Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Moun ki merite onè, ba yo onè

Moun ki merite onè, ba yo onè

“Benediksyon, onè, glwa ak pisans pou Sila a ki chita sou twòn nan e pou Ti Mouton an pou tout tan gen tan.” — REV. 5:13.

KANTIK: 9, 108

1. Poukisa gen kèk moun ki gendwa merite onè, e sou ki sa nou pral pale kounye a?

ONORE yon moun vle di ba l yon atansyon espesyal epi respekte l. Li rezonab pou n atann yon moun ki merite yon atansyon ak yon respè konsa te fè yon bagay ki merite pou yo onore l oubyen moun sa a gen yon pozisyon espesyal. Se sa k fè nou ta dwe mande tèt nou: Kiyès nou dwe onore, e poukisa yo merite onè sa a?

2, 3. a) Poukisa se sitou Jewova ki merite onè? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.) b) Nan Revelasyon 5:13, kiyès ki Ti Mouton an, e poukisa l merite onè?

2 Jan Revelasyon 5:13 montre sa, se sèten “Sila a ki chita sou twòn nan e [...] Ti Mouton an” merite onè. Nan menm liv sa a, nan chapit 4 la, nou jwenn yon rezon ki fè Jewova merite onè. Kreyati espirityèl yo ki nan syèl la leve vwa yo pou yo bay Jewova louwanj, “Sila a k ap viv pou tout tan gen tan an”. Men sa yo deklare: “Jewova, Bondye nou an, ou merite pou w resevwa glwa, onè ak pisans, paske ou kreye tout bagay, e se paske w te vle ki fè yo vin egziste, e ki fè w te kreye yo.” — Rev. 4:9-11.

3 Se Jezi Kris ki Ti Mouton an, li se “Ti Mouton Bondye a k ap retire peche monn nan”. (Jan 1:29.) Bib la fè nou konnen Jezi Kris nan pi gwo pozisyon lontan pase kèlkeswa moun ki wa oswa ki te wa. Men sa Bib la esplike: “Li se Wa moun k ap dirije antanke wa e li [se] Seyè moun k ap dirije antanke seyè, li menm sèl ki pa ka mouri, li menm ki abite nan yon limyè moun pa ka pwoche, yon limyè pèsonn pami lèzòm pa wè, ni yo pa ka wè.” (1 Tim. 6:14-16). Anfèt, ki lòt wa ki te janm aksepte mouri kòm ranson pou peche nou? Èske kè w pa pouse w met ansanm ak plizyè dizèn milye zanj nan syèl la pou w pwoklame: “Ti Mouton yo te touye a merite pou l resevwa pisans, richès, sajès, fòs, onè, glwa ak benediksyon?” — Rev. 5:12.

4. Poukisa se yon obligasyon pou nou onore Jewova ak Kris?

4 Se yon obligasyon pou nou onore Jewova ak Kris. Nou dwe fè sa pou n ka gen lavi ki pap janm fini an. Nan Jan 5:22, 23, men pawòl Jezi te di ki ede n byen konprann sa: “Papa a pa jije pèsonn, men li remèt tout jijman an nan men Pitit la, yon fason pou tout moun ka onore Pitit la menm jan yo onore Papa a. Moun ki pa onore Pitit la pa onore Papa a ki voye l la.” — Li Sòm 2:11, 12.

5. An jeneral, poukisa tout moun merite onè ak respè?

5 Bondye te kreye lèzòm “pòtre ak li”. (Jen. 1:27.) Se sa k fè pifò moun demontre kèk kalite ki soti nan Bondye nan diferan nivo. Lèzòm gen kapasite pou yo demontre lanmou, bonte ak konpasyon youn pou lòt. Piske Bondye te kreye lèzòm ak yon konsyans, nòmalman, lèzòm fèt ak kapasite ki fè yo konnen sa ki byen ak sa ki mal, sa ki onèt ak sa ki malonèt, sa ki kòrèk ak sa ki pa kòrèk, byenke pafwa yo konn mal itilize kapasite sa a (Wom. 2:14, 15). Bagay ki pwòp e ki bèl atire pifò moun. An jeneral, moun vle viv anpè youn ak lòt. Kit yo rann yo kont, kit yo pa rann yo kont, nan yon sans yo reflete glwa Jewova, e se poutèt sa yo merite onè ak respè kanmenm. — Sòm 8:5.

SE POU N EKILIBRE LÈ N AP BAY LÒT MOUN ONÈ

6, 7. Nan kesyon bay moun onè, nan ki sans Temwen Jewova yo diferan ak anpil moun?

