Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 17

Fason yo fòme moun k ap preche Wayòm nan

Fason yo fòme moun k ap preche Wayòm nan

IDE KLE CHAPIT LA

Fason lekòl teyokratik yo prepare moun k ap preche Wayòm nan pou yo fè travay yo gen pou fè a.

1-3. Ki sa Jezi te fè pou travay predikasyon an te fèt plis kote toujou, e ki kesyon sa ka fè n poze tèt nou?

JEZI te fè dezan ap preche nan tout Galile. (Li Matye 9:35-38.) Li te pase nan anpil bouk ak anpil vil, li te anseye nan sinagòg ki nan zòn sa yo e li te preche bon nouvèl Wayòm nan. Kèlkeswa kote l te preche a, te toujou gen gwo foul moun ki t ap koute l. Jezi te rann li kont “rekòt la anpil”, e konsa, li te bezwen plis moun pou fè travay la.

2 Jezi te pran dispozisyon pou yo preche plis kote toujou. Ki jan l te fè sa? Li te voye 12 apot li yo “al preche wayòm Bondye a”. (Lik 9:1, 2.) Apot yo te ka ap mande tèt yo ki jan yo t apral fè travay sa a. Anvan Jezi te voye yo, li te ba yo fòmasyon, menm jan Papa l ki nan syèl la te ba l fòmasyon, sa ki montre lanmou Jezi te gen pou yo.

3 Kounye a, nou ka poze tèt nou kèk kesyon, pa egzanp: Ki fòmasyon Jezi te resevwa nan men Papa l? Ki fòmasyon Jezi te bay apot li yo? Jodi a, èske Wa Bondye chwazi a ap bay disip li yo fòmasyon pou yo fè travay predikasyon an? Si se wi, ki jan l fè sa?

“Se sa Papa a anseye m mwen di”

4. Ki lè e ki kote Jezi te resevwa fòmasyon nan men Papa l?

4 Jezi te kontan pou l fè moun konnen se Papa l ki te anseye l. Men sa l te di pandan l t ap anseye: “Se sa Papa a anseye m mwen di.” ​(Jan 8:28). Ki lè e ki kote Jezi te resevwa fòmasyon l lan? Sanble Jezi, premye moun ki te fèt nan kreyasyon an, te kòmanse jwenn fòmasyon nan men Papa l tousuit apre Papa l te fin kreye l (Kol. 1:15). Lè Jezi te bò kot Papa l nan syèl la, li te pase yon pakèt ane ap koute epi ap aprann nan men “Gran Pwofesè” a. (Iza. 30:20.) Kòm rezilta, li te resevwa yon fòmasyon san parèy sou kalite Papa l genyen, travay Papa l fè ak objektif Papa l genyen.

5. Ki fòmasyon Papa a te bay Pitit la konsènan travay predikasyon Pitit la t ap gen pou l fè sou tè a?

5 Pi devan, Jewova te bay Pitit Gason l lan fòmasyon sou travay predikasyon Pitit li an t ap gen pou l fè sou tè a. Ann egzamine yon pwofesi ki pale sou relasyon ki egziste ant Gwo Pwofesè a ak sèl Pitit li fè a. (Li Izayi 50:4, 5.) Pwofesi a fè konnen, “chak maten”, Jewova te reveye Jezi. Pawòl sa a fè n wè Jewova tankou yon pwofesè ki reveye yon elèv byen bonè nan maten yon fason pou l anseye l. Men sa yon ouvraj biblik fè konnen: “Jewova [...] pran li [Jezi] kòmsi li se yon elèv lekòl, e li anseye l sa l dwe preche ak fason l dwe preche.” Se nan swadizan lekòl sa a ki nan syèl la Jewova te di Pitit Gason l lan ‘sa pou l di ak sa pou l anseye’. (Jan 12:49.) Anplis de sa, Papa a te bay Pitit la fòmasyon sou fason pou Pitit la anseye *. Pandan Jezi te sou tè a, li te byen sèvi ak fòmasyon l te resevwa a pou l fè travay predikasyon li t ap fè a, e l te sèvi avè l tou pou l bay disip li yo fòmasyon pou yo fè travay predikasyon yo t ap fè a.

6, 7. a) Ki fòmasyon Jezi te bay apot li yo, e ki sa fòmasyon sa a te pèmèt yo fè? b) Ki kalite fòmasyon Jezi asire l disip li yo ap resevwa nan epòk nou an?

