Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 19

Travay konstriksyon ki bay Jewova glwa

Travay konstriksyon ki bay Jewova glwa

IDE KLE CHAPIT LA

Travay konstriksyon k ap fèt sou tè a pèmèt enterè Wayòm nan avanse.

1, 2. a) Ki sa sèvitè Jewova yo renmen fè depi byen lontan? b) Ki sa Jewova bay valè?

DEPI byen lontan, sèvitè fidèl Jewova yo te toujou kontan fè konstriksyon ki pèmèt yo fè louwanj pou non l. Pa egzanp, Izrayelit yo te kontan patisipe nan konstriksyon tabènak la, e yo te kontan bay sa yo te genyen pou konstriksyon sa a. — Egz. 35:30-35; 36:1, 4-7.

2 Jewova pa t konsidere konstriksyon sa yo kòm premye bagay ki fè l jwenn glwa, ni li pa t konsidere bagay sa yo kòm bagay ki gen plis enpòtans pou li (Mat. 23:16, 17). Sa Jewova bay valè yo, sètadi sa ki fè l jwenn louwanj anvan tout bagay yo, se adorasyon sèvitè l yo ap ba li a, ki gen ladan l espri sakrifis yo demontre ak fason yo montre yo zele nan travay y ap fè a (Egz. 35:21; Mak 12:41-44; 1 Tim. 6:17-19). Sa se yon gwo verite! Sa k fè n di sa? Se paske yon konstriksyon ka la jodi a epi l pa la demen. Pa egzanp tabènak la ak tanp lan pa egziste ankò. Se vre konstriksyon sa yo pa la ankò, men, Jewova pa janm bliye sa sèvitè fidèl li yo te bay pou yo te soutni konstriksyon sa yo ak fason yo te travay di. — Li 1 Korentyen 15:58; Ebre 6:10.

3. De ki sa nou pral pale nan chapit sa a?

3 Menm jan an tou, sèvitè Jewova yo nan epòk nou an travay di anpil pou yo konstwi kote nou adore Jewova yo. Travay nou rive fè anba direksyon Jezi Kris, Wa nou an, vrèman estrawòdinè! Vrèmanvre, Jewova beni efò nou fè yo (Sòm 127:1). Nan chapit sa a, nou pral fè yon ti pale sou kèk nan travay nou fè yo ak fason travay sa yo fè moun bay Jewova glwa. Nou pral wè tou sa kèk moun k ap patisipe nan travay sa a di.

Konstriksyon Sal Wayòm

4. a) Ki sa k fè n bezwen konstwi plis kote pou n adore Bondye? b) Poukisa yo fè plizyè biwo filyal vin fè yon sèl? (Gade kare ki gen tit: “ Konstriksyon filyal: Adapte selon bezwen an.”)

4 Jan nou te aprann sa nan chapit 16 la, Jewova mande n pou n reyini pou nou adore l (Ebre 10:25). Nonsèlman reyinyon nou yo fè lafwa nou vin pi solid, men yo motive nou tou pou n patisipe nan travay predikasyon an. Toutpandan n ap antre pi fon nan dènye jou yo, Jewova kontinye fè travay sa a avanse pi rapid. Kòm rezilta, gen plizyè santèn milye moun ki vin fè pati òganizasyon l lan chak ane (Iza. 60:22). Etandone gen tout kantite moun sa yo k ap vin nan òganizasyon an, sa fè vin gen yon gwo bezwen pou yo konstwi lokal pou enprime piblikasyon ki baze sou Bib la. Anplis de sa, nou bezwen konstwi plis kote pou nou adore Bondye.

5. Poukisa non Sal Wayòm nan se yon non ki apwopriye? (Gade kare ki gen tit “ Legliz nouvo limyè a” tou.)

5 Byen bonè nan epòk nou an, pèp Jewova a, anpalan de Etidyan Labib yo, te kòmanse wè l enpòtan pou yo gen pwòp lokal pa yo pou yo fè reyinyon yo. Sanble se te nan Vijini delwès, Ozetazini, nan ane 1890, yo te konstwi youn nan premye lokal pou yo adore a. Rive nan ane 1930 yo, pèp Jewova a te konstwi oswa renove plizyè lokal, men, yo potko bay lokal sa yo yon non pou idantifye yo. Sepandan, nan ane 1935, frè Rutherford t al vizite Awayi lè yo t ap konstwi yon lokal toupre yon nouvo biwo filyal nan Awayi. Lè yo te mande frè Rutherford, ki non yo te dwe bay lokal sa a, men sa l te reponn: ‘Èske w pa panse nou dwe rele l Sal Wayòm, piske se sa n ap fè, anpalan de preche bon nouvèl Wayòm nan?’ ​(Mat. 24:14). Vrèmanvre, non sa a se yon non ki apwopriye, e sa pa t pran tan pou yo te bay lokal la pote non sa a. Nan lemonnantye, yo bay pifò lokal pèp Jewova a konn itilize pou yo reyini an pote non sa a tou.

