Al gade sa k anndan l

Èske se nan kè nou Wayòm Bondye a ye?

Èske se nan kè nou Wayòm Bondye a ye?

Repons Bib la bay

 Non, Wayòm Bondye a se pa jis yon bagay ki nan kè kretyen yo. a Bib la ede nou wè ki kote Wayòm Bondye a ye lè li rele l “Wayòm syèl la”. (Matye 4:17, Bib kreyòl la.) Ann pale sou fason Bib la montre Wayòm Bondye a se yon gouvènman ki egziste toutbon k ap dirije detan l nan syèl la.

  •   Wayòm Bondye a gen dirijan, li gen moun l ap dirije, li gen lwa epi li gen objektif pou l fè volonte Bondye fèt nan syèl la e sou tè a. — Matye 6:10; Revelasyon 5:10.

  •   Gouvènman Bondye a oswa Wayòm Bondye a pral dirije “ tout pèp, tout nasyon ak tout gwoup moun ki pale tout kalite lang” sou tè a (Dànyèl 7:13, 14). Se Bondye menm ki chwazi dirijan yo, se pa moun yo ki chwazi yo. — Sòm 2:4-6; Ezayi 9:7.

  •   Jezi te di apot fidèl li yo yo t ap vin jwenn li nan Wayòm syèl la pou yo “chita sou twòn” yo. — Lik 22:28, 30.

  •   Wayòm nan pral detwi ènmi li genyen yo. — Sòm 2:1, 2, 8, 9; 110:1, 2; 1 Korentyen 15:25, 26.

 Bib la pa di Wayòm syèl la ap dirije nan kè nou. Sepandan, Bib la montre “mesaj Wayòm nan” oubyen “bon nouvèl konsènan Wayòm nan” kapab e l dwe gen efè sou kè nou. — Matye 13:19; 24:14.

Ki sa ekspresyon “Wayòm Bondye a nan mitan nou” an vle di?

 Fason kèk tradiksyon Labib mete Lik 17:21 an lakoz kèk moun pa rive konnen ki kote Wayòm nan ye toutbon. Pa egzanp, Labib Wa Jak (anglè) mete “Wayòm Bondye a anndan nou”. Pou nou byen konprann vèsè sa a, nou dwe egzamine kontèks la.

Wayòm Bondye a pa t nan kè moun ki te opoze ak Jezi e ki te vle touye l yo.

 Jezi t ap pale ak Farizyen yo, yon gwoup chèf relijye ki te opoze avè l e ki t ap chèche touye l (Matye 12:14; Lik 17:20). Èske sa fè sans pou nou ta panse Wayòm Bondye a se yon bagay ki te anndan moun kè di sa yo? Men sa Jezi te di yo: “Anndan nou chaje ak ipokrizi ak sa k pa bon.” — Matye 23:27, 28.

 Gen lòt tradiksyon Labib ki fè deklarasyon Jezi te fè nan Lik 17:21 an pi klè lè yo mete: “Wayòm Bondye a la avèk nou.” ​(Se nou ki mete mo yo ann italik; Contemporary English Version). “Wayòm Bondye a nan mitan nou.” ​(Tradiksyon monn nouvo a). Wayòm syèl la te “avèk” Farizyen yo oswa te nan “mitan” yo paske Jezi, Wa Bondye chwazi pou dirije nan Wayòm nan, te kanpe devan yo. — Lik 1:32, 33.

a Anpil gwoup relijye fè konnen Wayòm Bondye a se anndan moun oswa se nan kè yo li ye. Pa egzanp, nan peyi Etazini, gen yon legliz Batis ki fè konnen Wayòm Bondye a se “rèy Bondye a ki nan kè ak nan lavi chak moun”. (The Southern Baptist Convention.) Menm jan an tou, nan liv pap Benwa 16 te ekri a, ki gen tit Jezi moun Nazarèt (anglè), li fè konnen: “Wayòm Bondye a vini lè yon moun aksepte [Jezi] ak tout kè l.”