Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 11

Kreyasyon an fè louwanj pou Bondye

Kreyasyon an fè louwanj pou Bondye

(Sòm 19)

  1. 1. Bondye ou gran, ou fè anpil mèvèy.

    Ou fè zetwal, lalin avèk solèy.

    Tout lajounen, tout lannuit y’ap ba’w glwa,

    E san pawòl, yo fè konnen ou Wa.

    Tout lajounen, tout lannuit y’ap ba’w glwa,

    E san pawòl, yo fè konnen ou Wa.

  2. 2. Vrè sajès la mache ak lakrentif,

    Li pwoteje’n, li fè’n vin veyatif.

    Jèn kou granmoun ap jwenn anpil byenfè,

    Si y’obeyi lòd ou yo ki pafè.

    Jèn kou granmoun ap jwenn anpil byenfè,

    Si y’obeyi lòd ou yo ki pafè.

  3. 3. Nou vin konnen’w, sa bay lavi’n yon sans.

    Ou fè pwomès w’ap met fen nan soufrans.

    Pi gwo onè yon moun ap janm genyen

    Se fè louwanj pou non’w paske li sen.

    Pi gwo onè yon moun ap janm genyen.

    Se fè louwanj pou non’w paske li sen.