6 Jan nou te di sa nan kòmansman chapit la, ki fòmasyon Jezi te bay apot li yo? Selon Matye chapit 10, li te ba yo fòmasyon byen presi sou fason pou yo fè travay predikasyon an. Fòmasyon sa a te gen ladan l: Kote pou yo preche (vèsè 5, 6), mesaj pou yo preche (vèsè 7), enpòtans pou yo konte sou Jewova (vèsè 9, 10), fason pou yo pale ak moun yo rankontre yo (vèsè 11-13), fason pou yo reponn objeksyon (vèsè 14, 15) ak fason pou yo reyaji lè yo jwenn pèsekisyon (vèsè 16-23) *. Bonjan fòmasyon sa a Jezi te bay apot li yo te ede yo pou yo pran latèt nan travay predikasyon bon nouvèl la nan premye syèk la.

7 Ki sa n ka di pou epòk pa nou an? Jezi, Wa nan Wayòm Bondye a, te mande disip li yo pou yo fè pi gwo travay k ap fèt jodi a, anpalan de travay preche “bon nouvèl [...] konsènan wayòm nan sou tout tè a, kòm yon temwayaj pou tout nasyon”. (Mat. 24:14.) Èske Wa a ban nou fòmasyon pou nou rive fè travay enpòtan sa a? Wi! Li ban nou fòmasyon pou sa! Detan Wa a nan syèl la, li asire l disip li yo ap jwenn fòmasyon sou fason pou yo preche ak sou fason pou yo ranpli responsablite espesyal yo genyen anndan kongregasyon an.

Yo fòme moun k ap preche Wayòm nan pou yo ka vin moun k ap evanjelize

8, 9. a) Ki rezon prensipal ki fè yo te konn fè Lekòl ministè teyokratik la? b) Ki fason reyinyon ki fèt lasemèn nan ede w vin pi maton nan travay predikasyon an?

8 Òganizasyon Jewova a gen lontan depi l ap sèvi ak asanble yo, kongrè yo ansanm ak reyinyon nan kongregasyon an, tankou Reyinyon sèvis la, pou l bay pèp Bondye a fòmasyon pou yo fè travay predikasyon an. Sepandan, apati ane 1940 yo, frè ki pran latèt nan syèj mondyal la te kòmanse fè aranjman pou pèp Bondye a resevwa fòmasyon grasa plizyè lekòl.

9 Lekòl ministè teyokratik. Jan nou te wè sa nan chapit ki vin anvan an, yo te kòmanse fè lekòl sa a nan ane 1943. Èske se sèlman pou bay frè ak sè yo fòmasyon pou yo fè bonjan diskou nan reyinyon yo yo te fè lekòl sa a? Non. Rezon prensipal ki fè yo te fè lekòl sa a se te pou yo fòme pèp Bondye a pou yo sèvi ak kapasite Jewova ba yo pou yo pale a, yon fason pou yo louwe l nan travay predikasyon an (Sòm 150:6). Lekòl sa a te bay tout frè ak sè ki te enskri ladan l yo fòmasyon pou yo vin pi maton nan travay predikasyon Wayòm nan. Kounye a, se nan reyinyon ki fèt lasemèn nan nou jwenn fomasyon sa a.

10, 11. Kounye a, ki moun ki ka al nan Lekòl Galaad la, e nan ki objektif yo fè pwogram yo etidye nan lekòl sa a?

10 Lekòl Galaad. Yo te kòmanse fè Lekòl Galaad la nan jou ki te 1ye fevriye 1943 a. Lè yo te fèk kòmanse lekòl sa a, objektif lekòl la se te fòme pyonye yo ak lòt sèvitè aplentan yo pou yo vin misyonè, epi pou y al sèvi nenpòt kote sou tè a. Depi mwa oktòb 2011, se sèlman moun ki deja nan yon fòm sèvis aplentan espesyal yo aksepte nan lekòl la, anpalan de pyonye espesyal yo, siveyan itineran yo ak madanm yo, betelit yo epi misyonè ki poko asiste lekòl la.

11 Nan ki objektif yo fè pwogram yo etidye nan Lekòl Galaad la? Men sa yon enstriktè ki gen lontan depi l ap anseye nan lekòl la fè konnen: “Pou ede lafwa etidyan yo vin pi djanm grasa yon bonjan etid yo fè nan Pawòl Bondye a, epi pou ede yo vin gen kèk kalite nan domèn espirityèl pou yo fè fas ak pwoblèm y ap gen pou yo jwenn nan asiyasyon yo. Anplis de sa, youn nan lòt objektif pwogram nan se ankouraje elèv yo vin gen plis anvi pou yo patisipe nan travay evanjelize a.” — Efe. 4:11.

12, 13. Ki efè Lekòl Galaad la genyen sou travay predikasyon k ap fèt sou tout tè a? Bay yon egzanp.

