Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 10

Louwe Jewova, Bondye nou an!

Louwe Jewova, Bondye nou an!

(Sòm 145:12)

  1. 1. Louwe Ja! Louwe Jewova!

    Fè tout moun konnen non li gran!

    Klewonnen: Jou lafen an pre!

    Se tout moun n’ap bay avètisman’.

    Bondye fè’n konnen kouny’a se moman

    Pou Pitit li a dirije.

    Jezi Kris vin wa, n’ap fè moun konn sa

    Pou yo ka jwenn favè Bondye.

    (REFREN)

    Louwe Ja! Louwe Jewova!

    Fè tout tè a konnen jan li gran!

  2. 2. Louwe Ja! Annou ba li glwa!

    Ann chante pou nou di’l mèsi.

    Avèk kran n’ap pwoklame non’l,

    N’ap fè tout moun konnen pisans li.

    Kreyatè nou an gen imilite,

    Byenke li se mèt linivè.

    Li gen konpasyon, li konn sa’n bezwen,

    E li reponn priyè nou fè.

    (REFREN)

    Louwe Ja! Louwe Jewova!

    Fè tout tè a konnen jan li gran!