6, 7. Lefètke yo konstwi Sal Wayòm yo nan yon tikras tan, ki rezilta sa bay?

6 Apati ane 1970 yo, yo te vin bezwen konstwi plis Sal Wayòm. Pou yo te rive fè sa, frè nan peyi Etazini yo te vin ak yon bon metòd pou yo konstwi bèl Sal Wayòm nan kèk jou sèlman. Rive nan ane 1983, yo te konstwi anviwon 200 nan Sal Wayòm sa yo nan peyi Etazini ak Kanada. Pou yo te rive fè travay la, frè yo te met plizyè komite rejyonal pou konstriksyon Sal Wayòm sou pye. Metòd sa a te tèlman byen mache, nan ane 1986, Kolèj santral la te pran dispozisyon pou yo suiv metòd sa a. Rive nan ane 1987, te gen 60 komite rejyonal pou konstriksyon Sal Wayòm nan peyi Etazini *. Apati ane 1992, komite sa a te vin kòmanse fonksyone nan peyi Afrik disid, Ajantin, Almay, Espay, Japon, Lafrans, Meksik ak Ostrali. Se sèten, frè sa yo k ap travay di nan konstriksyon Sal Wayòm ak Sal Asanble yo merite pou n ankouraje yo pou fason yo bay patisipasyon pa yo nan travay Bondye a.

7 Sal Wayòm yo pa t pran anpil tan pou yo konstwi yo te fè moun k ap viv nan zòn kote yo konstwi yo a jwenn yon bon temwayaj. Pa egzanp, gen yon jounal nan peyi Espay ki te ekri yon atik ki gen tit: “Lafwa ki fè mòn deplase.” Men kòmantè jounal la te fè konsènan yon konstriksyon Sal Wayòm yo te fè nan vil Martos: ‘Nan monn sa a ki chaje ak moun ki wè tèt yo sèlman, kòman l fè posib pou moun ki soti plizyè kote nan peyi Espay pote tèt yo volontè pou yo vin nan vil Martos dekwa pou yo bati yon bilding ki fèt nan yon kantite tan moun potko janm wè anvan sa, yon bilding ki byen fèt, e moun ki fè l yo byen òganize?’ Jounal la te reponn kesyon sa a lè l te site pawòl youn nan volontè yo ki Temwen Jewova te di: ‘Rezon ki fè n rive fè travay sa a se paske n se yon pèp ki jwenn fòmasyon nan men Jewova.’

Konstriksyon nan peyi ki pa gen gwo mwayen yo

8. Nan ane 1999, ki nouvo pwogram Kolèj santral la te apwouve, e poukisa?

8 Toutpandan nou t ap pwoche nan fen 20yèm syèk la, gen anpil moun ki soti nan peyi ki pa gen gwo mwayen ki t ap antre nan òganizasyon Jewova a. Frè yo k ap viv nan peyi sa yo te fè tout sa yo kapab pou yo konstwi yon kote pou yo reyini. Men, nan kèk peyi, gen moun ki te konn pase yo nan rizib, ki te konn fawouche yo akoz Sal Wayòm yo ki pa t bèl lè w konpare yo ak lòt kote moun adore yo. Sepandan, apati ane 1999, Kolèj santral la te apwouve yon pwogram ki te pèmèt yo konstwi Sal Wayòm pi rapid nan peyi ki pa gen gwo mwayen yo. Yo te sèvi ak ofrann ki soti nan peyi rich yo yon fason pou “bagay yo [...] vin egal”. (Li 2 Korentyen 8:13-15.) Anplis de sa, gen frè ak sè ki soti nan lòt peyi ki pote yo volontè pou soutni travay sa a.

9. Ki travay ki te sanble enposib, men ki sa n te rive fè?

9 Okòmansman, travay la te sanble yon travay ki enposib. Gen yon rapò yo te bay nan ane 2001 ki te fè konnen yo te bezwen konstwi plis pase 18 300 Sal Wayòm nan 88 peyi ki pa gen gwo mwayen. Etandone lespri sen Jewova ap ede nou e nou gen Jezi Kris, Wa nou an, avè n, pa gen okenn travay ki enposib pou nou (Mat. 19:26)! Nan anviwon 15 an, soti nan ane 1999 pou rive ane 2013, pèp Bondye a te rive konstwi 26 849 Sal Wayòm grasa pwogram sa a *. Jewova kontinye beni travay predikasyon an, se sa k fè, pou ane 2013 la, yo te toujou bezwen konstwi 6 500 Sal Wayòm nan peyi sa yo, e kounye a, chak ane nou bezwen konstwi anviwon plizyè santèn Sal anplis.