12 Ki efè Lekòl Galaad la genyen sou travay predikasyon k ap fèt sou tout tè a? Depi ane 1943, gen plis 8 500 moun ki te resevwa fòmasyon nan lekòl sa a *, e misyonè ki t al nan lekòl la te preche nan plis pase 170 peyi. Etandone misyonè yo byen sèvi ak fòmasyon yo resevwa a, yo bay yon bon egzanp antanke moun ki zele nan travay predikasyon an, e yo fòme lòt moun pou yo fè menm jan an tou. Nan anpil ka, misyonè yo toujou pran devan nan travay predikasyon an nan zòn kote ki pa gen anpil pwoklamatè Wayòm nan.

13 Ann egzamine sa k te rive nan peyi Japon, yon peyi kote travay predikasyon an te prèske kanpe pandan Dezyèm Gè mondyal la. Rive nan mwa out 1949, pa t menm gen dis pwoklamatè japonè nan peyi a. Sepandan, rive nan fen ane a, te gen 13 misyonè ki te soti Galaad ki te okipe anpil nan travay predikasyon an nan peyi Japon. Annapre, te vin gen plis misyonè toujou. Okòmansman, misyonè yo te plis preche nan gwo vil yo, men, apre sa, yo t al preche nan lòt vil yo tou. Misyonè yo te chofe pou yo ankouraje etidyan yo ansanm ak frè ak sè yo pou yo antre nan sèvis pyonye a. Kokennchenn efò misyonè yo te fè yo te pote anpil bon rezilta. Kounye a, gen plis pase 216 000 pwoklamatè Wayòm nan nan peyi Japon, e gen prèske 40 pousan nan yo k ap sèvi antanke pyonye *!

14. Ki prèv lekòl teyokratik yo ban nou? (Gade kare ki gen tit “ Lekòl ki bay moun k ap preche Wayòm nan fòmasyon” an ki nan paj 188 la tou.)

14 Lòt lekòl teyokratik yo. Frè ak sè ki suiv kou nan Lekòl pyonye, Lekòl biblik pou mari ak madanm ki kretyen ansanm ak Lekòl biblik pou frè selibatè yo jwenn fòmasyon ki ede yo vin gen yon pi bon relasyon ak Jewova, epi pou yo pran latèt nan travay predikasyon an avèk zèl *. Tout lekòl teyokratik sa yo ban nou bonjan prèv ki montre Wa nou an bay disip li yo tout sa yo bezwen pou yo fè travay li ba yo fè a. — 2 Tim. 4:5.

Yo fòme frè yo pou yo ranpli kèk responsablite espesyal

15. Ki fason frè ki gen responsablite nan kongregasyon an vle imite Jezi?

15 Sonje pwofesi Izayi te bay la ki pale konsènan Jezi k ap resevwa fòmasyon nan men Bondye a. Nan swadizan lekòl ki nan syèl la, Pitit la te aprann ‘kòman pou l reponn yon moun ki fatige’. (Iza. 50:4.) Pandan Jezi te sou tè a, li te sèvi ak fòmasyon sa a lè l te bay moun ‘k ap redi e ki gen chay y ap pote’ yo fòs (Mat. 11:28-30). Frè ki gen responsablite nan kongregasyon an imite Jezi lè yo fè efò pou yo bay frè ak sè yo bonjan rekonfò. Pou rezon sa a, yo fè plizyè lekòl pou ede frè ki kalifye yo vin pi maton nan efò y ap fè pou ede kwayan parèy yo.

16, 17. Nan ki objektif yo fè Lekòl ministè Wayòm nan? (Gade nòt anba paj la tou.)

16 Lekòl ministè Wayòm. Yo te fè premye klas lekòl sa a nan dat 9 mas 1959, nan South Lansing, Nouyòk. Yo te envite siveyan itineran yo ansanm ak sèvitè kongregasyon yo pou yo vin asiste lekòl sa a ki t ap dire yon mwa. Lè sa a, kou a te konn fèt ann anglè. Men, annapre, yo te vin tradui pwogram kou sa a nan lòt lang tou. Konsa, tikras pa tikras, frè ki kalifye yo te kòmanse jwenn fòmasyon sa a toupatou sou tè a *.

Frè Lloyd Barry k ap anseye nan Lekòl ministè Wayòm nan peyi Japon, nan ane 1970.

17 Men sa yo te di nan Annuaire des Témoins de Jéhovah 1962 a konsènan rezon ki fè yo te fè Lekòl ministè Wayòm nan: “Nan monn sa a ki chaje ak anpil aktivite, yon siveyan nan yon kongregasyon Temwen Jewova dwe se yon gason ki kapab òganize lavi l yon fason pou l bay chak moun nan kongregasyon an bonjan atansyon, e pou l yon benediksyon pou yo. Anmenmtan tou, frè sa a pa dwe ap neglije fanmi l pou l pran swen kongregasyon an. Men, li dwe yon moun ki gen bonsans. Ala yon bèl posiblite frè ki gen responsablite nan kongregasyon yo toupatou sou tè a genyen pou yo vin resevwa fòmasyon ansanm nan Lekòl ministè Wayòm nan, yon fòmasyon k ap ede yo fè egzakteman sa Bib la mande siveyan yo fè a!” — 1 Tim. 3:1-7; Tit 1:5-9.