6 Nou bezwen gen ekilib lè n ap chèche konnen ki kalite onè nou dwe bay lòt moun e nan ki degre nou dwe fè sa. Lespri monn Satan an gen gwo enfliyans sou pifò moun ki enpafè. Se sa k fè moun gen tandans konsidere kèk gason oswa kèk fi kòm idòl yo olye yo jis onore yo epi respekte yo yon fason ki apwopriye. Yo leve yon seri moun byen wo, tankou dirijan legliz yo ak chèf politik yo, vedèt spò yo, vedèt sinema yo, ak lòt moun ki selèb, e souvan yo prèske konsidere yo kòm zanj. Se sa k fè, jèn yo ak moun ki aje yo pran moun sa yo kòm modèl, petèt yo imite fason yo pale ak jès yo fè, fason yo abiye oswa konpòtman yo.

7 Vrè kretyen yo evite bay moun onè fason dwategòch sa a. Kris se sèl moun ki te pase sou tè a nou ka konsidere kòm yon egzanp pafè (1 Pyè 2:21). Bondye pa t ap kontan si n ta bay moun plis onè pase sa yo merite. Men yon verite fondamantal nou bezwen sonje: “Tout moun peche, e yo pa rive reflete glwa Bondye.” (Wom. 3:23). Vrèmanvre, pa gen okenn moun ki merite resevwa yon kalite onè ki sanble ak idolatri.

8, 9. a) Ki jan Temwen Jewova yo konsidere fonksyonè nan gouvènman yo? b) Jis nan ki pwen li kòrèk pou n kolabore ak fonksyonè sa yo?

8 Nan monn nan, gen kèk moun ki nan pozisyon kote yo gen otorite. Moun atann pou fonksyonè nan gouvènman yo fè aplike lalwa, pou yo fè gen lòd e pou yo pran swen sitwayen yo. Sa nan avantaj tout moun. Se pou rezon sa a, apot Pòl te konseye kretyen yo pou yo konsidere fonksyonè nan gouvènman yo kòm “otorite” kretyen yo dwe soumèt devan yo. Men enstriksyon li te ba yo: “Se pou nou bay tout moun sa nou dwe ba yo: yon moun ki egzije enpo, ba li enpo; [...] yon moun ki egzije onè, ba li onè.” — Wom. 13:1, 7.

9 Se sa k fè, Temwen Jewova yo dispoze bay sèvitè sa yo onè, jan peyi a ka atann sa oubyen jan moun ka abitye fè sa nan peyi a. Nou kolabore avèk yo lè y ap fè sèvis yo. Nòmalman, selon Bib la, onè ak kolaborasyon nou bay gen yon limit ki rezonab. Nou pa dwe rive nan pwen kote nou dezobeyi Bondye oubyen nou mele nan sa k pa konsène nou antanke kretyen. — Li 1 Pyè 2:13-17.

10. Ki jan sèvitè Jewova nan tan lontan yo kite yon egzanp pou nou nan relasyon yo te gen ak gouvènman yo ak fonksyonè yo?

10 Sèvitè Jewova nan tan lontan yo kite yon egzanp pou nou nan relasyon yo te gen ak gouvènman yo ak fonksyonè yo. Lè gouvènman women an te mande pou moun yo al fè anrejistre yo, Jozèf ak Mari te obeyi lòd sa a. Yo te vwayaje al Betleyèm malgre Mari te prèske akouche premye pitit li (Lik 2:1-5). Annapre, lè yo te akize Pòl kòmkwa li t ap fè sa ki mal, avèk respè, li te defann tèt li e l te bay wa Ewòd Agripa ak Festis, gouvènè Jide, yon zòn ki te anba dominasyon Women yo, onè yo merite. — Tra. 25:1-12; 26:1-3.

11, 12. a) Poukisa nou fè yon diferans ant fonksyonè nan gouvènman yo ak responsab nan relijyon yo? b) Ki bon rezilta sa te bay lè yon Temwen nan peyi Otrich te bay yon politisyen onè?

11 Sepandan, Temwen Jewova yo pa konsidere responsab nan relijyon yo kòm moun ki merite yon onè espesyal, menm lè responsab sa yo ta atann sa. Fo relijyon fè moun mal wè Bondye e yo tòde ansèyman ki nan Pawòl li a. Donk, nou respekte responsab nan relijyon yo menm jan nou respekte tout lòt moun, men nou pa ba yo yon onè espesyal. Nou sonje Jezi te denonse mesye sa yo nan epòk li a kòm moun ki ipokrit e kòm gid je pete (Mat. 23:23, 24). Okontrè, lè nou demontre bonjan respè pou fonksyonè nan gouvènman yo e nou onore yo jan n dwe fè sa, pafwa sa ka bay bon rezilta, menm rezilta nou pa t atann.