Konstriksyon Sal Wayòm nan peyi ki pa gen gwo mwayen yo pa toujou fasil.

10-12. Kòman travay konstriksyon Sal Wayòm nan fè moun bay non Jewova glwa?

10 Kòman konstriksyon nouvo Sal Wayòm yo fè moun bay non Jewova glwa? Men sa yon rapò ki soti nan biwo filyal peyi Zimbabwe a fè konnen: “Nan yon mwa sèlman apre yo kòmanse konstwi yon Sal Wayòm, an mwayèn, kantite moun k ap vin asiste reyinyon yo konn double.” Nan anpil peyi, sanble anpil moun konn renka renka pou y al asiste reyinyon nou yo toutotan yo pa wè nou gen yon lokal ki apwopriye pou n adore Bondye. Donk, yonfwa yo fin konstwi yon Sal Wayòm, sa pa pran tan pou l plen ak moun e sa pa pran tan pou yo gentan bezwen konstwi yon lòt Sal Wayòm. Sepandan, se pa aparans Sal Wayòm yo sèlman ki atire moun vin jwenn Jewova. Anplis de sa, lefètke vrè kretyen k ap patisipe nan konstriksyon sa yo demontre lanmou youn pou lòt, sa gen gwo efè sou fason moun yo wè òganizasyon Jewova a. Ann pran kèk egzanp.

11 Endonezi. Lè yon mesye ki t ap gade frè yo k ap konstwi yon Sal Wayòm te aprann frè sa yo se volontè, men sa l te di: “Nou menm [Temwen Jewova yo] nou se moun ki estrawòdinè! Mwen wè ki jan nou chak travay ak tout kè nou e nou fè travay la ak kè kontan, menm lè yo pa peye nou pou travay n ap fè a. Mwen panse pa gen yon lòt òganizasyon relijye tankou pa nou an!”

12 Ikrèn. Gen yon dam ki te konn pase chak jou devan yon chantye konstriksyon, li te vin rann li kont moun ki t ap travay yo se Temwen Jewova e se yon Sal Wayòm yo t ap konstwi. Men sa l te di: “Mwen konn tande pale de Temwen Jewova yo paske mwen gen yon sè m ki Temwen. Lefètke m wè travay konstriksyon sa a, mwen vle vin fè pati fanmi espirityèl sa a. Pandan y ap fè travay la mwen wè moun k ap demontre lanmou youn pou lòt vre.” Dam sa a te aksepte yon etid Labib e li te batize nan ane 2010.

13, 14. a) Ki sa w aprann nan fason yon koup marye te reyaji devan aktivite ki t ap fèt sou yon chantye konstriksyon Sal Wayòm? b) Ki sa w ka fè pou w asire w kote w reyini pou w adore a fè non Jewova jwenn glwa?

13 Ajantin. Gen yon koup marye ki t al kot frè ki responsab yon chantye konstriksyon Sal Wayòm, e men sa mari a te di l: “Nou t ap suiv travay n ap fè sou pwojè konstriksyon sa a, e [...] nou pran desizyon pou se nan kay sa a nou aprann konnen Bondye.” Men sa l te mande frè a: “Ki sa n bezwen fè pou n vin asiste reyinyon nou fè isit la?” Koup sa a te dakò fè yon etid Labib akondisyon tout fanmi yo te patisipe nan etid la. Se pa ti kontan frè yo te kontan etidye Labib avèk yo!

14 Petèt ou pa t gen privilèj bay èd pa w nan konstriksyon Sal Wayòm ou an, men, gen anpil bagay ou ka toujou fè pou Sal Wayòm kote w reyini pou w adore a fè non Jewova jwenn glwa. Pa egzanp, ou ka chofe pou w envite moun w ap etidye Labib avè yo, moun w al vizite yo ak lòt moun ankò vin asiste reyinyon yo fè nan Sal Wayòm nan. Anplis de sa, ou gen posiblite pou w ede yo netwaye Sal Wayòm nan epi pran swen l. Si nou pran abitid met yon ti kòb apa, sa ap pèmèt nou fè ofrann pou yo ka pran swen Sal Wayòm nou an oswa n ap fè ofrann pou pran swen lòt bilding yo itilize pou adore Jewova sou tè a. (Li 1 Korentyen 16:2.) Tout aktivite sa yo fè non Jewova jwenn plis louwanj.

Moun k ap travay yo ‘ofri tèt yo volontèman’

15-17. a) Ki moun ki fè pifò travay konstriksyon yo? b) Ki sa w aprann nan sa de koup marye te di konsènan travay konstriksyon ki fèt nan lòt peyi?

