temwen pran desizyon ki ann amoni ak pwòp konsyans li ki fòme grasa Bib la. — Women 14:1-4; Ebre 5:14.

  14.   Konduit nou. Nou fè bonjan efò pou n demontre lanmou san enterè nan tout aksyon nou (Jan 13:34, 35). Nou evite tout pratik ki pa fè Bondye plezi, sa ki gen ladan l mal sèvi ak san lè n fè transfizyon (Travay 15:28, 29; Galat 5:19-21). Nou viv anpè ak tout moun e n pa patisipe nan lagè (Matye 5:9; Ezayi 2:4). Nou respekte moun k ap dirije nan zòn kote n ap viv la e n obeyi lwa gouvènman yo toutotan lwa sa yo pa mande pou n dezobeyi lwa Bondye yo. — Matye 22:21; Travay 5:29.

  15.   Relasyon nou ak lòt moun. Men ki kòmandman Jezi te bay: “Nou dwe renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou.” Anplis de sa, li te di kretyen yo “pa fè pati monn nan”. (Matye 22:39; Jan 17:16.) Pou rezon sa a, nou eseye “fè byen ak tout moun”, men, nou pa mele ditou nan zafè politik e n evite mele ak lòt relijyon (Galat 6:10; 2 Korentyen 6:14). Sepandan, nou respekte chwa lòt moun fè nan domèn sa yo. — Women 14:12.

 Si w gen lòt kesyon konsènan kwayans Temwen Jewova yo, ou ka jwenn plis enfòmasyon sou nou sou sit Entènèt nou an, ou ka kontakte youn nan biwo nou yo, ou ka asiste yon reyinyon nan yon Sal Wayòm ki toupre lakay ou oswa w ka pale ak yon Temwen nan zòn kote w abite a.

a Gade liv Laverite nan tradiksyon yo (anglè), paj 165.

b Byenke Bondye te met zanj mechan yo deyò nan syèl la, yo toujou fè pati monn envizib la. — Revelasyon 12:7-9.