Al gade sa k anndan l

Poukisa Temwen Jewova yo pa reyaji devan tout akizasyon yo fè kont yo?

Poukisa Temwen Jewova yo pa reyaji devan tout akizasyon yo fè kont yo?

 Temwen Jewova yo suiv konsèy Bib la bay pou yo pa reyaji devan tout akizasyon yo fè kont yo oswa lè y ap pase yo nan rizib. Pa egzanp, gen yon pwovèb nan Bib la ki di: “Moun ki korije yon moun k ap pase moun nan rizib ap rale lawont sou tèt li.” (Pwovèb 9:7, 8; 26:4). Olye n konsantre twòp sou fo akizasyon epi n tonbe nan fè diskisyon ak moun, nou vle ret konsantre sou fè Bondye plezi. — Sòm 119:69.

 Nòmalman, gen “yon lè pou moun pa di anyen ak yon lè pou moun pale”. (Eklezyas 3:7.) Nou reponn tout moun k ap chèche laverite ak tout kè yo, men, nou evite antre nan detay ki initil. Konsa, nou suiv ansèyman ak egzanp Jezi ak premye kretyen yo kite.

  •   Jezi pa t reponn anyen lè yo te lage fo akizasyon sou do l devan Pilat (Matye 27:11-14; 1 Pyè 2:21-23). Jezi pa t reponn anyen tou lè yo te akize l kòm bwasonyè ak glouton. Olye de sa, li te kite aksyon l yo pale pou li ann amoni ak prensip sa a ki di: “Sajès montre li jis pa mwayen aksyon li fè.” (Matye 11:19, nòt). Sepandan, lè sikonstans yo mande sa, avèk kouraj, li te reponn moun k ap akize l yo. — Matye 15:1-3; Mak 3:22-30.

     Jezi te anseye disip li yo pou yo pa kite fo akizasyon fè yo dekouraje. Men sa l te di: “Nou byennere lè moun joure nou, lè yo pèsekite nou, e lè yo di tout kalite move bagay ki pa vre sou nou poutèt mwen.” (Matye 5:11, 12). Sepandan, Jezi te di yo tou si akizasyon sa yo ba yo posiblite pou yo bay yon temwayaj, l ap akonpli pwomès li fè yo lè l di: “M ap mete pawòl sajès nan bouch nou. Menmsi tout opozan nou yo ta met ansanm, yo pap ka kenbe tèt ak pawòl sa yo, yo pap ka di anyen.” — Lik 21:12-15.

  •   Apot Pòl te konseye kretyen yo pou yo evite diskisyon initil ak opozan yo e l te fè konnen bagay sa yo “pa itil e yo pa gen okenn valè”. — Tit 3:9; Women 16:17, 18.

  •   Apot Pyè te ankouraje kretyen yo pou yo defann lafwa yo lè sa posib (1 Pyè 3:15). Men, li te rekonèt li souvan pi bon pou n fè sa grasa aksyon olye n di pawòl. Men sa l te ekri: “Se pou nou fè sa ki byen, dekwa pou nou ka fè moun ki derezonab k ap pale sa yo pa konnen yo fèmen bouch yo.” — 1 Pyè 2:12-15.