Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 20

Travay pote sekou a

Travay pote sekou a

IDE KLE CHAPIT LA

Fason kretyen yo demontre lanmou lè gen katastwòf.

1, 2. a) Ak ki difikilte kretyen ki t ap viv nan Jide yo t ap fè fas? b) Ki aksyon ki demontre lanmou yo te fè anvè kretyen ki t ap viv nan Jide yo?

SE TE ozanviwon ane 46 epòk nou an, e nan moman sa a, te gen yon gwo grangou ki t ap frape zòn Jide a. Juif ki te vin disip Kris ki t ap viv nan zòn sa a pa t gen anpil mwayen pou yo te peye pri tèt nèg yo te mande pou ti kantite manje ki te disponib la. Bagay yo te rèd anpil pou yo. Sepandan, Jewova t apral pwoteje yo yon fason okenn lòt disip Kris potko janm wè anvan sa. Ki sa k t apral pase?

2 Kretyen Juif ak kretyen lòt nasyon ki t ap viv nan vil Antyòch ak Siri yo te tèlman wè kretyen Juif ki t ap viv Jerizalèm ak Jide yo t ap soufri, sa te pouse yo rasanble lajan pou kretyen parèy yo. Apre sa, yo te chwazi de frè responsab pami yo, anpalan de Banabas ak Sòl, pou pote sa yo te rasanble a bay ansyen yo ki te nan kongregasyon Jerizalèm nan. (Li Travay 11:27-30; 12:25.) Eseye imajine jan frè ki t ap viv nan Jide yo dwe te kontan pou bèl aksyon sa a ki demontre lanmou frè nan vil Antyòch yo te fè a!

3. a) Nan epòk nou an, ki fason pèp Bondye a suiv egzanp kretyen ki t ap viv nan vil Antyòch yo nan premye syèk la? Bay yon egzanp. (Gade kare ki gen tit “ Premye pi gwo pwogram sekou nou te òganize nan epòk nou an” tou.) b) Ki kesyon nou pral egzamine nan chapit sa a?

3 Lè n fè yon ti retounen nan premye syèk epòk nou an, nou rann nou kont evènman sa a se premye evènman yo te ekri ki montre kretyen k ap viv yon kote nan monn nan te voye èd pou kretyen k ap viv nan yon lòt zòn. Jodi a, nou suiv menm egzanp frè ki t ap viv nan vil Antyòch yo te kite a. Lè n aprann kretyen parèy nou yo k ap viv nan yon lòt zòn ap fè fas ak yon katastwòf oswa y ap fè fas ak yon difikilte, nou chèche ede yo *. Pou n montre nou apresye fason efò nou fè pou n pote sekou yo gen rapò ak lòt aktivite espirityèl nou fè yo, ann egzamine twa kesyon konsènan travay pote sekou a: Poukisa n konsidere travay pote sekou a kòm yon pati nan adorasyon n ap bay Jewova a? Ki objektif travay pote sekou n ap fè a genyen? Ki fason nou ka jwenn byenfè grasa travay pote sekou a?

Rezon ki fè travay pote sekou a se yon “sèvis sakre”

4. Ki sa Pòl te di Korentyen yo konsènan travay kretyen yo gen pou yo fè a?

4 Nan dezyèm lèt Pòl te ekri kretyen ki t ap viv nan vil Korent yo, li te fè konnen sèvis kretyen yo ap fè a gen de kalite travay ladan l. Byenke se kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl la Pòl te ekri lèt sa a, jodi a, nou kapab aplike pawòl sa yo nan ka tout moun ki fè pati “lòt mouton” Kris yo tou (Jan 10:16). Nan sèvis n ap bay Jewova a, gen yon pati ladan l ki se “misyon pou nou fè moun vin rekonsilye” ak Jewova (2 Kor. 5:18-20; 1 Tim 2:3-6). Lòt pati a se yon travay n ap fè pou ede kwayan parèy nou yo. Pòl te sitou pale de travay sa a kòm yon travay kote “n ap patisipe nan [bay] èd [sèvis, nòt anba paj]”. (2 Kor. 8:4.) Nan ekspresyon “misyon pou fè moun vin rekonsilye” a ak ekspresyon ‘patisipe nan sèvis’ la, ni mo “misyon” an, ni mo “sèvis” la se tradiksyon yon mo grèk ki se dyakonya. Poukisa sa enpòtan?

