Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 15

Ann louwe Premye Pitit Jewova a!

Ann louwe Premye Pitit Jewova a!

(Ebre 1:6)

  1. 1. Ann louwe Jezi Kris,

    Premye Pitit Bondye a!

    Bondye konfye’l Wayòm nan,

    Rèy li an pral pot chanjman.

    Paske’l renmen Jewova,

    L’ap defann non’l ki sen,

    E l’ap fè tout moun konnen

    Bondye se sèl Souvren.

    (REFREN)

    Ann louwe Jezi Kris,

    Premye Pitit Bondye a!

    Sou Mòn Siyon, li chita,

    L’ap dirije kounye a.

  2. 2. Ann louwe Jezi Kris,

    Premye Pitit Bondye a!

    Li bay lavi’l kòm ranson,

    Konsa, peche’n jwenn padon.

    Lamarye a ap tann li,

    Maryaj yo a rive!

    Li pral pwouve Bondye jis,

    Li gen dwa dirije.

    (REFREN)

    Ann louwe Jezi Kris,

    Premye Pitit Bondye a!

    Sou Mòn Siyon, li chita,

    L’ap dirije kounye a.