Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki sa Wayòm Bondye a ye?

Ki sa Wayòm Bondye a ye?

Anpil moun ap priye pou Wayòm Bondye a vini, men, èske w te janm mande tèt ou ki sa Wayòm Bondye a ye e ki sa l pral fè?

ANN EGZAMINE SA BIB LA DI:

  • Ki sa Wayòm Bondye a ye?

    Se yon gouvènman nan syèl la ki gen Jezi Kris k ap dirije antanke Wa ladan l. — Ezayi 9:6, 7; Matye 5:3; Lik 1:31-33.

  • Ki sa Wayòm Bondye a pral fè?

    Li pral efase tout sa ki mal e l ap fè moun viv sou tè a nan lapè nètale. — Dànyèl 2:44; Matye 6:10.

  • Ki sa sa vle di chèche Wayòm nan an premye?

    Sa vle di soutni Wayòm nan epi gen konfyans se sèlman li menm ki pral fè bagay yo vin jan Bondye vle yo ye a sou tè a. — Matye 6:33; 13:44.