5. Lefètke Pòl te sèvi ak mo grèk la pou l pale de travay pote sekou a, poukisa sa enpòtan?

5 Lefètke Pòl te sèvi ak menm mo grèk dyakonya a pou toule de kalite travay yo, Pòl te montre travay pote sekou a makònen ak lòt kalite travay nou fè anndan kongregasyon kretyen an. Men sa l te fè konnen anvan sa: “Gen divès kalite sèvis, epoutan se yon sèl Seyè a ki genyen. Gen divès kalite travay [...]. Men tout travay sa yo, se yon sèl lespri a ki fè yo.” ​(1 Kor. 12:4-6, 11). Anfèt, apot Pòl te fè konnen tout kalite sèvis k ap fèt nan kongregasyon yo se yon “sèvis sakre” *. (Wom. 12:1, 6-8.) Se pou rezon sa a Pòl te wè l apwopriye pou l te konsakre yon pati nan tan l pou l “ede moun ki sen yo”. — Wom. 15:25, 26.

6. a) Jan Pòl te fè konn sa, ki rezon ki fè travay pote sekou a se yon travay ki fè pati adorasyon n ap bay Jewova a? b) Fè yon ti pale sou fason n ap fè travay pote sekou a toupatou sou tè a jodi a. (Gade kare ki gen tit “ Lè katastwòf frape!” a.)

6 Pòl te ede Korentyen yo konprann rezon ki fè travay pote sekou a se yon travay ki fè pati sèvis yo a ak adorasyon y ap bay Jewova a. Men ki rezònman l te fè avè yo: Kretyen ki patisipe nan travay pote sekou a fè sa paske yo “soumèt [yo] devan bon nouvèl konsènan Kris la”. (2 Kor. 9:13.) Kidonk, lefètke kretyen yo vle suiv ansèyman Kris yo, sa pouse yo ede kwayan parèy yo. Pòl te fè konnen kalite aksyon sa a frè yo fè pou ede frè parèy yo, se yon bon fason pou yo demontre “kokenn favè san parèy Bondye vide sou” yo a (2 Kor. 9:14; 1 Pyè 4:10). Se sa k fè, Toudegad 1ye desanm 1975 lan te gen bon rezon pou l fè kòmantè sa a konsènan travay pote sekou a: “Nou pa dwe janm gen dout sou fason kalite sèvis sa a gen anpil valè pou Jewova Dye ak Jezi Kris, Pitit Gason l lan.” Vrèmanvre, travay pote sekou a se yon fòm sèvis sakre ki enpòtan — Wom. 12:1, 7; 2 Kor. 8:7; Ebre 13:16.

Nou gen bonjan rezon pou pote moun yo sekou

7, 8. Bay premye objektif nou fè travay pote sekou a. Esplike.

7 Nan ki objektif nou fè travay pote sekou a? Apot Pòl te pale konsènan kesyon sa a nan dezyèm lèt li te ekri Korentyen yo. (Li 2 Korentyen 9:11-15.) Nan vèsè sa yo, apot Pòl te met aksan sou twa objektif enpòtan nou rive atenn lè nou patisipe nan “sèvis piblik sa a”, anpalan de travay pote sekou a. Ann egzamine objektif sa yo youn apre lòt.

8 Premyèman, travay pote sekou nou an fè Jewova jwenn glwa. Remake konbyen fwa apot Pòl te atire atansyon frè yo sou Jewova nan senk vèsè nou site pi wo a. Apot la te fè yo sonje enpòtans pou yo “di Bondye mèsi”, e li te fè yo sonje tou jan anpil moun gen “yon gwo rezon pou yo di Bondye mèsi”. (Vèsè 11, 12.) Li te pale konsènan jan travay pote sekou a fè Kretyen yo “glorifye Bondye” e jan li fè yo louwe Bondye pou “kokenn favè san parèy” li a (Vèsè 13, 14). E pou fini, men sa apot Pòl te di Korentyen yo konsènan travay pote sekou a: “N ap di Bondye mèsi.” — Vèsè 15; 1 Pyè 4:11.