15 Pifò travay yo fè pou konstwi Sal Wayòm, Sal asanble ak biwo filyal yo, se frè ak sè nan peyi kote y ap konstwi yo a ki fè yo. Men, byen souvan, gen frè ak sè, ki gen eksperyans nan konstriksyon e ki soti nan lòt peyi, ki konn vin ede yo. Gen kèk nan volontè sa yo ki òganize yo yon fason pou yo travay sou yon pwojè nan yon lòt peyi pandan plizyè semèn. Gen lòt menm ki mete yo disponib pou yo sèvi pandan plizyè ane, sa fè yo soti nan yon pwojè konstriksyon pou yo tonbe nan yon lòt.

Timo ak Lina Lappalainen (Gade paragraf 16.)

16 Se vre travay konstriksyon nan lòt peyi a ka pa toujou fasil, men, travay sa a ka bay kè kontan tou. Pa egzanp Timo ak Lina te vwayaje al nan plizyè peyi ann Amerik disid, Azi ak Ewòp pou yo travay nan konstriksyon Sal Wayòm, Sal asanble ak biwo filyal yo. Men sa Timo fè konnen: “Pandan 30 an, an mwayèn, se chak dezan yo chanje nou asiyasyon.” Lina, ki gen 25 an depi l marye ak Timo, fè konnen: “Mwen menm ak Timo gentan travay nan dis peyi. Pou yon moun vin abitye ak yon lòt kalite manje, yon lòt tanperati, yon lòt lang ak yon lòt tèritwa pou l preche epi pou l fè nouvo zanmi, sa mande anpil tan ak enèji” *. Èske tout sakrifis sa yo vo lapèn? Men sa Lina fè konnen: “Difikilte yo vin tounen pi gwo benediksyon nou ka jwenn. Nou te wè lanmou frè ak sè yo genyen, yo te akeyi nou ak de bra ouvè, e sa fè n santi jan Jewova pran swen nou. Anplis de sa, nou wè pwomès Jezi te fè disip li yo nou jwenn nan Mak 10:29, 30 lan reyalize nan ka pa nou. Nou jwenn san fwa plis frè, sè ak manman nan domèn espirityèl.” Men sa Timo ajoute: “Sa fè n kontan anpil lefètke n ka sèvi ak kapasite nou nan pi bon objektif ki te ka genyen an, anpalan de patisipe nan fè byen Wa a vin anpil.”

17 Darren ak Sarah, ki te bay èd pa yo nan konstriksyon ki te fèt ann Afrik, Amerik disid, Amerik santral, Azi, Ewòp ak nan Pasifik sid la, te santi yo jwenn plis pase sa yo te bay. Malgre difikilte yo te jwenn, men sa Darren fè konnen: ‘Se yon privilèj pou nou travay ak frè ki soti toupatou sou tè a. Mwen wè lanmou nou tout genyen pou Jewova a tankou yon chenn ki makònen nou ak frè ak sè nou yo sou tout tè a.’ Men sa Sarah fè konnen: “Mwen aprann anpil bagay nan men frè ak sè ki soti nan lòt kilti yo. Lè m wè tout sakrifis yo fè pou yo sèvi Jewova, sa pouse m kontinye bay Jewova tout mwen menm.”

18. Kòman pwofesi nou jwenn nan Sòm 110:1-3 a ap reyalize?

18 Wa David te fè konnen, menm lè sitwayen Wayòm Bondye a t ap fè fas ak difikilte, yo t ap ‘ofri tèt yo volontèman’ pou fè enterè Wayòm nan avanse. (Li Sòm 110:1-3.) Tout moun ki patisipe nan travay soutni Wayòm nan se moun k ap patisipe nan fè pawòl David te di yo reyalize (1 Kor. 3:9). Lefètke gen plizyè biwo filyal, plizyè santèn Sal asanble ak plizyè dizèn milye Sal Wayòm toupatou sou tè a, sa bay bonjan prèv ki montre Wayòm Bondye a egziste toutbon e l ap dirije kounye a. Ala yon privilèj nou genyen pou n sèvi Jezi Kris, Wa nou an, nan yon travay ki fè Jewova jwenn glwa li merite a!

^ § 6 Nan ane 2013, te gen plis pase 230 000 volontè yo te apwouve pou travay ak 132 komite rejyonal pou konstriksyon Sal Wayòm ki nan peyi Etazini. Nan peyi sa a, chak ane, komite sa yo te sipèvize pwojè konstriksyon anviwon 75 nouvo Sal Wayòm e yo te bay èd nan travay renove oswa repare anviwon 900 Sal Wayòm.

^ § 9 Chif sa a pa gen ladan l plizyè Sal Wayòm yo te konstwi nan peyi ki pa nan pwogram nan.

^ § 16 Sèvitè ak volontè entènasyonal yo pase pifò nan tan yo ap travay sou chantye konstriksyon yo, men, anplis de sa, yo soutni kongregasyon ki nan zòn yo lè yo patisipe nan travay predikasyon an pandan wikenn oswa ta nan aprèmidi.