Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 14

Glwa pou nouvo Wa latè a

Glwa pou nouvo Wa latè a

(Sòm 2:12)

  1. 1. Gen yon foul moun k’ap rasanble

    ki soti nan tout nasyon.

    Jezi ak kongregasyon’l lan

    ba yo bonjan direksyon.

    Wayòm li an deja tabli,

    Talè, tout tè a pral rejwi.

    Volonte Bondye pral fèt sou li,

    Sa se yon gwo konsolasyon.

    (REFREN)

    Glwa pou Bondye nou an, Glwa pou Pitit li a,

    Ki Wa tout wa, e ki sèl Seyè.

    N’ap met ansanm pou nou suiv lòd li bay,

    N’ap ba’l glwa avèk respè.

  2. 2. Ann akeyi Kris, Wa nou an,

    grasa li’n gen esperans.

    Li se yon Prens k’ap pot lapè,

    li pral ban nou delivrans.

    Nou ka deja imajine

    Jan lavi sou tè a pral ye,

    Moun mouri li pral resisite.

    N’ap tann sa avèk enpasyans!

    (REFREN)

    Glwa pou Bondye nou an, Glwa pou Pitit li a,

    Ki Wa tout wa, e ki sèl Seyè.

    N’ap met ansanm pou nou suiv lòd li bay,

    N’ap ba’l glwa avèk respè.