18. Ki fason tout moun ki fè pati pèp Bondye a jwenn byenfè grasa Lekòl ministè Wayòm nan?

18 Se tout moun ki fè pati pèp Bondye a ki jwenn byenfè grasa Lekòl ministè Wayòm nan. Sa k fè n di sa? Lè ansyen yo ak sèvitè ministeryèl yo aplike sa yo te aprann nan lekòl la, menm jan ak Jezi, yo vin tounen yon bonjan rekonfò pou kwayan parèy yo. Èske w pa kontan lè yon ansyen oswa yon sèvitè ministeryèl di w yon bon ti pawòl, lè yo pran tan yo pou yo koute w ak lè yo vizite w lakay ou pou yo ankouraje w (1 Tes. 5:11)? Vrèmanvre, frè kalifye sa yo se yon benediksyon pou kongregasyon yo!

19. Ki lòt lekòl Komite pou ansèyman an ap sipèvize, e nan ki objektif yo fè lekòl sa yo?

19 Lòt lekòl teyokratik yo. Komite pou ansèyman Kolèj santral la ap sipèvize yon seri lòt lekòl ki la pou fòme frè ki gen responsablite anndan òganizasyon an. Yo fè lekòl sa yo pou ede frè ki gen responsablite yo, anpalan de ansyen nan kongregasyon yo, siveyan itineran yo ak manm Komite filyal yo, vin pi maton nan fason y ap fè travay yo. Kou sa yo ki baze sou Bib la, ankouraje frè yo pou yo kenbe yon bon relasyon ak Jewova, epi pou yo suiv prensip ki nan Bib la nan fason y ap pran swen mouton Jewova konfye yo a ki gen anpil valè. — 1 Pyè 5:1-3.

Premye klas Lekòl fòmasyon ministeryèl yo te fè nan peyi Malawi, nan ane 2007.

20. Ki sa k fè Jezi te kapab di nou tout se moun “Jewova [...] anseye”, e ki detèminasyon w pran?

20 Sa klè, Wa Bondye chwazi a asire l disip li yo ap resevwa bonjan fòmasyon. Tout fòmasyon sa yo soti nan nivo ki pi wo a: Jewova bay Pitit li a fòmasyon epi Pitit la bay disip li yo fòmasyon. Se sa k fè Jezi te kapab di nou tout se moun “Jewova [...] anseye”. (Jan 6:45; Iza. 54:13.) Ann pran detèminasyon pou n byen pwofite fòmasyon Wa a ap ban nou yo. Epi, nou pa dwe janm bliye rezon prensipal ki fè yo ban nou tout fòmasyon sa yo se pou ede n vin gen yon pi bon relasyon ak Jewova yon fason pou n ka akonpli sèvis nou nèt!

^ § 5 Ki jan nou fè konnen Papa a te bay Pitit la fòmasyon sou fason pou Pitit la anseye? Fè yon ti reflechi: Kantite egzanp Jezi te itilize lè l t ap anseye yo te reyalize yon pwofesi ki te ekri plizyè santèn ane anvan Jezi te fèt (Sòm 78:2; Mat. 13:34, 35). Sa klè, Jewova, Moun ki te fè ekri pwofesi sa a, te gentan di alavans Pitit li a t ap gen pou l sèvi ak egzanp oswa parabòl pou l anseye. — 2 Tim. 3:16, 17.

^ § 6 Kèk mwa annapre, Jezi te “chwazi swasanndis lòt disip, li voye yo [al preche] de pa de”. Li te bay yo fòmasyon tou. — Lik 10:1-16.

^ § 12 Gen kèk moun ki al Lekòl Galaad plis pase yon fwa.

^ § 13 Pou n jwenn plis enfòmasyon sou efè travay misyonè ki sot Galaad yo genyen sou travay predikasyon k ap fèt toupatou sou tè a, gade chapit 23 liv Les Témoins de Jéhovah: Prédicateurs du Royaume de Dieu a.

^ § 14 Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan vin ranplase de dènye lekòl sa yo.

^ § 16 Kounye a, tout ansyen yo jwenn byenfè nan Lekòl ministè Wayòm nan. Lekòl sa a pa dire menm kantite tan e yo pa fè l chak ane. Depi ane 1984, sèvitè ministeryèl yo ap resevwa yon fòmasyon nan lekòl sa a tou.