9. Ki jan travay pote sekou a ka fè yon moun chanje fason l panse? Bay yon egzanp.

9 Menm jan ak apot Pòl, jodi a, sèvitè Bondye yo wè travay pote sekou a kòm posiblite yo genyen pou yo louwe Jewova e pou yo met sa Jewova anseye yo an pratik nan lavi yo (1 Kor. 10:31; Tit 2:10). Anfèt, byen souvan, travay pote sekou a jwe yon gwo wòl nan kraze move lide moun konn genyen sou Jewova ak pèp li a. Ann pran yon egzanp. Gen yon dam k ap viv nan yon zòn siklòn te frape. Dam sa a te make sou pòt li: ‘Pinga okenn Temwen frape pòt mwen.’ Men, yon jou dam sa a te wè moun ki t ap pote sekou yo ap ranje yon kay, siklòn te kraze, ki anfas lakay li. Pandan plizyè jou, dam nan t ap suiv jan moun ki t ap travay yo te janti. Li t al bò kote yo pou l konnen ki moun yo ye. Lè l te aprann se Temwen Jewova yo ye, sa te touche l anpil e men sa l te fè konnen: “Sa m te panse de nou an se pa sa”. Annapre, dam nan te retire mesaj li te met sou pòt li a.

10, 11. a) Ki egzanp ki montre nou rive atenn dezyèm objektif travay pote sekou a? b) Ki piblikasyon ki ede moun k ap pote sekou yo? (Gade kare ki gen tit: “ Yon lòt zouti pou ede moun k ap pote sekou yo.”)

10 Dezyèmman, nou bay kwayan parèy nou yo “sa yo bezwen”. (2 Kor. 9:12a.) Nou chofe pou n ede frè ak sè nou yo jwenn sa yo bezwen e nou kontan ede yo jwenn soulajman anba soufrans yo genyen yo. Sa k fè sa? Se paske, antanke moun ki fè pati kongregasyon an, nou fòme “yon sèl kò” e, “si yon manm ap soufri, tout lòt yo ap soufri avè l”. (1 Kor. 12:20, 26.) Kidonk, jodi a, lanmou ak konpasyon nou gen nan mitan an pouse plizyè frè ak sè kanpe sou aktivite pèsonèl yo pou yo rasanble zouti yo pou y al ede kretyen parèy yo k ap viv nan zòn katastwòf te frape yo (Jak 2:15, 16). Pa egzanp, apre yon sounami te fin frape peyi Japon nan ane 2011, biwo filyal peyi Etazini an te voye yon lèt bay komite rejyonal pou konstriksyon Sal Wayòm peyi Etazini an, pou l mande yo si yo gen “frè kalifye” ki disponib pou al bay kout men pou ede rekonstwi Sal Wayòm ki nan zòn kote katastwòf la te frape yo. Ki jan frè yo te reyaji? Nan kèk semèn, te gen prèske 600 volontè ki te fè konnen yo disponib pou y al bay èd pa yo, e yo te menm dispoze peye kòb pa yo pou y al nan peyi Japon! Men sa biwo filyal Etazini an te di: “Se pa ti kontan nou te kontan wè jan frè yo te mete yo disponib!” Lè yon frè nan peyi Japon te mande yon frè ki vin pote sekou e ki soti nan lòt peyi, pou ki rezon li te vin ede yo, men sa frè a te fè konnen: “Nou menm ansanm ak frè nou yo nan peyi Japon fòme ‘yon sèl kò’. Nou santi doulè yo ak soufrans yo.” Pafwa, lanmou moun k ap pote sekou yo gen pou kretyen parèy yo konn pouse yo menm riske lavi yo pou yo ka ede kretyen parèy yo *. — 1 Jan 3:16.

11 Menm moun ki pa Temwen Jewova yo konn fè konnen jan yo apresye travay pote sekou n ap fè a. Pa egzanp, nan ane 2013, apre yon katastwòf te fin frape yon eta ki rele Arkansas ki Ozetazini, men sa yon jounal te ekri konsènan jan volontè ki Temwen yo te aji san pèdi tan pou pote moun yo sekou: “Temwen Jewova yo tèlman byen òganize volontè yo, sa fè yo pa pran tan pou y al ede nan zòn katastwòf la frape yo e yo maton nan sa y ap fè a.” Se sèten, jan apot Pòl te fè konn sa, nou bay frè nou yo “sa yo bezwen”.

12-14. a) Poukisa twazyèm objektif travay pote sekou a enpòtan anpil? b) Ki sa kèk moun di ki montre l enpòtan pou nou kontinye mennen aktivite espirityèl yo?

