Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Se pou Wayòm ou an vini” — Yon priyè plizyè milyon moun ap resite

“Se pou Wayòm ou an vini” — Yon priyè plizyè milyon moun ap resite

Èske w te janm priye pou Wayòm Bondye a vini? Depi plizyè syèk, gen plizyè milyon moun k ap resite pawòl sa yo: “Se pou Wayòm ou an vini.” Poukisa yo priye konsa? Se paske Jezi te mande pou disip li yo priye pou Wayòm Bondye a.

Okòmansman, disip Jezi yo pa t fin byen konprann tout bagay li te di konsènan Wayòm nan. Yon lè, yo te mande Jezi: “Seyè, èske se nan tan sa a w ap met wayòm Izrayèl la sou pye ankò?” Sandout, yo te sezi lè Jezi pa t ba yo yon repons dirèk (Travay 1:6, 7). Èske sa vle di nou pap ka rive konnen ki sa Wayòm Bondye a ye e ki lè l ap vini? Non, se pa sa ditou!

Toudegad sa a pral ede w jwenn repons kesyon ki vin apre yo:

  • Poukisa nou bezwen Wayòm Bondye a?

  • Kiyès ki Wa nan Wayòm Bondye a?

  • Ki lè Wayòm Bondye a pral dirije tè a?

  • Ki sa Wayòm Bondye a pral fè?

  • Poukisa nou dwe chwazi soutni Wayòm Bondye a depi kounye a?

  • Ki sa Wayòm Bondye a ye?