12 Leopold Engleitner se te yon Temwen zele ki moun peyi Otrich rejim Nazi a te arete e yo te voye l al travay nan kan konsantrasyon ki nan Boukennwald la. Doktè Heinrich Gleissner te yon prizonye ki te nan menm tren avè l. Li te yon politisyen peyi Otrich. Sepandan, rejim Nazi a pa t renmen l. Pandan vwayaj pou y al nan kan an, avèk respè, frè Engleitner te pale de kwayans li ak Gleissner ki te pran tan pou l koute l. Apre Dezyèm Gè mondyal la, pandan plizyè fwa, Gleissner te sèvi ak enfliyans li pou l ede Temwen yo nan peyi Otrich. Petèt ou sonje kèk lòt egzanp ki montre tout byenfè Temwen yo jwenn lè yo respekte fonksyonè nan gouvènman yo jan yo dwe fè sa, e yo ba yo onè jan Bib la mande kretyen yo pou yo fè sa.

LÒT MOUN KI MERITE ONÈ

13. Ki moun sitou ki merite respè ak onè, e poukisa?

13 Pa gen dout, moun ki fanmi nou nan lafwa merite onè ak respè, sitou ansyen yo k ap dirije nou. (Li 1 Timote 5:17.) Nou onore frè sa yo kèlkeswa nasyonalite yo, edikasyon yo, ran sosyal yo oswa sitiyasyon ekonomik yo. Bib la pale de yo antanke “gason kòm kado”, e yo jwe yon wòl enpòtan nan dispozisyon Bondye pran pou l pran swen pèp li a (Efe. 4:8). Panse ak ansyen yo nan kongregasyon an, siveyan sikonskripsyon yo, manm Komite filyal yo ak manm Kolèj santral la. Frè ak sè nou yo nan premye syèk la te gen gwo respè pou frè yo te nome pou dirije yo, e se menm santiman sa a nou genyen jodi a. Nou pa konsidere reprezantan òganizasyon an moun byen konnen yo tankou idòl oubyen nou pa aji an prezans yo kòmsi se zanj yo ye. Aktout sa, nou respekte frè sa yo e nou onore yo pou travay di yo fè e pou imilite yo. — Li 2 Korentyen 1:24; Revelasyon 19:10.

14, 15. Ki diferans ki genyen ant bèje yo nan kongregasyon an ak lòt moun ki fè konnen se bèje yo ye?

14 Moun rekonèt ansyen sa yo kòm bèje ki gen imilite. Yon prèv ki montre yo gen imilite se paske yo pa aksepte lòt moun trete yo tankou vedèt. Nan sans sa a, yo pa menm ak anpil responsab relijyon nan epòk nou an ansanm ak chèf relijye nan premye syèk la, yon seri mesye Jezi te di: “Yo renmen pi bèl plas nan gwo resepsyon yo ak plas devan nan sinagòg yo. Yo renmen pou moun salye yo sou plas piblik.” — Mat. 23:6, 7.

15 Vrè bèje yo nan kongregasyon an obeyi pawòl Jezi te di yo avèk imilite, lè l te di: “Pa fè yo rele nou anseyan, paske se yon sèl Anseyan nou genyen, tandiske nou tout se frè. Anplis de sa, pa rele pèsonn sou latè papa nou, paske sèl Papa nou genyen se Sila a ki nan syèl la. Pa kite yo rele nou gid, paske sèl Gid nou genyen se Kris. Men, moun ki pi enpòtan pami nou an dwe vin sèvitè nou. Nenpòt moun ki met tèt li byen wo, y ap rabese l, e nenpòt moun ki rabese tèt li, y ap leve l met byen wo.” (Mat. 23:8-12). Kidonk, ou kapab konprann rezon ki fè Temwen yo renmen ansyen yo nan kongregasyon yo sou tout kò tè a, yo respekte yo e yo onore yo.

Piske ansyen yo sèvi frè ak sè yo avèk imilite, sa fè yo renmen yo, yo respekte yo e yo onore yo. (Gade paragraf 13-15.)