12 Twazyèmman, nou ede moun ki dekouraje yo rejwenn abitid yo te genyen nan domèn espirityèl. Poukisa sa enpòtan? Apot Pòl te fè konnen moun ki resevwa èd yo ap toujou anvi “di Bondye mèsi”. (2 Kor. 9:12b.) Pa gen yon pi bon fason pou moun sa yo ta di Jewova mèsi pase lè yo pa pran tan pou yo reprann aktivite espirityèl yo (Fil. 1:10). Men sa Toudegad te fè konnen nan ane 1945: “Pòl te dakò [...] pou yo mande ofrann paske sa t ap ede [...] kretyen ki te nan bezwen yo jwenn kichòy, konsa sa t ap ede yo pi byen patisipe nan travay Jewova bay la ki se travay temwayaj la.” Se menm objektif sa a nou genyen jodi a. Lè frè k ap viv nan zòn katastwòf frape yo retounen patisipe nan travay predikasyon an, se pa vwazen yo sèlman yo ankouraje, men, yo ankouraje tèt yo tou. — Li 2 Korentyen 1:3, 4.

13 Ann wè sa kèk moun ki te resevwa anpil èd e ki te jwenn fòs ankò lè yo te retounen patisipe nan travay predikasyon an te fè konnen. Gen yon frè ki te di: “Se te yon benediksyon sa te ye pou fanmi nou lefètke n t al nan predikasyon. Travay predikasyon an ban nou yon ti tan pou n bliye pwoblèm nou yo toutpandan n ap eseye rekonfòte lòt moun.” Men sa yon sè te fè konnen: “Piske m konsantre m sou aktivite espirityèl yo, sa ede m pa ret ap reflechi sou dezas ki toutotou m, e sa fè m santi m byen.” Gen yon lòt sè ki fè konnen: “Etandone gen anpil bagay ki pa depann de nou, travay predikasyon an ede fanmi m. Lefètke n t ap pale ak moun yo konsènan esperans nou genyen pou monn nouvo a, sa ede n vin gen plis konfyans tout bagay pral vin tounèf.”

14 Yon lòt aktivite espirityèl frè k ap viv nan zòn katastwòf te frape yo pa dwe pran tan pou yo rekòmanse fè se: Asiste reyinyon. Ann fè yon ti pale sou sa k te rive Kiyoko, yon sè ki nan fen senkantèn li. Li te pèdi tout sa l genyen nan yon sounami, sof rad ki te sou li ak sandal ki te nan pye l. Lè sa a, li pa t konn ki sa l t apral fè. Apre sa, gen yon ansyen, ki gen yon machin, ki te fè l konnen y ap fè reyinyon yo nan machin li an. Men sa Kiyoko te fè konnen: “Nan machin lan, te gen yon ansyen ak madanm li, te gen mwen menm ak yon lòt sè. Reyinyon an te senp men, se kòmsi yon mirak te fèt piske mwen pa t sonje sounami ki te frape zòn nan. Reyinyon sa a fè m wè jan se yon bagay ki bay fòs lè kretyen yo reyini ansanm.” Men sa yon lòt sè te di konsènan yon reyinyon li te asiste apre yon katastwòf te fin frape zòn kote l ap viv lan “Reyinyon yo te ede m andire.” — Wom. 1:11, 12; 12:12.

Travay pote sekou a fè moun jwenn byenfè k ap dire

15, 16. a) Ki byenfè kretyen ki t ap viv nan vil korent yo ak lòt kretyen ankò te jwenn lefètke yo te soutni travay pote sekou a? b) Ki byenfè travay pote sekou a fè nou jwenn tou jodi a?

15 Lè apot Pòl t ap pale de travay pote sekou a, li te esplike Korentyen yo ki byenfè yo menm ak lòt kretyen parèy yo t ap jwenn lè yo patisipe nan travay sa a. Men sa l te fè konnen: “Nan siplikasyon y ap [kretyen Juif nan Jerizalèm ki te resevwa èd yo] fè pou nou, yo demontre afeksyon yo gen pou nou, poutèt kokenn favè san parèy Bondye vide sou nou an.” ​(2 Kor. 9:14). Vrèmanvre, lefètke Korentyen yo te bay sa yo te genyen ak tout kè yo, sa t ap pouse Juif ki te vin kretyen yo priye pou frè ki t ap viv nan vil korent yo, san wete moun ki pa Juif yo, e sa t ap fè yo renmen frè sa yo plis toujou.

16 Men sa Toudegad 1ye desanm 1945 la te fè konnen konsènan byenfè yon moun nan epòk nou an ka jwenn lè l aplike pawòl apot Pòl te di konsènan travay pote sekou a: “Lè yon pati nan pèp Bondye a travay pou ede lòt pati a, ala ini sa fè yo ini!” Se egzakteman konsa moun k ap patisipe nan travay pote sekou a santi yo jodi a. Men sa yon ansyen ki te patisipe nan pote sekou nan yon zòn ki te inonde te di: “Lefètke m patisipe nan travay pote sekou a, sa fè m santi m vin pwòch frè yo plis toujou.” Men sa yon sè ki rekonesan anpil pou èd li te jwenn te fè konnen: ‘Mwen santi fanmi nou fòme antanke kretyen an tankou yon paradi.’ — Li Pwovèb 17:17.

17. a) Kòman nou ka aplike pawòl nou jwenn nan Izayi 41:13 la pou travay pote sekou a? b) Bay kèk egzanp ki montre travay predikasyon an fè moun bay Jewova louwanj, e di kòman sa fè n gen plis lanmou youn pou lòt. (Gade kare ki gen tit “ Toupatou sou tè a gen volontè k ap pote sekou” a tou.)

17 Lè frè k ap viv nan zòn katastwòf frape yo wè gen frè ak sè ki vin pote yo sekou, sa fè yo wè jan Jewova kenbe pwomès sa a li fè a: “Mwen menm, Jewova Bondye w la, m ap pran men dwat ou, Sila a ki di w: ‘Ou pa bezwen pè. Mwen menm, m ap ede w.’” ​(Iza. 41:13). Men sa yon sè ki te chape nan yon katastwòf te fè konnen: “Mwen te santi m san espwa lè m wè dega ki fèt yo, men, Jewova te lonje men l ban mwen. M pa gen bouch pou m di tout sa frè yo fè pou mwen.” Apre yon katastwòf te fin frape yon zòn, men sa de ansyen te ekri nan non kongregasyon yo a: “Moun yo te soufri anpil akoz tranblemanntè a, men nou te wè jan Jewova te sèvi ak frè yo pou l ede nou. Nou abitye li sa k konn fèt nan travay pote sekou a, men, kounye a nou wè l ap fèt devan je nou.”

Èske w ka patisipe?

18. Ki sa w ka fè si w vle patisipe nan travay pote sekou a? (Gade kare ki gen tit “ Yon travay li pa janm bliye” a tou.)

18 Èske w pa ta renmen goute benediksyon travay pote sekou a fè moun jwenn? Si w ta renmen sa, sonje, byen souvan, se moun ki travay nan pwojè konstriksyon Sal Wayòm yo yo chwazi pou fè pati moun k ap pote sekou yo. Donk, si w ta renmen ranpli yon aplikasyon, pale sa ak ansyen nan kongregasyon w lan. Men sa yon ansyen ki gen anpil eksperyans nan travay pote sekou a ta renmen nou sonje: “Se sèlman si yon moun resevwa yon envitasyon nan men biwo komite sekou a, li kapab pote èd li nan yon zòn katastwòf frape.” Konsa, y ap ka kontinye byen òganize travay pote sekou nou an.

19. Ki jan moun k ap fè travay pote sekou a ede n montre nou se bonjan disip Kris?

19 Se sèten travay pote sekou a se yon bèl fason pou n obeyi lòd Kris te ban nou an, lè l te di: “Se pou nou youn renmen lòt.” Lè n montre yon lanmou konsa, nou demontre nou se disip Kris toutbonvre (Jan 13:34, 35). Se pa ti benediksyon sa ye pou nou jodi a dèske gen anpil moun k ap bay Jewova louwanj toutpandan yo met tèt yo disponib pou yo pote èd bay moun k ap soutni Wayòm nan fidèlman!

^ § 3 Nan chapit sa a, n ap pale konsènan efò nou fè pou n ede kretyen parèy nou yo. Sepandan, nan plizyè ka, moun ki pa Temwen Jewova konn jwenn byenfè nan travay pote sekou n ap fè a tou. — Gal. 6:10.

^ § 5 Pòl te sèvi ak fòm pliryèl dyakonòs la pou l pale de “sèvitè ministeryèl yo”. — 1 Tim. 3:12.

^ § 10 Gade atik ki gen tit “De l’aide pour la famille de nos frères en Bosnie” nan Toudegad 1ye novanm 1994 la, paj 23-27 (fransè).