16. Poukisa n dwe kontinye fè efò pou n konprann sa Bib la di sou kesyon onore lòt moun e pou n aplike sa n aprann yo?

16 Nou dwe admèt sa ka pran tan pou n rive jwenn bonjan ekilib k ap pèmèt nou konn ki jan pou n onore moun ak ki kalite moun pou n onore. Se konsa sa te ye tou pou kretyen yo nan premye syèk la (Tra. 10:22-26; 3 Jan 9, 10). Antouka, sa vo lapenn pou n aplike sa Bib la di sou kesyon onore lòt moun. Lè n rive jwenn bonjan ekilib nan kesyon sa a, n ap jwenn anpil byenfè.

BYENFÈ N AP JWENN LÈ N ONORE MOUN JAN N DWE FÈ SA

17. Site kèk avantaj ki genyen lè n onore moun ki gen otorite.

17 Tank nou demontre respè ak onè pou moun ki gen otorite nan monn nan, se tank y ap dispoze defann dwa nou genyen pou n preche san pwoblèm. Byen souvan, sa fè moun byen konsidere travay n ap fè a. Sa gen plizyè ane, Birgit, yon pyonye nan peyi Almay, t al nan gradyasyon lekòl pitit fi l la t ap fè. Pwofesè yo te di Birgit yo te kontan travay ansanm ak timoun ki Temwen yo nan ane ki sot pase yo. Yo te di se t ap yon wont si yo pa ta gen timoun ki Temwen nan lekòl la. Men sa Birgit te esplike: “Nou aprann timoun nou yo suiv prensip Bondye bay sou fason pou moun konpòte yo, e sa gen ladan l demontre respè ak onè pou pwofesè yo.” Men sa yon pwofesè te di: “Si tout timoun te tankou timoun nou yo, lè n ap anseye se t ap tankou nou nan yon paradi.” Plizyè semèn annapre, youn nan pwofesè yo te asiste yon kongrè nan Leipzig.

18, 19. Poukisa l enpòtan pou n onore ansyen yo jan n dwe fè sa?

18 Natirèlman, pou n onore ansyen yo jan n dwe fè sa, sa mande pou n kite prensip nou jwenn nan Pawòl Bondye a gide nou, yon seri prensip ki pafè e ki plen sajès. (Li Ebre 13:7, 17.) Nou kapab felisite yo pou travay di yo fè e n ta dwe fè sa, epitou, nou bezwen fè efò pou n suiv direksyon yo bay. Lè n fè sa, sa ka ede yo kontinye fè travay yo ak kè kontan. Men, sa pa vle di n ap eseye imite fason yon ansyen ki gen “gwo renome” abiye, aparans li, fason l ye lè l ap pale an piblik, oubyen menm pou n ta imite stil li lè l ap pale. Si n ta fè sa, sa t ap bay yon move enpresyon. Nou pa dwe bliye li menm tou li se yon moun ki enpafè. Se Kris ki modèl nou dwe suiv e se li nou dwe imite.

19 Lè n onore ansyen yo e nou respekte yo jan n dwe fè sa, toutpandan nou pa konsidere yo tankou vedèt, se ede n ap ede yo. Nou fè l vin pi fasil pou yo evite gen ògèy, pou yo vin santi yo siperyè oubyen yo pi dwat pase tout moun.

20. Lè n onore lòt moun, ki jan sa ede nou?

20 Lè n onore lòt moun ki merite onè, sa anpeche n wè tèt nou sèlman. Sa fè n evite vin twò kwè nan tèt nou si yo ta onore nou. Epitou, sa pèmèt nou mache sou menm pa ak òganizasyon Jewova a, yon òganizasyon ki pa bay moun twòp onè, kit yo kwayan kit yo pa kwayan, oswa ki pa ba yo yon onè yo pa merite. Mete sou sa, sa demontre sajès òganizasyon an genyen, paske sa ap anpeche n bite si yon moun nou onore ta desevwa nou.

21. Ki pi gwo byenfè n ap jwenn lè n onore moun nou dwe bay onè jan n dwe fè sa?

21 Pi gwo byenfè n ap jwenn lè n onore moun nou dwe bay onè jan n dwe fè sa sèke n ap fè Bondye plezi. Nou konpòte nou jan l vle a, konsa nou ret fidèl avè l. Sa pèmèt li jwenn yon repons pou l bay kèlkeswa opozan ki ta eseye pwovoke l (Pwo. 27:11). Monn nan chaje ak moun ki pa fin byen konprann ki jan pou yo onore lòt moun. Vrèmanvre, nou gen Jewova rekonesans dèske n konnen fason pou n onore lòt moun jan l vle a.